Aller au contenu

Mobilisations

Enlazando Alterantivas 2 / Resolutions et Declaration finale

A Vienne, en mai 2006 et pour la quatrième fois depuis 1999, a eu lieu le sommet des chefs d’Etat et de gouvernements d’Amérique latine, des Caraïbes et de l’Union européenne. Parallèlement à la réunion officielle, des mouvements sociaux et des organisations sociales et politiques ont organisé des rencontres alternatives appelées « Enlazando Alternativas 2» (Tisser des Alternatives). Voici la déclaration finale de ce contre sommet :

Lire la suite »Enlazando Alterantivas 2 / Resolutions et Declaration finale

Kolektif Mobilizasyon kont Lavichè

Sa pra l fè yon lane depi Kolektif la lanse l nan batay kont lavichè a. Batay pou pri gaz, manje, lekòl, lasante, kay, desann pou malere ak malerèz ka rale yon souf. Gouvènman Bonifas-Latòti a ansanm ak boujwazi rapas la, nan okenn moman pa janm montre yo enterese nan demach sa a. Okontrè, yo rete fèm sou pozisyon yo, kòmkidire, mas yo dwe kokobe anba lamizè. Nan sans sa a, nou dwe raple Gouvènman peyi Venezwela, nan plizyè okazyon, envite Ayiti pou l rantre nan Petwo Karibe. Yon pwojè ki te ka bay Ayiti yon okazyon menm jan ak 13 lòt peyi k ap patisipe nan Pwojè sa, pou li achte gaz la nan yon pri ak kondisyon ki te ka pèmèt leta ayisyen rantre plis resèt sou pri pwodi petrolye epi ede popilasyon an rale yon souf. Gouvènman Latòti a pito fè lago kache, bay manti, fè laviwondede nan peyi Meksik, desann Trinidad kote yo pap jwenn avantaj Venezwela ap bay la. Nan jou ki te dimanch 5 mas 2006 la, yon fwa ankò, Prezidan Tchavèz raple volonte li genyen pou Ayiti ta vin manm Petro Karibe.

Lire la suite »Kolektif Mobilizasyon kont Lavichè

Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen sètoblije retire kò l nan Platfòm Nasyonal Òganizasyon Peyizan Ayisyen (PLANOPA)

Tèt Kole, nan pratik batay chak jou li, toujou demontre, li pa janm dispoze danse kole, fè alyans, rantre nan Platfòm ak okenn òganizasyon peyizan malatchonn, okenn pati ak òganizasyon politik tradisyonèl, okenn òganizasyon tèt chat lavil tankou nan bouk ki bay tèt yo grad « popilè », ki gen move pratik epi ki pap batay nan sans enterè fondalnatal klas popilè yo ki anba dominasyon fyèl pete boujwa, grandon ak gwo peyi sousèt yo.

Lire la suite »Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen sètoblije retire kò l nan Platfòm Nasyonal Òganizasyon Peyizan Ayisyen (PLANOPA)

Pwoblematik Emansipasyon Fanm Peyizan yo

  • par

Depi deja plis pase twa syèk, batay fanm yo pou konstwi yon sitwayènte a kòmanse. Daprè sa listwa sosyete ki pi pre nou yo fè nou konnen, patisipasyon fanm yo te genyen nan revolisyon fransèz la pa egzanp, pat pèmèt fanm yo gen okenn rekonesans dwa sitwayènte. Se sak fè gwo dokiman revolisyon an ki rele: “Déclaration des droits de l’homme et du citoyen” ki montre kouman peyi a rekonesan anvè sitwayen li yo, pat rekonèt patisipasyon fanm yo. Se sak fè « Olympe de Gourges » yon sitwayèn peyi Lafrans apre li te fin analize dokiman sa, te jije nesesè pou li te ekri yon dokiman pou montre patisipasyon fanm yo. Dokiman sa rele : « Déclaration des droits de la femme et de la citoyenne ». Zak sa te lakòz gouvènman fè koupe tèt li sou laplas piblik nan lane 1793.

Lire la suite »Pwoblematik Emansipasyon Fanm Peyizan yo