210 lane depi gran jeneral lame revolisyonè yo deklare Ayiti endepandan
Ayiti, se pitit yon batay revolisyonè ki te long. Si ak seremoni ou byen kongrè Bwa Kayiman 14 out 1791 lan, lagè kont esklavay la pran yon karaktè òganize, men santiman revòl la te toujou abite chak grenn esklav. Anvan menm yo te kòmanse mawonnen, yo t ap souke kò yo nan bato ki t ap mennen yo bò isit. Ak Boukman ak tout lòt militan fanm tankou gason ki te patisipe nan moman solanèl la, mak fabrik enzireksyon an chanje. Li soti nan yon ‘’chak moun sove po w » pou li rantre nan yon lame òganize ak tout disiplin epi moral yon lit revolisyonè mande. Mas esklav yo, yo te rele nouvo lib yo, te fòme fòs prensipal lit la ki te toujou anfas ansyen lib yo ki te fòme fòs dirijan lit la. Pèp revolisyonè a ak viktwa sa a kreye yon peyi ak tout kontradiksyon klas ki te kòmanse mare depi lagè kolonyal. Rapò sosyal klas yo malgre yon mòd pwodiksyon tou nèf, pa te chanje anpil apre 1804.
Lire la suite »210 lane depi gran jeneral lame revolisyonè yo deklare Ayiti endepandan