8 mas 2007: Jounen entènasyonal fanm
Nan okazyon 8 mas la, nap sonnen kòn lanbi solidarite pou fanm Ayisyèn yo kap soufri tout kalte vyolans fizik, sikolojik, ak ekonomik, akòz yon okipasyon militè epi piyaj resous ekonomik peyi a.
Depi mitan lane 2004, Ayiti ap soufri anba yon okipasyon militè Nazyon Zini atravè MINUSTHA ki swadizan gen misyon pou diminye vyolans epi pwoteje dwa moun ak asire sekirite popilasyon an. Apre 2 lane, nou kapab di klèman MINUSTHA echwe. Sòlda ki swadizan te vini pou mete lapè, pwouve yo se yon fòs okipasyon kap vyole dwa popilasyon an, sitou dwa fanm ak dwa tifi.