DEKLARASYON # 2
Menm jan ak plizyè lòt « eleksyon » ki fèt apre 7 fevriye 1986, gagòt 28 novanm 2010 la mete nou devan divès kalite pwoblèm. BATAY OUVRIYE deja denonse vre wòl lenmi pèp ayisyen an jwe e ap kontinye jwe sou divès fòm. Tou dabò, nou dwe klè 28 novanm se yon moman nan tout sa yo rele “pwosesis elektoral” yo a. Gen lòt pwoblèm trè serye nou dwe lonje dwèt sou yo epi ranmase tout detèminasyon nou pou nou toke kòn ak yo. Lènmi yo sou yon bò, mas popilè yo, travayè yo sou yon lot bò : 2 kan. Sou kesyon enterè reyèl yo, nou gen pou byen delimite yo, byen separe youn ak lòt. Men, nan pratik politik konkrè yo, li pa senp. Pou avansman lit nou yo nou dwe konprann pratik yo. E la ankò 28 novanm la enpòtan.
Lire la suite »Deklarasyon BATAY OUVRIYE sou pwosesis elektoral la