Aller au contenu

Deklarasyon òganizasyon peyizan, òganizasyon popilè, òganizasyon fanm elatriye sou enpòtasyon pistach Blan Meriken yo

Nou menm reprezantan 50 Federasyon ak òganizasyon, ki sòti nan 10 depatman yo e ki te reyini nan Montrouis sòti 10 pou rive 21 jiyè nan okazyon reyalizasyon Inivèsite Popilè a pou ane 2016 la, nou aprann ak anpil sezisman ak endiyasyon Depatman agrikilti peyi Etazini (USDA) gen lentansyon voye nan peyi a 2 chajman pistach – premye chajman 500 tòn metrik prevwa pou li rive pandan mwa out 2016 la. Pistach sa yo gen pou distribiye nan lekòl pou soulaje malnitrisyon 140.000 timoun, dapre deklarasyon Gouvènman meriken.

Nap pwoteste kont desizyon sa a e nap mande Ministè agrikilti (MARNDR) pou li kanpe sou enpòtasyon pistach la pou rezon sa yo:

1.- Pistach sa yo yap voye ban nou se paske gen twòp kantite pistach yo pwodwi nan peyi Etazini e gen pwoblèm twòp pistach ak pwoblèm estokaj. Peyi Dayiti pa dwe tounen poubèl !!


2.- Ayiti pwodwi plizyè dizèn milye tòn metrik pistach chak ane. Menmsi pwodiksyon an bese anpil depi 2014 aktivite sa a rete enpòtan, kote souvan se pistach ak pwa kongo ki se 2 pwodiksyon ki pèmèt fanmi peyizan yo reziste anba frap sechrès la, nan plizyè rejyon nan peyi a. Gen 150.000 ti peyizan ki nan aktivite plante pistach nan de rejyon tankou Beladè, Tomonde, Tomasik, Sèkalasous, Gonayiv, Gran Basen, Kapotiy, Wanament, Okay, Aken, Tigwav, Plaine du culte de sac, La Gonâv, Jakmèl, Jeremi ak plizyè lòt zòn ankò. Gen plis pase 10.500 travayè, fanm kou gason, ki nan biznis fabrikasyon manba. San konte plizyè milye fanm ki nan aktivite pwodiksyon ak komèsyalizasyon tablèt pistach, pistach griye, pistach dous, tchanm tchanm, elatriye

3.- Se tout travayè, fanm kou gason, ak ti antrepriz, enpòtasyon sa a ak lòt kap vini yo ap mete an danje, nan kase pri pistach la sou mache nasyonal la. Nou tout konnen kijan yon volim enpòtan èd alimantè toujou ateri sou mache yo pou fè konkirans ak pwodwi lokal yo.

4. Nou pa kwè gen okenn etid serye ki montre pistach la ka batay tout bon vre kont malnitrisyon timoun.

5.- Nou sonje ak anpil doulè sa ki pase nan peyi a ak masak kochon kreyòl yo nan koumansman ane 80 yo e sak pase ak diri pèpè ki anvayi nou depi ane 87 yo. Nou pap aksepte menm bagay la rive nan pistach la !

Nou mande otorite Leta yo pou yo voye jete kado pwazon sa a ki sanble tèt koupe ak plan lanmò a e ki ka kraze aktivite pwodiksyon, transfòmasyon ak komèsyalizasyon pistach la nan peyi an e ki ka lage divès aktè yo nan plis mizè ak chomaj.

Nou ekzije pou Leta pran oserye kantin eskolè yo pou yo achte pito pwodwi lokal bon kalite pou sèvi ladan yo nan respè kilti popilasyon. Leta dwe pran dispozisyon tou pou asire kantin sa yo bay timoun nou yo yon manje ki korèk. Kòb ki pwal sevi pou transpòte nan bato 500 tòn pistach sa a poukisa yo pa sèvi avè l pito, si sa te yon èd tout bon vre, pou finanse pwodiksyon agrikòl la e apiye acha pwodwi lokal pou kantin yo.

Nou mande pou yo kore pwodiktè pistach yo nan ede yo travay nan pi bon kondisyon, ede yo batay kont ewozyon. Nou mande pou bonjan dispozisyon pran pou amelyore kalite manba nou an ki gen yon gwo potansyèl devlopman sou mache nasyonal la ak nan dyaspora a.

Nou mande pou Gouvènman peyi a chanje politik e apiye pwodiksyon nasyonal la tout bon vre e pi espesyalman agrikilti fanmi peyizan yo ki se kolonn vètebral peyi a depi plis pase 200 zan. Nou pwofite denonse desizyon ki pran pou bay yon antrepriz ayisyèn pou pwodiksyon pit 4000 kawo tè kawo nan Nodès la, nan zòn ki ka fè manje, a. Se pa pwojè sa yo ki ka fè Ayiti fè pwogrè. Okontrè yap lage plis grangou ak plis dezespwa nan mitan popilasyon peyi a.
Nou siyen deklarasyon sa a nan Monwi jou ki 20 Jiyè 2016

Pou w ka wè òganizasyon ki siyen nòt sa, telechaje dokiman sa:
Deklarasyon oganizasyon yo sou kesyon pistach la Oganizasyon ki siyen nòt la