Aller au contenu

Konferans-deba sou kesyon tè a nan peyi d Ayiti, 16 Oktòb 2014

Platfòm Ayisyen kap Plede pou yon Devlòpman Altènatif (PAPDA) retire chapo l byen ba pou l salye tout kanmarad, tout òganizasyon ki kontinye ap bay jarèt nan mobilizasyon tout fòs sosyal yo pou nou rive tabli yon chanjman tout bon vre nan politik piblik kap aplike nan peyi a, sitou nan sa ki gen pou wè ak agrikilti familyal peyizan yo.

Se nan sans sa, PAPDA, nan tèt kole ak plizyè lòt òganizasyon patnè, pran plezi pou li envite w vin patisipe nan yon gwo konferans-deba kap fèt nan HOTEL LE PLAZA, sou Channmas, jou kap JEDI 16 OKTÒB 2014 la, soti 9vè nan maten pou rive Midi, sou tèm : « KESYON TÈ A NAN MITAN POLITIK PIBLIK GOUVÈNMAN AN AP METE ANPLAS : KI DEFI POU PEYI A AK DWA GRANMOUN NOU NAN ZAFÈ LAMANJAY ? ».

Nan kad konferans sa, plizyè entèvenan ap gen pou analize oryantasyon politik ekonomik Gouvènman an, epi gade kijan kesyon tè a poze nan politik ekonomik yo? Ki plas agrikilti peyizan an gen nan mitan politik sa yo? Epi tou ki jan mouvman peyizan yo wè kesyon tè a? Ak kijan yap òganize yo pou defann agrikilti peyizan an.

Li enpòtan anpil pou nou reponn prezan nan gwo konferans deba sa ki ap pèmèt nou debat ansanm, brase lide epi konprann ki gwo defi ki devan peyi a, devan mouvman ak òganizasyon peyizan yo, ak gwo menas ki genyen sou mwayen pwodiksyon yo, sou resous nou yo, dwa granmoun peyi a nan zafè lamanjay, ak tout dwa grandèt majè nou sou bout tè peyi a. Espas sa pral sèvi tou pou nou chache ansanm ki pi bon estrateji pou nou rive pwoteje enterè klas peyizan yo, kont tout politik ki ap mete peyizan pwodiktè/pwodiktèz yo deyò sou bout tè yo pou pèmèt gwo zouzoun ak antrepriz miltinasyonal yo vin yaya kò yo epi retabli lesklavaj nan milye riral la ak enstalasyon zòn franch endistriyèl, zòn franch agrikòl ak eksplwate Min yo.

Pandan nap espere òganizasyon w lan ap vin patisipe nan deba sa, epi kontinye sipòte batay òganizasyon peyizan yo, PAPDA di w kenbe fèm, pa lage.