Aller au contenu

Ilavach se pwopriyete nasyon an, okenn pouvwa pa gen dwa fè dappiyank sou li pou remèt li bay konpayi prive ak gwo miltinasyonal pou fè piyay

Depi ekip Mateli-Lamòt la monte sou pouvwa a, yo pa janm sispann di Ayiti louvri pou biznis. Pwojè sa a pa anyen dòt pase fè peyi a tounen yon gwo zòn franch pou faktori ranmase fòs kouraj travayè pou granmesi, pran bon venn tè ti peyizan yo, sa ki ka bay plis manje yo, pou mete beton sou yo oswa fè yo tounen zòn franch pou gwo zotobre oswa gwo konpayi fè agrikilti oubyen deplòtonnen pwojè touris.


Nan ka Ilavach la, pouvwa Mateli-Lamòt la deside fè dappiyank sou tout zile a pou fè l tounen yon zòn franch touristik. Pou sa, gouvènman an soti pou l pouse do tout popilasyon Ilavach la pou al anpile yo tankou sadin nan yon seri ti kwen sou zile a. Ak pwojè gwo ponyèt sa a, pifò abitan zile a ki gen kòd lonbrit yo mare ak agrikilti, elvaj ak lapèch pou yo ka viv, pa wè kijan yo pral kontinye viv, dèske gouvènman an sezi tout zile a pou remèt li bay gwo konpayi prive pou devlope pwojè touris, pandan li lage popilasyon an 2 bra pandye.

Nan kad pwojè privatizasyon Ilavach la, pouvwa Mateli-Lamòt la pwomèt pou li konstui chenn otèl, teren gòlf ak yon ayewopò entènasyonal nan zile a, toupre yon lòt ayewopò k ap konstui Okay. Eske se lò ki nan galyon anba lanmè Ilavach la gouvènman an dèyè ranmase pou voye vann ankachèt? Nan Ilavach, gen gwo pwoblèm lekòl, lopital, dlo ak lòt sèvis de baz yo, men se pa amelyorasyon kondisyon lavi popilasyon an ki enterese pouvwa a. Sa ki enterese yo se fè lajan epi fasilite piyaj zile a!

Douvan gwo menas ki pandye sou tèt popilasyon Ilavach la, li te oblije leve kanpe pou mande otorite yo bonjan esplikasyon sou pwojè a. Peyizan yo di non, yo pap deplase kite jaden yo, bèt yo, zòn lapèch yo ak lòt mwayen yo genyen pou yo viv. Rezistans popilasyon an te lakoz Minis Touris la desann al rankontre Konbit Peyizan Ilavach (KOPI) nan fen ane 2013 la. Minis lan te pwomèt pou li kanpe sou travay k ap fèt yo, annatandan diskisyon yo fini. Men, malgre antant sa a, gouvèlman Mateli-Lamòt la deside anplwaye lafòs pou enpoze sa yo rele «pwojè devlopman Ilavach la». Apre gwo manifestasyon popilasyon an te òganize 7 fevriye sou zile a, gouvèlman an voye yon santèn polisye BIM pou al bimen popilasyon an k ap fè rezistans kont pwojè a. Konsa, nan lannuit 8 pou louvri 9 fevriye, Polisye BIM ak UDMO maspinen plizyè moun nan popilasyon an. Pami yo Rosena MASENA, Charles LAGUERRE, Bertin SIMILIEN ak Maxo BELL yo woule anba kout baton.

Pou tout rezon sa yo, nou menm nan Inisyativ MPDP, nou leve vwa nou byen wo pou pote solidarite nou bay popilasyon Ilavach la. Nan sans sa a nan Inisyativ MPDP nou mande :
1) Pou popilasyon Ilavach la rete veyatif epi kontinye mobilize kont pwojè pou fè Ilavach tounen yon zòn franch touristik, kote pouvwa a vle deplase popilasyon an, mete l nan yon kwen pou bay touris banbile epi pou miltinasyonal vin piye;
2) Pou popilasyon an kontinye batay pou Leta konstui bon lekòl ak lopital epi mete sou zile a tout lòt sèvis de baz ki pou pèmèt fanm ak gason viv nan diyite ;
3) Pou moun Ilavach ki nan vil Okay, nan Pòtoprens ak lòt militan nan vil sa yo, kòmanse kanpe komite solidarite pou kanpe bò kote popilasyon Ilavach la k ap defann dwa yo;
4) Pou tout militan ak òganizasyon konsekan nan kat kwen peyi a, leve kanpe, pou akonpaye popilasyon Ilavach la nan batay sa a;
5) Pou òganizasyon dwa moun yo al founi je gade sa k ap pase nan zile a, pou evite fòs represyon gouvènman an fè masak sou popilasyon Ilavach la.

Pòtoprens, 18 fevriye 2014

Lis òganizasyon ki manm Inisyativ MPDP:

• Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPNKP),

• Pati KAN PÈP LA,

• Solidarite Fanm Ayisyèn-SOFA,

• Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK),

• Kòdinasyon Rejyonal Oganizasyon Sidès (KROS),

• Rasanbleman Pwogresis Sid (RPS),

• Kay Fanm,

• Ayiti Djanm,

• Fòs Refleksyon ak Aksyon Sou Koze Kay (FRAKKA),

• Mouvman Revandikatif Peyizan San Tè / Latibonit (MRPST),

• Solidarite Ant Jèn (SAJ/Veye yo),

• Komite Rezistans Popilè Benoit Batraville (KRPBB),

• Mouvman Demokratik Popilè (MODEP),

• SEK GRAMSCI,

• Gwoup Refleksyon Moise Louverture (GRML),

• Mouvman Oganizasyon Gwoupman Peyizan Karis (MOGPK),

• Mouvman Oganizasyon Pou Devlopman ak
Desantralizasyon Nò ak Nodès (MODOD),

• Kòdinasyon Rejyonal Nip (KORENIP),

• Konbit Pou Yon Lòt Ayiti (KPLA),

• Mouvman Peyizan Papay (MPP),

• Konbit Travayè Peyizan Pou Libere Ayiti (KONTRAPEPLA),

• CHANDEL,

• Kolektif Solidarite Pou Idantite ak Libète (KSIL),

• Komite Relèvman Divivye (KRD),

• Konbit Peyizan Nip (KPN),

• Coordination Des Militants Pour Le Developpement 11e et 12e / Petit-Goâve (CMD-OD),

• Federasyon Gwoupman Peyizan Bèlfontèn (FGPB),

• Platfòm Revandikatif Peyizan Latibonit (PREPLA),

• Fédération Nationale Des Producteurs de Riz Haïtien (FENAPRIH),

• Konbit Peyizan Grandans (KPGA),

• Mouvman Inite Pèp Okay (MIPAK)

Pou otantifikasyon :

Ernst Mathurin / GRML

Eveline Larrieux / SOFA

Ollery Saint Louis / Ayiti Djanm

Pierre André Geffrard / KRPBB

Guy Numa / MODEP