Aller au contenu

Deklarasyon Jezwit Ayiti yo, kolaboratè ak kolaboratris epi zanmi Konpayi Jezi yo nan okazyon kloti Fowòm Entènasyonal Jezwit la, ki te tanmen nan Boulva 15 Oktòb, nimewo 18, nan Komin Taba, Pòtoprens, Ayiti, nan dat 9 pou rive 12 janvye 2014

Pou tout frè ak sè Ayisyen ak Ayisyèn nou yo k’ap viv nan peyi a ak nan letranje,

Pou tout frè ak sè nou yo toupatou sou latè, espesyalman sila yo ki te solidarize ak nou epi ki toujou ap solidarize avèk nou depi gwo boulvès 12 janvye 2010 la,

Pou Responsab politik yo : Prezidan Repiblik la, Mesye Joseph Michel Martelly; Premye Minis la, Mesye Laurent Salvador Lamothe; Minis yo; Sekretè Leta yo; Direktè jeneral yo; Senatè ak Depite yo; Majistra yo ansanm ak tout lòt Responsab Leta yo,


Pou Responsab Reprezantasyon Diplomatik yo ki akredite nan peyi a, ak enstitisyon miltilateral, bilateral epi ONG entènasyonal yo,

Pou Responsab anndan tout konfesyon ak relijyon ki sou tèren an,

Pou desidè sosyal avèk ekonomik peyi nou an,
Pou tout gwo potanta ki gen pouvwa ekonomik (responsab antrepriz transnasyonal ak nasyonal yo),
Pou responsab medya ak jounalis ki tabli an Ayiti ak tout lòt kote sou tè a,

Pou tout frè ak sè nou yo, responsab ansanm ak manm òganizasyon sosyete sivil Ayiti a k’ap lite pou yon Ayiti tou nèf ansanm ak pou yon mond kote ki gen plis jistis,
Elatriye.

Nou menm Jezwit peyi d’Ayiti ak plizyè lòt peyi, kolaboratè ak kolaboratris nou yo ansanm avèk zanmi Konpayi Jezi a, ki reyini ansanm nan Fowòm Entènasyonal Jezwit yo an Ayiti depi jedi 9 janvye 2014 la anndan Sant Pedro Arrupe sou Boulva 15 Oktòb la, nan nimewo 18, nan Komin Taba, nan Pòtoprens, nou koube byen ba pou nou salye tout frè ak sè nou yo.

Kat (4) lane apre katastwòf sa a te fin sakaje peyi nou Ayiti jouk nan zo, nou vle :

– Montre devan je tout piblik la rekonesans nou devan tout sila yo ki te manifeste gwo solidarite avèk nou ak tout jenewozite epi senserite. Te genyen anpil moun ki te fè sa ak anpil enstitisyon ki te sòti toupatou sou fas tè a,

– Reflechi sou konsekans katastwòf sa a gen sou reyalite peyi a jouk jounen jodi a, sou kowoperasyon entènasyonal ki egziste depi dat la ak sou pèspektiv nou genyen pou avni peyi a.

– Drese bilan aksyon Jezwit yo apre Tranblemantè a epi rann kont devan je tout piblik la sou don nou te resevwa pou pote sekou bay frè ak sè nou yo ki te nan gwo difikilte.

– Mete piblik la okouran Plan Aksyon nou pou 5 lane k’ap vini yo

Nou vle yon lòt fwa ankò manifeste devan je piblik la kominyon sere ak sensè nou ak tout viktim katastwòf tèrib sa a, montre gwo rapwòchman nou genyen ak frè ak sè nou yo ki te soufri epi ki kontinye ap soufri depi jou sila a. Anpil ladan yo touche nan pwòp kò yo, anpil te pèdi youn oubyen plizyè moun pa yo, tout byen konsiderab yo te posede : Gen anpil lòt moun ki kontinye ap viv anndan abri pwovizwa nan kondisyon ki pa fin kòrèk, san fòs ni okenn lespwa.

Pandan Fowòm nan, nou te sonje avèk anpil rekonesans gwo kokenchenn mouvman konpasyon ak jenewozite ki te travèse tout pèp sou fas tè a epi ki te reyalize sou divès fòm anfavè pèp ayisyen an ki t’ap soufri. Eksperyans solidarite moun pou moun sa a, solidarite ant kretyen yo ak pwochen yo, ak lòt la, pa souvan parèt klè nan istwa konsa! N’ap kontinye di MÈSI, yon gwo kout MÈSI nan tout dimansyon chèn solidarite sila a.

Nou te konstate tou, avèk anpil doulè, fason gwo van lespwa ki te soufle apre tranblemantè a, menm van lespwa ki te fè nou kwè Ayiti t’apral genyen yon alemye a, te tounen, 4 lane apre, yon kochma, yon dezolasyon total kapital :

– Plis pase 175.000 frè ak sè, konsitwayen ak konsitwayèn nou yo, toujou ap viv anba tant ak nan abri pwovizwa frajil

– Yon vrè plan rekonstriksyon nasyonal (global, patisipatif, reyalis) rete yon rèv ki pa gen bout

– Kòz ki esplike gwo kantite viktim katastwòf 12 janvye 2010 la te fè a toujou rete vivan epi pa janm jwenn yon prizankont reyèl bò kote responsab Leta yo (konstriksyon nenpòt kijan, san obsève nòm parasismik yo, administrasyon peyi a ki rete santre pi rèd, lamizè ak bann moun k’ap kite andeyò pou ale lavil, gwo mank nan koze edikasyon popilasyon an sou fason pou jere ris ak dezas natirèl yo, el.)

– Tout soufrans sosyete ayisyèn la nan moman an pa ko prèt pou jwenn bon jan solisyon: povrete nèt al kole, pratik mete moun sou kote nan sosyete a, inegalite brital, feblès nan baz Leta, devalorizasyon travay ak salè ki pa reponn a bezwen moun yo, el.

– Ogmantasyon vag migrasyon popilasyon nou an pou ale nan lòt peyi ki tou pre yo

– Pwomès bayèdefon bilateral ak miltilateral yo te fè nan Konferans Nouyòk la nan mwa jen 2010 la pa kenbe
– Nan anpil ka, plis pase 90% lajan gwo peyi oksidantal yo te dekese retounen kote yo te sòti a san yo pa vrèman ede viktim tranblemantè yo ak antrepriz peyi a

– Mepri pou aktè nasyonal yo (Leta, òganizasyon sosyal, el.) nan priz desizyon pou rekonstwi peyi a.
Ak konsyans nou genyen de konsta sila a, anba mouvans Lespri a ki te enspire Jezi nan Sinagòg Nazarèt la nan kòmansman misyon apostolik li a (Lik 4, 18-19), epi nan yon kominyon sere sere ak frè ak sè nou yo, ki te viktim tranblemantè 12 janvye 2010, epitou mete avèk tout gason ak tout fanm ki genyen bòn volonte sou tout fas tè a, n’ap envite:

– Responsab politik yo, espesyalman gouvènman an avèk tout moun ki okipe gwo plas nan fonksyon piblik la pou yo pran responsablite yo oserye epi travay pou bay peyi a yon vrè plan nasyonal devlopman, espesyalman yon politik nasyonal sou fason pou moun konstwi kay epi abite, pou yo pran tout mezi ki nesesè pou derasinen koz ki esplike gwo kantite viktim tranblemantè a.

– Moun ki gen pouvwa desizyon onivo entènasyonal yo (gouvènman yo, enstitisyon entènasyonal yo, òganizasyon ki anndan sistèm Nasyonzini yo) pou yo respekte fèm volonte sitwayen peyi yo pou ede Ayiti san yo pa tann anyen an retou epi pou yo aplike plis etik nan relasyon ekonomik ak politik y’ap devlope ak peyi nou an.

– Elit ekonomik nasyonal ak entènasyonal yo (chèf antrepriz ayisyèn ak etranjè yo yo, responsab enstitisyon finansyè yo nan nivo lokal ak entènasyonal) pou yo pa fè bèk atè devan gwo pouvwa lajan ak pwofi, men pou yo kite kri pòv yo touche yo epi mobilize yo.

– Responsab divès konfesyon ak relijyon k’ap travay an Ayiti pou yo pran konsyans jan responsablite nou genyen vizavi devlopman peyi sa a lou anpil, epi pou nou makònnen jefò nou pou fòme konsyans moun k’ap mache avèk nou yo, konsa nou va kapab fè chak grenn sitwayen peyi sa a vin pi konsyan de dwa li, men plis ankò pou yo vin pi konsyan de devwa yo anvè peyi a.

– Òganizasyon ayisyèn yo anndan sosyete sivil la, òganizasyon kominotè yo nan zòn nan andeyò nou yo ak nan zòn ki anviwonnen vil yo pou yo lite san pran souf ak tout senserite pou yon Ayiti tou nèf. Nou anvizaje espesyalman òganizasyon sa yo k’ap akonpanye viktim tranblemantè 12 janvye 2010 la pou yo kontinye batay la avèk anpil kouraj epi yon konsyans klè sou fason avni peyi a depann de jefò pa yo tou.

– Ayisyen ak Ayisyèn nan dyaspora a, espesyalman òganizasyon ayisyen k’ap lite pou yon Ayiti tou nèf, pou yo konnen jefò yo jwenn anpil bon jan apresyasyon pa bò kote pa nou, epi yo reprezante yon fòs iranplasab nan pwojè pou konstwi yon sosyete ayisyèn jis, demokratik epi k ap prospere.

– Tout frè ak sè nou yo, Ayisyen ak Ayisyèn, k’ap viv nan peyi a, pou yo tire leson apati esperyans tranblemantè 12 janvye 2010 la. Annou sèmante ansanm n’ap makònnen jefò nou ansanm, nan yon gwo feso jenewozite, solidarite ak sitwayènte pou konstwi yon peyi òganize, fò, prospè epi ki kapab pwoteje tout pitit li yo devan konsekans kèlkeswa fòm katastwòf natirèl la.

Viv Ayiti! Se pou peyi a leve kanpe yon lòt fwa!