Sosyete ayisyèn nan kontinye ap viv nan yon sitiyasyon enfènal depi pasaj tranblemann tè 12 janvye 2010 la. Nou sonje se nan yon ti pousyè segonn, plis pase 300 mil moun te pèdi lavi yo e plis pase 250 mil lòt vin andikape. Plizyè santèn milye timoun, adolesan ak jèn ki pèdi manman ak papa yo pandan katastwòf la lage pou kont yo nan divès kan san pèson pou rele sekou 4 lane aprè, viktim katastwòf natirèl sa a kontinye ap soufri nan kò ak nan lespri yo. Malerezman, Leta ayisyen pa pran okenn dispozisyon pou sosyete a ta tire leson sou sa ki te rive a.
N ap raple, tranblemann tè se yon fenomèn natirèl, ki te konn pase ann Ayiti ak nan anpil lòt peyi sou latè. L ap toujou kontinye pase. Men gwo dega tranblemann tè 12 janvye 2010 la, se rezilta move fason Leta ayisyen jere peyi a. Se rezilta move rapò sosyal ki genyen ant yon ti ponyen moun ki ranmase 90 % richès peyi a ak majorite a k ap viv nan yon mizè san parèy.
4 lane apre, ki kote Leta ye avèk pwoblèm amenajman teritwa a ? Eske gen yon nouvo lwa sou kesyon konstriksyon ? Eske gen ajan k ap sipèvize travay konstriksyon k ap fèt yo? Eske Ministè Travo Piblik Transpò ak Kominikasyon sispann fè koutye konpayi konstriksyon prive yo, pou l pran responsablite l ? Eske gen refleksyon k ap fèt sou relasyon ant modèl kay yo ak kilti peyi a ? Eske gen kanpay pou mande itilize materyo ki fèt ann Ayiti ak bèl pwodui atizan ayisyen yo pou abiye kay yo ? Antouka, nou konstate Lameri toujou la pou ranmase lajan lè gen nouvo kay ap konstwi sitou lè beton ap koule.
4 lane aprè, anviwon 200 mil moun kontinye ap viv anba tant nan kan deplase yo nan yon sitiyasyon ki pa fèt pou bèt. Dapre yon ti ankèt nou reyalize nan plizyè kan, 93% moun k ap viv anba tant yo deklare aktivite ekonomik yo vin pi mal pase jan li te ye avan 12 janvye 2010, paske mwens kòb antre nan men yo. Daprè menm pousantay moun sa a, gen anpil difikilte pou jwenn dlo pou yo sèvi. Dapre deplase yo, yon latrin sèvi pou yon dizèn fanmi. Gen kan se atè moun yo fè bezwen yoSèvis sante yo pa egziste ditou. Tout moun k ap viv anba tant yo kwè kesyon ensekirite a se youn nan pi gwo pwoblèm y ap andire, sitou kadejak bandi ap fè sou fanm ak tifi yo. Zak sa yo ap fèt anba 2 grenn je MINUSTAH, yon fòs okipasyon ki gen anviwon 6198 militè ak 2522 polisyè epi Polis Nasyonal la ki gen anviwon 15 mil polisye.
Sa ki pi grav 4 lane apre katastwòf la , moun k ap viv anba tant nan kan yo, kontinye ap viktim tout kalite zak tankou:ekspilsyon fòse, dife kriminèl nan tant yo, kraze brize tant ak tout ti zafè yo, arestasyon, prizon, ansasinay, kadejak sou fanm ak tifi. Se ajan lapolis, bandi ame, majistra, jijdepè ak divès moun nan sektè prive a ki di yo se mèt tè kote viktim yo toujou ap viv ki souvan komèt zak sa yo.
Pou lane 2013 la sèlman, gen anviwon yon 20 tèn (ventèn) ka ekspilsyon fòse. Gen pou pi piti 2 ka asasinay nou dokimante nan kan yo, epi tout tant ki boule nan flanm dife, se zak kriminèl daprè moun nan kan yo. Nan plizyè ka kote bandi ame ap fè zak kraze brize sou moun nan kan yo, gen kamyon lapolis ki la pou ba yo sekirite. Otorite lokal, manm gouvènman an ak pwopriyetè yo pa respekte ni lwa nasyonal ni konvansyon entènasyonal sou dwa moun ki viktim katastwòf la. Sitiyasyon moun k ap viv anba tant yo, montre nou yon lòt fwa ankò Leta se yon aparèy ki nan sèvis klas dominant yo. Se moun ki gen lajan ki kapab achte jistis, lapolis la pou sèvi epi pwoteje lavi ak byen moun ki gen lajan.
Pifò nan moun ki resevwa 20 mil goud nan men gouvènman an nan kad pwogram relokalizasyon gouvènman an (pwojè 16/6 la), swa yo retounen anba tant oswa yo ale konstwi gwo bidonvil nan zòn Kanaran (Nò Pòtoprens). Poutan, anpil gwo ONG entènasyonal ak gouvènman ayisyen an gagote plizyè milya dola ameriken ki te destine pou rekonstriksyon peyi Dayiti. Nan lajan sa a, plizyè santèn milyon dola itilize pou konstwi yon gwo zòn franch pou antrepriz miltinasyonal soutretans yo, nan Karakòl (depatman Nòdès). Pandanstan sa a, gouvènman an konstwi kèk santèn kay ki rete vid osnon se moun ki ka peye lwaye ki jwenn nan kay sa yo. Sa ki vle di, moun ki pi pòv yo pa gen posiblite pou benefisye nan pwojè kay sa yo. San nou pa bliye anpil milyon dola ki envesti nan Potoprens avèk UCLBP ki angaje antrepriz ak teknisyen ki soti nan Repiblik Dominikèn, san pèsonn pa konnen ki opsyon ki pran pou amenajman nouvo Pòtoprens lan.
Nan okazyon katriyèm anivèsè katastwòf 12 janvye 2010 la, nou konstate kondisyon moun k ap viv anba tant nan kan yo vin pi mal. Kalite repons gouvènman an bay ak pwoblèm lojman an se yon lòt katastwòf. Nou kapab pran egzanp yon responsab UCLBP (Inite Konstriksyon Lojman ak Batiman Piblik) ki deklare nan yon rankont nan mwa desanm 2013 la, pi fò moun yo te bay lajan nan pwogram 16/6 la retounen al viv anba tant nan lòt kan. Reprezantan UCLPB a pa t ezite di, gouvènman an pral ekspilse moun sa yo. Yon konpòtman manm Kolektif la denonse.
Piyaj, gagòt ONG, gouvènman Preval-Bellerive ak gouvènman Mateli Lamòt la fè sou lajan yo ranmase nan non viktim yo, montre si pa t gen 12 janvye, yo te ka envante nenpòt lòt katastwòf, paske se youn nan mwayen pou kapitalis dezas la fè anpil lajan sou do viktim yo.
Sa ki klè pou nou menm nan kolektif la, gouvènman Mateli Lamòt la, pa gen ni enterè ni volonte politik pou rezoud pwoblèm lojman an. Se yon gouvènman ki pote mak fabrik ladwat e menm ekstrèm dwat, ki gen yon diskou popilis pou bay mas pèp la manti yon bò epi k ap aji kont enterè mas yo, yon lòt bò. Se yon seri defansè k ap aplike plan neyoliberal la tèt anba. Se konsa, nan sa yo rele politik nasyonal lojman gouvènman an, lide ki travèse dokiman sa a, se pou lojman sosyal la tounen yon machandiz pou sektè prive a kontinye ranmase lajan sou do mas pèp la. Dapre dokiman sa a, wòl Leta se chache lajan pou bay sektè prive a pou vin gen konpetisyon sou mache lojman an. Sa vle di, dokiman sa a pa koresponn ditou ak sa n ap revandike.
Nan sans sa a, Kolektif la yon lot fwa ankò vle raple rekomandasyon li toujou fè gouvènman Leta ayisyen an, tankou
Reyoganize teritwa ayisyen an pandan n ap defini yon politik lojman ki pran an kont diferan gwoup nan sosyete a epi k ap pran an kont tou pwoteksyon anviwonman an
Fòk Leta chache teren, pran teren, sa vle di fè ekspwopriyasyon pou nou kapab jwenn kantite teren pou bati kay ki kapab reponn ak bezwen popilasyon an nan zafè lojman
Fòk Leta elabore mekanis pou bay kredi ak fanmi, ak gwoup moun ki vle gen pwòp kay
Bati lojman sosyal epi ankouraje koperativ lojman
Vote yon lwa aplikasyon pou garanti pwoteksyon dwa lojman
Kreye yon estrikti legal ki rive oryante epi fè aplike politik nasyonal lojman Leta ayisyen ap mete sou pye, sa vle di yon ministè lojman ak abita
Konsa, n ap òganize yon semèn aktivite soti mèkredi 8 janvye pou rive dimach 12 janvye anba tèm :
« Ayiti :katastwòf 12 janvye 2010, 4 lane aprè, anyen pa chanje pou majorite pèp Ayisyen an nan zafè lojman. »
Nan Objektif pou Kolektif la :
– Montre kondisyon moun k ap viv nan kan yo vin pi mal ;
– Montre pwogram relokalizasyon an pa ateri. (Li te fèt pou yon ti ponyen moun, li te pwovizwa, se te yon fòm ekspilsyon fòse, li pa t antre nan yon pwogram global pou rezoud pwoblèm lojman an nan peyi a).
– Sansibilize popilasyon an sou katastwòf 12 janvye 2010 la ki dwe rete yon dat pou nou pa janm dòmi bliye, yon dat ki dwe make nan memwa nou, ki dwe ekri nan listwa nou.
Pwogramm
1.Mekredi 8 janvye 2014
Konferans pou la Près nan local GARR, soti 10 zè nan maten
2. Jedi 9 janvye vizit gide ak jounalis nan kan delma ak kan Kafou
Yon delegasyon pou 3 kafou: Gras Vilaj, Mariani 8 ak Gaston Magron
Yon lot delegasyon pou 2 Kan Delma :
3.Samedi 11 janvye: Rankont Kolektif la ak delagasyon dominikèn nan sou kondwit Pedro Franco, Responsab Koperativ COOPHABITAT
Delagasyon sa ap rantre an Ayiti pou vinn sipòte Aktivite Kolektif la, nan okasyon 4e anivèsè tranbleman tè a.
4. Dimanch 12 janvye Mach pasifik depi 10 zè nan maten soti Chanmas pou al nan memorial Simetyè Pòtoprens
Mach pasifik sa a soti devan Fakilte Etnoloji pase bò MUPANAH, monte Ri Capois, desann Ri Cameau pou al nan memoryal Simetyè a
Pou Kolektif la :
Sanon Reyneld