Nou menm nan FRAKKA, nou konstate depi plizyè mwa moun k ap viv anba tant nan kan yo kontinye viktim anba bandi legal yo. Zak yo pran divès fòm tankou :ansasinay, arestasyon, represyon, ekspilsyon fòse, mete dife nan tant. Nou kapab pran yon seri ka tankou :
1. Kan adoken Dèlma 33
Samdi 13 avril 2013 la, mèt Renòl Jòj akonpaye jij depè Dimanch sipleyan ki nan Tribinal depè Dèlma, debake nan kan Akra Adoken ki chita anfas komisarya Dèlma 33 a, yo fè gwo presyon, tire kout zam anlè epi arete 2 moun ki t ap chache konnen kisa Renòl Jòj ak jij depè a vin fè nan kan an. Popilasyon an te mobilize epi fòse yo lage moun yo te arete yo.
Lendi 15 avril lapolis komisarya Dèlma 33 arete Civil Meris ak Lexima nan kan Akra nan Adoken. Lapolis tèlman bat yo, Meris Civil mouri nan biwo chèf pòs la nan komisarya Dèlma 33. Dapre deklarasyon Darlin Lexima, polisye yo te mete l nan machin, fè wout Jeral Batay pou yo te al touye l, erezman li te fin fè klè, yo te oblije lage misye. Men polisye yo menase pou touye Lexima si l rakonte zak ansasinay yo fè sou Meris ak fason yo kraze zo misye li menm.
Mèt Patrice Florvilus ki te sou dosye viktim yo, sibi anpil menas. N ap bay kèk egzanp:Lendi 15 avril vè 8è30 nan maten, yon machin lapolis nimewo 1-493 swiv mèt Patrice soti Dèlma 24 rive Avni Poupla. Mèkredi 17 nan maten, menm machin lapolis sa a te kanpe devan biwo mèt la, epi li deplase kou Patrice fin pakin machin pa li. Yon lòt jou, menm machin lapolis sa a, swiv mèt la soti nan sant Pòtoprens pou rive zòn Kanapevè.
N ap fè tout moun konnen, lopital jeneral jete kadav Meris Civil.
2. Kan Bristou B2 nan Petivil
Mèkredi 5 jwen 2013 la, ajan lameri Petyonvil ak lapolis kraze kan Bristou B2 ki te chita nan yon katye popilè nan Pekivil. Bristou Blòk 2 a te genyen anviwon 475 fanmi ki t ap viv ladan l. Bandi legal yo ki te genyen mari Majistra Petyonvil la nan tèt yo, te bay viktim yo anpil presyon. Manm kolektif te konstate, bandi legal yo te tèlman agresif, jounalis pa t ka pwoche vin pale avèk viktim yo.
Kan qn divize an 3 blòk, Bristou B1, Bristou B2, Bristou B3, te gen anviwon 1500 fanmi total. Apre zak kraze brize bandi legal yo, Bristou B2 a pa egziste ankò.
3. Kan Trazeli nan Jeral Batay
Lendi 17 jen 2013 la, Klod Dalankou ki di li se mèt tè kote Kan Trazeli chita Jeral Batay la, fèmen baryè kan an, moun pa ka soti, moun pa ka antre nan kan an. Nan mwa jiyè 2011 Dalankou te anpeche OIM fè yon travay asenisman nan kan an. Nan mwa desanm 2012, lit e anpeche Lakwawouj fè yon resansman. Se anviwon 600 fanmi k ap viv nan kan Trazeli ak anpil kè sote.
Klod Dalankou, se mèt depo pwodwi chimik ki te pran dife lavil la nan mwa jewen 2013 la. Dife sa a te touye plizyè moun. Paran victim yo poko jwenn okenn dedomajman. Dalankou deja pote plizyè kontenè mete nan kan Trazeli Jeral Batay la. Gen moun ki panse se pwodwi chimik kim nan konntenè sa yo.
4. Kan Neptin nan Debwòs Jivena
Dimanch 14 jiyè 2013 la, yon gwoup bandi mete ak fanmi Naptin, blese 3 moun ki nan komite kan an ak kout manchèt. Bandi bat moun sa yo anpil, yo kaze tant manm komite kan an epi yo vòlè tout sa moun yo te posede. Pami 3 moun ki viktim yo, gen youn yo te oblije etène lopital tèlman ka l te grav. Gen 2 lòt medsen te fè pansman pou yo.
Kan an te genyen 592 fanmi ki t ap viv ladan l, akoz gwo menas ak presyon, gen plizyè fanmi ki kite kan an. Gen yon sèten Neptin ak Mona, se 2 moun sa yo ki di tè kote kan an chita a se pou yo. Sa vle di, se yon tè ki an konfli, Leta ta sipoze entèvni nan dosye tè sa a.
Neptin ak Mona, yo chak gen gwoup bandi pa yo, k ap viv anba tant nan kan an. Depi mwa novanm 2012, 2 gwoup bandi sa yo kòmanse fè menas sou popilasyon an.
5. Kan Gras Vilaj Lamanten 52-54 Kafou
Vandredi 19 jiyè 2013 la, lapolis Kafou arete 11 nan kan Fras Vilaj ki chita ant Lamanten 52 ak 54. Lapolis te pase plizyè èdtan devan kan an ap bay presyon pou anpeche moun fè manifestasyon. Menm jou a, yo te libere moun sa yo. Kan Gras Vilaj la chita sou yon teren misyon legliz pwotestan pastè Jorèl Jèn ap dirije. Se youn nan kan kote moun k ap viv anba tant yo sibi anpil menas, presyon, represyon lapolis ak bandi anba kòmand pastè Jorèl. Pa egzanp, gen yon depòte ki rele Mak Antwàn, se bwa dwat pastè Jorèl, ki la pou fè move zak kont moun yo.
6. Kan KAMEP Dèlma 24
Mèkredi 24 jiyè 2013 la, vè 10è nan aswè, lapolis arete Jozèf Sidwàn epi bat plizyè lòt moun k ap viv anba tant nan kan KAMEP ki chita nan Dèlma 24 la. Chak fwa Jozèf Sidwàn parèt devan jij, polisye kit e arete l yo pa mete pye nan tribinal la.
7. Kan Boliman Brant Dèlma
Mèkredi 24 jiyè nan aswè, yon dife boule kan Boliman Brant ki chita nan antre Dèlma 2. Dapre moun ki t ap viv nan kan an, anvan dife a, yo te tande yon bay ki tonbe epi ki fè yon gwo bri, epi dife gaye nan kan an. Moun nan kan yo kwè se yon dife kriminèl.
8. Kan KID ant Lali ak Kriswa.
Pandan plizyè okazyon Evan Pòl (Kaplim) mande moun k ap viv anba tant nan kan an, pou yo soti pou ba l teren l. Alòske, gen yon lòt moun ki di teren se pou li, se fèmye Kaplim te ye, fèm li bout, mèt tè a di l pap renouvle fèm avèk li ankò.
9. Madi 23 jiyè, yon lane apre masak peyizan Pak Lavizit yo.
Pou nou pa dòmi bliye, FRAKKA raple pou memwa ak pou listwa, madi 23 jiyè 2013 la, fè yon lane depi otorite Jakmèl ak Marigo debake Pak Lavizit yo touye 4 peyizan (Nicolas David, Enose Desir, Aléus desir ak Volcin Robenson) te gen 2 timoun ki disparèt, yo kraze 3 kay, yo boule 2 lòt, epi yo touye 2 bèf. Yo te arete epi mete nan prizon Jakmèl, Elius Alfred ak Jean Louis Saint Fort. Apre anpil mobilizasyon ak denonsyasyon, lapolis te libere mesye yo.
Po peyizan yo kapab toujou pote plent kont kriminèl yo, n ap raple se plizyè reprezantan gouvènman Tèt Kale Mateli Lamòt la tankou:delege depatman Sidès la, ajan pwoteksyon sivil, komisè gouvènman Jakmèl la, direktè polis depatman Sidès la, majistra ak yon jijdepè Marigo, yon trantèn polisye, plis yon kolonn bandi nan zòn, debake nan Pak Lavizit pou fòse peyizan yo kite Pak la. Lè yo kòmanse kraze epi mete dife nan kay, peyizan yo reyaji, se konsa bandi legal yo reyalize masak la. Yon lane apre, lajistis Ayisyèn pa di yon mo sou masak la.
10. Moun k ap viv anba tant yo pa janm jwenn solidarité legliz, pati politik ak palmantè yo.
Ou gen dwa pa vle kwè sa, men se laverite. Ofisyèlman, piblikman, okenn legiz, okenn pati politik, ni chanm Sena ak chanm Depite a, pa janm pran pozisyon pou kondane ekspilsyon fòse, represyon, arestasyon abitrè ak ansasinay, moun k ap viv anba tant yo viktim, 3 zan 8 mwa apre katastwòf 12 janvye 2010 la. Alòske, nou konnen moun sa yo ap viv nan yon sitiyasyon ki pa fèt pou bèt ta viv. Aba je yon seri otorite swadizan moral, otorite politik pa janm pwononse yo sou reyalite sa a. Poutan Simon Dera prezidan chanm Sena rele anmwe pou danje li wè Kanaran reprezante nan je l. Men, move kondisyon lavi moun yo, zak moun yo ap sibi pa enterese prezidan Sena a. N ap raple, gen yon regwoupman legliz pwotestan ki te di (bondye konn sèvi ak move moun pou fè bon bagay) Se te yon fason pou yo te jistifye api yo te pote bay Mateli nan eleksyon. Yon lòt bò, monseyeè Kebwo te mande Michèl Mateli (mete gason Swit Miki w sou ou). Sa vle di, gwo otorite leglig katolik la mande Mateli mete grif diktè l deyò. Sa fè n sonje jan tèt legliz yo te konn kolabore ak rejim makout la.
Nou dwe leve kanpe pou frennen zak delekan ak bandi.
– Lè nou gade kalite zak, kalite evènman, kalite eskandal ki pase nan peyi a nan 2 dènye lane ki pase la yo ;
– Lè nou konsidere gouvènman k ap dirije peyi a enplike nan tout zak sa yo ;
– Nou konsidere gouvènman sa a, pran wout pou tabli yon Leta bandi ak delekan. Konsa, tout moun k ap viv anba tant nan kan yo, tout moun serye, onèt ak pwogresis, dwe leve kanpe pou frennen zak bandi ak delekan ap fè nan peyi a. Moun serye, moun onèt, moun entèg, patriyòt konsekan, nou pa dwe lage peyi a bay delekan ak bandi.