Aller au contenu

Kout je sou jounen premye me a nan peyi dAyiti

Aktivite PREMYE ME 2012 la te fèt jan nou te prevwa a. Nan Okap,anviwon 500 ouvriye, ouvriyèz, travayè ak travayèz tout kalite ki soti nan izin, nan katye popilè, ansanm ak nan diferan òganizasyon alye te fè viwonn vil la, pase nan Bannann pou rive Vètyè. Nan yon mesaj lit ak mobilizasyon, manifestasyon an te pran fòm yon kòmando ajitasyon-pwopagann, ak bandwòl, afich, priz pawòl… “JISTIS SOSYAL”, “ABA OKIPASYON!”… “PREMYE ME SE KOMEMORASYON JOU LIT KLAS OUVRIYÈ A KONT PATWON!”, “TRAVAY WI, ESKLAVAY NON!”…

Nan Ba Plato santral, yon mach Batay Ouvriye te soti nan lokal nou la, nan kote yo rele “Kenp” la, sou kote vil Laskawobas, fè viwonn vil sa a ak anviwon 200 moun. Pankat, afich, eslogan, mitin… kote konpreyansyon moman an fè yon pa pou tout moun ki t ap tande, ki t ap patisipe. Nan kad mobilizasyon sa a, sendika travayè Ayisyano-Dominiken (SAD) ki reyini travayè sou tou 2 bò fwontyè a te gen yon gwo wòl.

Nan Nòdwès, nan Answouj pi presizeman, se te menm mobilizasyon an apati alyans ki te fèt ant ouvriye agrikòl yo (Vann jounen) ansanm ak ti peyizan yo (ti pwopriyetè tè ansanm ak dimwatye). Ansanm yo pakouri zòn la ak anviwon 300 moun, bagay ki, pou zòn la, siyifye anpil. Sitou ke, nan zòn yo pase a, se youn ki genyen aktyèlman yon gwo konfli tè ant travayè yo epi grandon yo ki vle mete nou deyò sou tè n ap okipe depi digdantan an; Leta ti-granmanjè ki apiye yo a, ak tout depite j’apwouv yo ansanm ak majistra abolotcho yo, natirèlman ap ranpli wòl yo nan apiye grandon akayik ak pi reyaksyonè ki egziste yo. Manm enstitisyon “demokratik” yo rele palmantè yo (ke nou kapab trè klèman swiv wòl majoritèman kowonpi yo nan palman an menm) gen yon travay serye y ap fè nan kad restriktirasyon k ap fèt nan peyi a jounen jodi a: vreman vre, ansanm ak reprezantan konpayi transnasyonal yo, y ap chache deposede ti peyizan yo pou remèt gwo transnasyonal yo meyè pòsyon tè ki genyen nan peyi a. Nan kad pwosesis sa a, y ap efektye yon destriktirasyon pwopriyete fonsye tè a remèt transnasyonal yo, nan objektif itilize yon mendèv ouvriye agrikòl ki lè sa a vin “libere” (sètadi pèdi mwayen pwodiksyon yo ki te ti tè yo te genyen an pou sèlman kapab vann fòs travay yo) a meyè mache ak yon salè pwatrinè menm jan ak ouvriye lavil yo. Se pwojè “Zòn franch” sou yon bò, “Agwo endistri” sou yon lòt enpeyalis yo vle foure nan gagann nou an k ap tabli, ak ekzekitif popetwèl la k ap “ekzekite” (an gwo ponyèt mete sou mistifikasyon), epi palmantè tchoul yo k ap apwouve. Listwa a va jije konplotè-sanginè pwofesyonèl sa yo ki soti pou fè yon vre devlopman vin yon maleng k ap depafini ak nou tout. Listwa a va gen pou jije yo, yo tout, ansanm ak tout sa k ap kolabore e apiye yo yon mannyè oswa yon lòt.

Nan Pòtoprens, ansank ak diferan òganizasyon alye (wè apèl la), pakou a te rayalize jan sa te prevwa. Sepandan, kantite ouvriye ak ouvriyèz nou t ap tann lan pa rive atenn ni 10 %. Se ke patwon yo ofri ouvriye yo 500 goud (!!!) pou vin travay nan jou a!. Pis pase 3 fwa salè minimòm lan ki jounen jodi a se 150 goud ! Pi rèd, lè nou rive devan Sonapi, tout barye te fèmen. Divès tantativ fèt pou te fè ouvriye ki te anndan an vin nan mach la, men sa pa t bay. Anplis, lapolis t ap bay presyon pou nou te kite zòn la. Se ak ouvriye ki daprezavwa konsyans yo ak kouraj yo pa t al travay, ansanm ak militan òganizasyon pwogresis yo premye me a te fèt. Nan tou sa, selon sa nou wè ki enterese yo nan konjonkti difisil n ap viv la (egal : nouvèl prezidan popetwèl la, ekzekitif reyaksyonè a ansanm ak palmantè tchoul ak abolotcho yo tou sèl yo wè ki pou se « nouvèl » !), kidonk, nan tou sa, se kèk grenn jounalis sèlman ki te vini. Malgre tou, tout pakou a fèt.

Ak afich, bandwòl, pankat, mitin ak ajitasyon pwopagann nou (wè foto ak kolaj anekse), nou reprann senbolikman wout BATAY pou 200 goud la. Answit nou pase nan katye popilè Dèlma 2 a kote popilasyon an te kanpe sou 2 ran ap aplodi eslogan nou yo epi pran kèk afich nou t ap remèt yo, sepandan san rantre nan manifestasyon an jan nou t ap envite yo fè. Ki vle di: malgre santiman konpreyansyon ak ak apyi enteryè verite nou, ensèsyon ak mobilizasyon popilè a poko ka derape. Anpil travay rete pou fèt nan objektif mete ansanm tout kalite travayè yo ansanm ak tout lòt kategori nan mas popilè yo sou wout defann enterè reyèl ak istorik yo tout bon vre.

Anba lavil la, se an gran kous kouri, bagay ki te montre fatig manifestan yo men, an menm tan, limit konsyans politik global la kote ajitasyon pwopagann la nan mitan ti machann yo te neglije. Devan palman an, eslogan kont pwojè reyaksyonè, tchoul, abolotcho Anakasis la te sou bouch tout moun. Vreman vre, ak pretèks “vle ‘bay travay’ a piplis moun” boujwa yo chwazi yon palmantè sousou pou chache fè pase lwa sanginè sa a kote yo vle pou travay lannnyit peye menm jan ak sa lajounen! Nou denonse pratik sanginè-sousou-abolotcho sa a, antanke krim kont pèp ayisyen!

Sou kote sa, REVANDIKASYON ki te pote yo, se te :

· Respè dwa pou travayè ak travayèz yo kapab òganize yo jan yo vle;

· Sispann revokasyon abitrè – anti-sendikal nan esans yo;

· Respè lwa sou salè minimòm lan;

· Realjisteman li nan kad aplikasyon yon lojik minimòm jistis sosyal ki vle pou tout salè dwe ka pèmèt moun k ap touche l la viv!

· Rejè lwa Anakasis la ki mande pou yo peye travay lannwit menm jan ak sa lajounen, san pyès konsiderasyon pou Kòd travay la ki egzije pou travay lannwit gen 50 % anplis ;

· Egzijans pou pouvwa anplas la pran distans li ak politik neyoliberal ki ap blayi nan peyi a depi lane ’80 yo e k ap anfonse nou chak jou piplis nan yon twou san fon.

*

Anvan jou manifestasyon Premye Me a, nan Batay Ouvriye nou te fè 2 jou konsantrasyon (28 ak 29 avril) pou reflechi sou redinamizasyon Entèsendikal Premye Me – Batay Ouvriye a (ESPM-BO). Ak delege sendikal ki te soti nan lavil Okap, Wanament, Pòtoprens, ansanm ak sendika ouvriye agrikòl nan Lakayè, nan Ba Plato Santral, nan Latibonit ak nan Nòdwès, se te yon premye pa refleksyon ak avansman.

Se LIT la, nan kad konstriksyon otonòm nesesè a, k ap bay vre repons kote òganizasyon klas ouvriyè dwe mete sou pye, ansanm ak konstriksyon kan pèp mobilize a tout bon.