Aller au contenu

Apèl pou mobilizasyon Riyo+20

Mouvman sosyal nan «Woumble pèp yo pou jistis sosyal ak environmantal, kont machandizasyon lavi ak lanati, pou defann byen ki pou tout moun sou latè ».
Nou leve kanpe pou n al Riyo epi pi lwen ankò, pou n al goumen pou fè respekte dwa nou ak dwa lanati, pou nou kanpe ankwa kont tout komès lavi nan ti gòdèt, pou nou bat chal bare dèyè tout kapitalis malmaske k ap pran woulib sou do lit pèp yo pou fè plis tiyon nan di l ap fè pwodiksyon vèt.


Nan non tout òganizasyon, rezo ak mouvman soyal ki mete kanpe « Woumble pèp sou latè pou jistis sosyal ak environmantal, kont machandizsyon lavi moun ak lanati, pou defann byen ki pou tout moun sou latè » k ap tanmen nan vil Riyo nan peyi Brezil sòti 15 rive 23 jwen lane 2012. Rasanbleman sa a ap kanpe anfas reyinyon chèf leta yo sou devlopman dirab kap dewoule nan menm peryòd la nan menm vil la nan okazyon ventyèm anivèsè konferans Riyo a.

Nan sans sa, nou kònen lanbi byen fò pou tanmen mobilizasyon ak rasanbleman pou tout pèp nan tout kwen sou latè mache kontre pou vwa nou ak jefò nou fè youn; pou nou kontinye lite yon mannyè pou tout pèp, sitou sila yo ki pi menase, rive jwenn posiblite lamanjay, dlo pou bwè, enèji tankou kouran elektrik, kay pou yo rete, latè pou travay epi viv nan bon kondisyon. Pandan n ap mande tou pou yo respekte « dwa Manman Latè ». Nou ap mete sou pye nan mouvman mobilizasyon sila yon rasanbleman jouk mayi mi. Rasanbleman sila ap chita kò l nan vil Riyo.

San nou pa bat lestomak nou, nou deside pou asanble sa pèmèt tout moun k ap reziste kont kapitalis la chak jou solèy la leve, fè tande vwa grandèt yo (fanm kou gason, granmoun kou jenn moun). Rezistans pèp yo se yon mannyè pou yo rejte chak jou pi plis tout modèl rapò ki chita sou pezesouse pandan l ap lote chak timoso lavi tankou patat. Rezistans pèp yo se toujou yon mannyè pou yo di yo pa dakò okenn modèl rapò ki fè pase tiyon lajan yon ti gwoup ap fè anvan byennèt tout moun menmlè yo ta vle fè kwè y ap defann lanati ak pwodiksyon vèt.

Mobilizasyon nou an bobo ak kokenn chenn mobilizasyon mouvman sosyal ki te fèt nan lane 92 pou te kanpe anfas konferans leta yo nan vil Riyo sou anviwonnman ak devlopman ki te rele « Woumble latè ». De (2) nan gwo avanse mobilizasyon sosyal sila te fè, se rive mètba konvansyon sou divèsite biyolojik epi konvansyon-kad nasyonzini sou chanjman klimatik.

Men si n ap byen gade, prensip fondalnatal konvansyon sou chanjman kilmatik la ap sibi gwo atak kapitalis bout di a ki vle repran sa pèp yo te rive genyen apre anpil batay ak sakrifis, yon mannyè pou fè lavi moun tounen machandiz. Nou ta ka site kèk prensip kapitalis la pa vle respekte tankou : responsablite istorik peyi endistriyalize yo nan chanjman klimatik la, dèt ekolojik ak klimatik, kidonk responsablite tout moun nan chanjman klimatik la pandan y ap konsidere diferans ant zak peyi endistriyalize ak peyi ki pa endistriyalize sou klima a.

Aprè gwo bak ki fèt sou negosiyasyon Kopennag yo, pa gen anyen ki ka fè nou kwè « CDP » Durban (sòti 28 novanm pou rive 9 desanm 2011) ap pote bon nouvèl. Menmjan tou, depi « CDP 10 » konvansyon sou divèsite biyolojik ki te fèt Nagoya an 2010 la, kapitalis yo prezante nou machandizasyon lanati tankou « mekanis finansye tou nèf » sou menm baz ak menm vye lojik mache kabòn la ki pa kanpe sou anyen.

Men tou, se te deja depi Riyo 92, gwo antrepriz yo te komanse brandi labanyè « devlopman dirab » la, paske yo te wè li te ka regle koze yo. Menm konsèp sa mete ansanm ak konsèp « responsablite sosyal antrepriz yo » tounen yon pè zo byen monte pou depafini chak jou pi plis planèt la ansanm ak lavi pèp yo. Sitou nou konnen de (2) konsèp sa yo pran manm andan anbakman neyoliberal la ki marye dereglemantasyon ak mondyalisasyon ekonomi kapitalis ejemonik la. E tandans sa pa sispann gonfle ponyèt li nan ajisteman estriktirèl yo rele « ekonomi vèt la ». Menmjan ak pil privatizasyon sèvis piblik nan ane 90 yo nan kad politik neyoliberal la, tandans sila liberalize Lanati epi voye l sou mache yo tibout pa tibout -tankou kabòn, biyodivèsite, sèvis anviwonnman. Sa ki pèmèt antrepriz yo fè dappiyanp sou yo, fè espekilsasyon finansyè pandan yo atake souverènte alimantè pèp yo epi chase pèp yo sou teritwa kote yo ye depi lontan.

Anfas kalte pwoblèm sa yo, fòk nou fè Riyo+20 tounen yo kokenn chenn mobilizasyon, pou nou lite kont yon machin lanmò ki pa vle pyès moun anbreye l, epi pou nou bay lit ak rezistans k ap pèmèt nou kenbe yo jarèt nan mete sou pye altènativ ki pa mare sosis yo ak lojik kapitalis la, tankou souverènte alimantè. Lè nou konsidere kriz jounen jodi yo sòti depi nan nannan kriz la pase nan longè tan li dire ; lè nou konsidere se ak chadegè epi koutbòt militè yo chèche repons, lè nou konsidere gouvènman yo enkapab nan bay bon kalte repons san konte yo kraze toutkoulwa negosiyasyon miltilateral yo sou baz enterè jewopolitik e komèsyal. Tout sa fè nou wè nesesite epi ijans pou nou konstwi yon espas ki rele nou pa nou, yon espas demokratik e granmoun, epi ki pèmèt divès kalte lide bouyi pou rive jwenn yon mesaj ki gen nannan ak reyisit toutbon nan reyalite a. Konsa espas sila va sèvi pou nou kontinye fè tande denonsyasyon nou yo ak revandikasyon nou yo, pandan l ap pèmèt nou vin pi kreyatif epi pi fò, nan espwa ak solidarite youn ak lòt.

Nou konnen gwo antrepriz yo, bank yo, enstitisyon finansyè entènasyonal yo ak gouvènman konfyolomafyozo yo, deja prepare yon gwo remèd chwal pou yo rive bay kapitalis la yon lòt kouch penti « ekonomi vèt » kòmsi sa te ka pèmèt yo rezoud divès kalte kriz yo lakòz -kriz ekonomik, ekolojik, alimantè, enèjetik, demokratik, klimatik, koze dwa, « genre », kriz sivilizasyon, pou nou pa al pi lwen. Nan sans sa, « Woumble pèp yo » dwe pèmèt moun rasanble epi wè aklè ki solisyon popilasyon yo sou wout jwenn, kit se nan milye peyizan, popilasyon k ap viv nan forè yo, ouvriye k ap travay nan izin yo, kominote yo, katye yo, ak lòt kote moun travay oubyen rankontre.

Kidonk, ann enplike nou nan « Woumble pèp yo » epi ann mobilize nou tout kote sou latè pou Riyo+20, pandan n ap lanse inisyativ deba ak fòmasyon, rasanble plis mouvman sosyal ak rezo pou tabli sou menm estrateji ak aksyon epi kòdinasyon, nan solidarite ant tout moun k ap goumen kont modèl rapò kapitalis la.

Nou mande pèp ak mouvman yo k ap goumen kont pezesouse ak dominasyon pou yo kole zepòl nan yon Asanble pèmanan Pèp k ap pèmèt nou afime nan sans pa nou dwa nou ak dwa Lanati san nou pa kite woule lang « Ekonomi vèt la » twonpe nou kote komès lavi nan tigodèt li pote ak yon kouch penti vèt li voye sou do kapitalis la.

Asanble sila dwe rive bay goumen k ap fèt kounye a yo jarèt epi mete sou pye lòt aksyon ak inisyativ ki va kreye lòt platfòm ki reyini plis mouvman. Asanble sa va fèt sou baz temwayaj ak analiz, echanj ak solidarite, mobilizasyon ak aksyon konkrè. Nan sans sa, moun ki viktim tout bon yo, fanm kou gason, moun yo dwe pou tout bon nan modèl rapò kapitalis, patriyakal, enpiryalis, rasis, antwoposantris la ; kit se dèt sosyal ak finasyè, ekolojik ak klimatik, demokratik ak sou koze « genre » la ; Moun sa yo ki viktim yo ap gen pou kontribiye tout bon -san yo pa voye reprezantan- nan kòdinasyon divès jefò pou konstwi ekonomi ak soyete ki pa kapitalis, ekonomi ak sosyete ki san fòs kote epi ekitab, ekonomi ak sosyete ki marande ak tout moun -fanm kou gason- epi ki marande ak Lanati, pou nou rive kwape grangou, malsite, pezesouse ak opresyon ; padan n ap apiye sou divès pratik goumen nou ap fè koulye a, sa k ap ede nou prepare defi estratejik goumen ki ka vin annprè yo.

Nan menm lide sa yo, nou va reyalize aktivite otojesyon sou sa ki konsène jefò n ap fè yo pou nou chanje modèl rapò ak sivilizasyon nou rejte yo, nou va chèche konnen epi nou va apiye nou dirèkteman sou pratik goumen moun ki abite Rio de Janeiro ak tout lòt kote, nan jefò y ap fè pou yo kenbe anba grif kapitalis la ki vin pi file pandan li pentire kò l ak koulè vèt. Konsa nou rantre nan pratik goumen nou gwo kokenn chenn evènman, batay pou latè, gwo pwojè yo, tout mekanis yo rele devlopman yo ak tout sa sa pote kòm sig ak non madigra tankou REDD, REDD+ oubyen biyokonbistib. Nou va denonse responsab yo, nou va òganize aksyon dirèk, epi tou jan nou dwe fè li, nou va selebre lavi ak lespwa ki sòti e ki jwenn nannan nan goumen nou ak nan konkèt nou yo.

Ann mobilize pou nou konstwi « Woumble pèp yo pou jistis sosyal ak environmantal, kont machandizsyon lavi ak lanati, pou defann byen ki pou tout moun sou latè », sou baz tout kalte goumen n ap mennen koulye a yo, pou defann lavi, dwa grandèt pèp yo -alimantè, enjetik, finansyè, teritoryal, politik- otodetèminasyon, egalite ak dwa moun ak lanati, pandan n ap analize sous kriz jounen jodi yo, mannyè kapitalis la pase pou fè tiyon, san konte koze lakolonizasyon ak lesklavaj.

Ann kole zepòl, tout mouvman, òganizasyon ak rezo sosyal yo pou yon gwo mobilizasyon popilè sòti anndan Riyo+20 pou n rive boulonnen baz lokal, rejyonal ak mondyal ki nesesè pou kwape koze kapitalis « vèt » sila. Riyo+20 ta dwe yon kòmansman pou yon planèt san fòs kote, nan solidarite youn ak lòt.

4 dsesanm 2011.

N ap tann nou tout pou nou konstwi nan solidarite.

Nou p ap lote lavi tankou patat

N ap defann lavi

Nou menm Pèp, nou pa dwe, se yo ki dwe nou !

Ann fè goumen tout pèp nan monn lan fè yon sèl !

Ann fè lespwa tout pèp nan monn lan fè yon sèl !

Alianza de Pueblos del Sur Acreedores de la Deuda Ecológica, Amis de la Terre d’Amérique Latine et des Caraïbes, Convergencia de Movimientos de los Pueblos de las Américas, Coordinadora Andina de Organizaciones Indígenas, Grassroots Global Justice, Grito Continental de los Excluid@s, Jubileo Sur/Américas, Marche Mondiale des Femmes, Mouvement Mondial pour les Forêts Tropicales,
Oilwatch, Via Campesina

África Central: Nouvel Espace pour le Partenariat au Développement de Centrafrique

África do Sul: Youth Agricultural Ambassadors and Gata Lenna – Youth Agricultural Movement Nature -Tlhago Agricultural Organisation – Centre for Civil Society Environmental Justice Project, University of KwaZulu Natal

Argentina: Diálogo 2000 – ATTAC – Acción por la Biodiversidad – GRAIN – Asociación Argentina de Abogados Ambientalistas (AAdeAA) – Asociación Ecologista Piuke – Buenos Aires Sostenible – ONG Mujeres Activas – Ecosalud Tucumán – Ateneo Lisandro « Gringo » Viale – Amigos de la Tierra

Austrália: Oxfam International Youth Partnerships (OIYP)

Bélgica: Climate Justice Platform – Réseau Socialiste des Organisations de Jeunesse asbl (Ré.S.O.- J) – Climaxi – Centre tricontinental (CETRI) – Climat et Justice Sociale

Bolívia: Plataforma Boliviana frente al Cambio Climático – PROBIOMA – Centro de Comunicación y Desarrollo Andino (CENDA) – Equipo Movimiento Red Tinku – Red de Radios y Telecentros Comunitarios Apachita

Brasil: Rede Jubileu Sul Brasil – Instituto Políticas Alternativas para o Cone Sul (PACS) – Rede Brasil sobre Instituições Financeiras Multilaterais – Rede Social de Justiça e Direitos Humanos – Rede Brasileira de Pesquisas em Nanotecnologia, Sociedade e Meio Ambiente (RENANOSOMA) – GT Meio Ambiente AGB – Associação dos Geógrafos Brasileiros (AGB) – Bicuda Ecológica – FASE – Fórum Carajás – Fórum Popular em Defesa de Vila Velha – Entidade Nacional de Estudantes de Biologia (ENEBIO) – Movimento de Mulheres Camponesas MMC/RR – Movimento Nos Existimos – Fórum da Amazonia Ocidental (FAOC/RR) – Instituto Terramar – Associação Cultural Arte Ecologia (ASCAE) – Rede Brasileira de Justiça Ambiental – Justiça Global – Centro de Estudos e Defesa do Negro do Pará (CEDENPA) – Evangélicos Pela Justiça (EPJ) – Fórum Mudanças Climáticas e Justiça Social – Instituto Búzios – Comunidade do Horto – Movimento Ecossocialista de Pernambuco – Amigos da Terra Brasil

Camarões: Action pour la Protection en Afrique des Déplacés Internes et des Migrants Environnementaux; Protection of internally displaced people’s (APADIME).

Canadá: Council of Canadians – Blue Planet Project – International Women’s Rights Project

Chile: Colectivo VientoSur – Red Socioambiental de Valparaíso

Colômbia: Federación de Organizaciones Animalistas (FOA) – Amigos del Bosque – Comite Impulso Colombia Rio + 20

Congo: Réseau CREF

Costa Rica: Asociación Red de Coordinación en Biodiversidad – COECOCEIBA Amigos de la Tierra – Asociación Conservacionista YISKI – Preserve Planet – Red Internacional de Forestería Análoga (RIFA)

Cuba: PSRDC – Organización de Solidaridad de los Pueblos de África, Asia y América Latina (OSPAAAL)

Egito: Helwa Ya Balady Association

El Salvador: CESTA Amigos de la Tierra – Unidad Ecologica Salvadoreña (UNES) – Campaña Mesoamericana de Justicia Climática (CMJC)

Escócia: Worldforests

Estado Espanhol: Ecologistas en Acción – Proyecto Gran Simio (GAP/PGS) – Salva la Selva – Fundación IPADE – Observatori Climàtic – Ingeniería Sin Fronteras Cataluña – Observatori del Deute en la Globalització (ODG)

Estados Unidos: Earthpeoples – Environmental Justice Climate Change Initiative – Institute for Policy Studies – Mangrove Action Projects – Grassroots International – Indigenous Environmental Network


Equador
: Plataforma Interamericana de Derechos Humanos, Democracia y Desarrollo (PIDHDD)

Filipinas: ASIA PACIFIC Network for Food Sovereignty (APNFS) – Aniban ng Manggagawa sa Agrikultura (AMA) Union of Agricultural Workers and SANLAKAS – Movimiento de los Pueblos sobre el Cambio Climático (PMCC) – IBON Foundation

França: ATTAC – Maison de la Citoyenneté Mondiale – Réseau Féministe “Ruptures” – Parti de Gauche – Nouveau Parti Anticapitaliste (NPA) – CADTM – Union Syndicale Solidaires – Les Amis de la Terre – Fédération SUD Étudiant – Aitec IPAM – Peuples des Forêts Primaires

Gana: Affram Asaph Foundation

Guatemala: Asociacion CEIBA

Haití: Plate-forme haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif (PAPDA)

Índia: Himalayan Peoples Forum – Kalpavriksh Environmental Action Group

Indonésia: CAPPA Ecological Justice

Internacional: ETC Group – Aliança Internacional de Habitantes (AIH) – CADTM Internacional – Solar Fire – Alianza Social Continental – Grito Continental de los Excluidos

México: Red Mexicana de Acción frente al Libre Comercio (RMALC) – Alianza Mexicana por la Autodeterminación de los Pueblos (AMAP) – Otros Mundos AC/Chiapas – Rising Tide México – Colectivo Revuelta Verde

Moçambique: Uniao Provincial de Camponeses de Niassa (UPCN) – Uniao Nacional de Camponeses (UNAC)

Nicarágua: Movimiento Social Nicaragüense “Otro Mundo es Posible” – Organización para la defensa de los Consumidores de Nicaragua – Consejo Indigena MONEXICO

Níger: ONG Organisation Contre la Pauvrete (OCP)

Nigéria: International Youth Council (IYCN) – Youth Vision Alliance Network (YVAN) – Labour, Health and Human Rights Development Centre – Centre for 21st Century Issues (C21st) – Climate Change Network – Environment Women and Youth Development Initiatives – Network on Water, Sanitation and Hygiene- Smiles Africa International

País Basco: Mouvement Bizi – ELA Ingurumena

Panamá: Voces Ecológicas – Centro de Desarrollo Ambiental y Humano (CENDAH)

Paraguai: Global Forest Coalition

Paquistão: Pakistan Fisherfolk Forum – Change Foundation

Peru: Red Ambiental Loretana, Iquitos en la Amazonia Peruana – Asociación para la Resiliencia del bosque frente a la Inter Oceánica (ARBIO) – Asociacion Plataforma de Personas Viviendo con VIH Y SIDA de la Región Callao – Asociacion Unión Mujeres Lideres – Confederación de Desarrollo de los Pueblos Indígenas del Alto Amazonas (CORDEPIAA)

Porto Rico: Grito de lxs Excluidxs capítulo de Puerto Rico – Comité Pro Niñez Dominico Haitiana – Proyecto Caribeño de Justicia y Paz – MUSAS (Mujeres Solidarias y Amorosas)

Quênia: Global Advocates for Justice

Reino Unido: Biofuelwatch

República Dominicana: Brigada Cimarrona Sebastian Lemba

Rússia: Friends of the Siberian Forest

Senegal: Action Solidaire International – Agir pour les Générations Futures (AGF)

Suécia: Environmental Justice Organisations, Liabilities and Trade (EJOLT)

Suíça: SolidaritéS – Coordination Climat et Justice Sociale

Togo: Pour un Avenir Ensoleillé (PAE)

Trinidad e Tobago: Federation of Independent Trade Unions and NGOs (FITUN)

Uganda: Pan Africa HRDs Net

Uruguai: Observatorio de Conflictos Mineros de América Latina

Venezuela: Frente Ecologista Lara PSUV

Zambia: Zambia Climate Change Network

Zimbábue: Solar Generation Trust

Moun ki siyen nan non pa yo : Laura Tedesco – Andres Felipe Atehortua – Federica Napolitano – Shula Kizita Mwamba – Eliane Kalmus – Daniel Ahlberg – Vanessa Hacon – Juliana Merçon – Júlia Cossermelli de Andrade – Elisa V. Herkenhoff – Gladis Richa Kalil – China Ngubane – Moises Josue Espinsa.

Telechaje apèl la sou PDF:Apel_pou_mobilizasyon_Riyo_20_adaptasyon_Ayisyen.pdf