Onorab Palmantèz/Palmantè,
Konstitisyon 87 la ki garanti dwa pou tout Ayisyèn/Ayisyen gen bon jan kay pou yo rete, gen 25 lane. Nan okazyon sa a, Kolektif Òganizasyon pou defann Dwa Lojman ekri Palman an lèt tou louvri sa a pou chache repons sou plizyè pwen ki gen arevwa ak pwoblèm kay li te deja mete devan nou, swa nan lèt li te voye ban nou oswa nan rankont li te genyen ak nou.
Kolektif la te mande Palman an pou travay pou Leta ayisyen kreye yon FON LOJMAN. Nou bezwen konnen nan ki pwen demach sa yo ye. Kòm nou konnen gen yon bidjè ki depoze deja nan Lachanm, èske Palmantè/Palmantèz yo koumanse diskite sou zafè Fon Lojman sa a ? Se pou yon pati nan lajan k ap soti nan anilasyon dèt Ayiti, nan Fon Petro Caribe, ak lòt èd entènasyonal ale nan Fon nasyonal lojman an dekwa pou Leta gen kòb pou konstwi lojman sosyal pou moun ki pa gen gwo mwayen epi bay kredi bon mache pou kay.
Kolektif la te mande ankò pou peyi a genyen yon PLAN NASYONAL LOJMAN ki pran an konsiderasyon pwoblèm tè a ak amenajman teritwa a. Ki sa Palmantè yo fè deja pou ede plan sa a tounen yon reyalite ? N ap fè remake politik gouvènman Martelly a ap aplike kounyela a ak Pwojè 16/6 la se bidonvil yo l ap rekonstwi ankò, sa ki reprezante plis malè pandye ki ka lakòz anpil moun mouri sizoka gen yon lòt katastwòf.
Kolektif la te mande toujou pou Palman an pran pozisyon POU FÈ DEGÈPISMAN GWO PONYÈT YO SISPANN epi pou dirijan yo chache solisyon ki diy pou reloje moun ki anba tant yo. Okontrè, sa nou konstate, se ak vyolans, ak dife, alèkile y ap aji kont viktim 12 janvye k ap viv nan plizyè kan. Nou ta renmen konnen pozisyon Palman an sou pakèt dife sa yo k ap pete nan kan yo e ki deja lakoz plizyè moun pèdi lavi yo kankannen.
Nou ta renmen konnen ki jan Palmantè/Palmantèz yo santi yo pandan sezon lapli a. Èske yo sonje gen plis pase 500 mil moun k ap mouye chak fwa yon gwo lapli tonbe nan Pòtoprens paske moso plastik yo ak vye tòl wouye yo pa ka kenbe ankò ?
Nan okazyon 25 lane Manman Lwa peyi a ki se bousòl Nasyon an, Kolektif k ap defann Dwa lojman reklame pou Dwa Lojman an respekte ann Ayiti, paske se vyolasyon dwa sa a menm ki lakoz 300 mil moun mouri nan tranblemann tè 12 janvye a.
Kòm nou konnen gen yon nouvo premye minis ki dwe monte e k ap gen pou prezante politik jeneral li devan lachanm, Kolektif la mande pou zafè lojman an parèt nan dokiman politik jeneral la kòm youn nan pi gwo priyorite peyi a. Nan sans sa a, li mande Palmantè/Palmantèz yo pou poze premye minis yo ki va chwazi a kesyon klè sou kisa pwogram li an prevwa pou koumanse rezoud pwoblèm lojman an nan peyi Dayiti. Nou swete kesyon lojman an tounen youn nan kritè pou Palman an deside vote oswa rejte politik jeneral pwochen Premye minis la.
Nou tande gen komisyon adwat agoch sou kesyon lojman, men nou konnen Leta ayisyen depi lontan te deja kreye yon enstitisyon ki rele EPPLS (Antrepriz Piblik Lojman Sosyal), pou responsab zafè lojman sosyal nan peyi a. Nou mande pou enstitisyon Leta sa a remanbre, pou li gen mwayen nan men li pou li kapab regle kesyon lojman an.
Kolektif la pwofite okazyon 25e anivèsè Konstitisyon an pou salye jefò Palman ayisyen an te fè nan mwa janvye 2012 la pou ratifye Pak Entènasyonal sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl ( PIDESC). N ap raple, anndan dokiman sa a, zafè lojman an parèt kòm yon dwa fondamantal Leta nan chak peyi dwe garanti.
Mesyedam Palmantè, lè nou te ratifye PIDESC la, se yon wòch anplis nou mete sou wout pou fè respekte diyite moun k ap viv anba tant yo oswa nan move kay. Kolektif Òganizasyon pou Defann Dwa Lojman ankouraje nou kontinye nan menm sans la detan n ap pran tout dispozisyon pou jwe wòl pa nou pou fè respekte atik 22 Konstitisyon 1987 la ki di : Tout Ayisyen dwe jwenn bon jan kay pou yo rete nan bon kondisyon.
Kolektif Òganizasyon pou Defann Dwa Lojman mande nou, Onorab Palmantèz/Palmantè, resevwa salitasyon patriyotik li.
Pou Kolektif la :
Colette Lespinasse
GARR
Jackson Doliscar
FRAKKA