Aller au contenu

Konferans Pou Laprès sou dosye ansyèn diktatè Janklod Divalye

Nou menm nan mouvman Sosyal Ayisyen an, nou endiye anpil aprè piblikasyon òdonans tèt chat, jij Carvès Jean te rann sou dosye ansyen diktatè, Jean Claude Duvalier a. òdonans sa a se yon wont pou lajistis, se yon sabotay pou Eta de dwa ak demokrasi yo di yo vle tabli nan peyi Dayiti a. Se yon souflèt pou viktim yo ak tout moun k ap batay kont enpinitè nan peyi Dayiti, an menm tan se yon siy klè ki montre otorite yo ap ankouraje enpinite nan peyi a.


Lè n konsidere te genyen yon trantèn plent pou krim kont limanite tankou: Tòti, disparisyon, asasina, amprizonman, egzil fòse, elatriye ki pa gen preskripsyon.

Lè n konsidere rejim Duvalier yo te touye plis pase 30 mil moun, san konte sa l te voye ann ekzil.

Lè konsidere rejim Duvalier a te detounen plizyè santèn milyon dola ki te la pou fè wout, bati lèkol, lopital ak kay pou moun rete.

Nou pa ka konprann aprè tout krim sa yo, pou jij Carvès Jean deside blanchi Duvalier, sou entimidasyon pouvwa anplas la, paske Prezidan Martelly te deja voye yon mesaj klè bay jij la, lè prezidan an te envite Duvalier nan seremoni ofisyèl 12 janvye a epi deklare nan laprès etranje “Rekonsilyasyon pi enpòtan pou li ke jijman Jean Claude Duvalier a.”

Li klè pou tout moun ni pouvwa ekzekitif la ni pouvwa jidisyè a nan peyi Dayiti se dwa viktim Duvalier yo vyole, se enpinite a y ap bay jarèt.

Se pou tèt sa nou menm oganizasyon nan mouvman sosyal la tankou: Kolektif Mobilizasyon pou Dedomaje viktim kolera yo, POHDH, PAPDA, GARR, KOSIJID, BAI, deside tanmen yon seri mobilizasyon pou fòse lajistis jije diktatè Jean Claude Duvalier. Se nan sans sa a, nan okazyon 7 Fevirye 2012, ki fè 26 lane depi pèp Ayisyen te leve kanpe pou kouri deyè Duvalier, oganizasyon sa yo ap fè yon sitin madi 7 Fevriye 2012 a, 10è nan maten pou midi, devan ministè lajistis, kont enpinite nan peyi a.

Pou otantifikasyon:

Yves Pierre-Louis