Aller au contenu

Pozisyon etidyan Fakilte Syanzimèn sou evenman kè plen ki sot pase nan Gonayiv jou vandredi 16 desanm 2011 lan

Tankou yon pakèt lòt sitwayen ak lòt òganizasyon k ap defann dwa moun fè l, mwen kwè li se yon devwa moral ak jistis pou tout moun, òganizazyon, enstitisyon ki moral anndan peyi a, pa mete dlo nan bouch yo pou denonse gwo evenman kè plen sila ki rive nan Gonayiv jou vandredi 16 desanm 2011 lan, kote yon gwoup etidyan finisan mele ak dwayen fakilte dwa vil sa a, mare nanm yo ansanm pou yo antre nan listwa ak yon manto lawont sou yo.


Fas ak sitiyasyon sa a, mwen poko jwenn etikèt pou li a, mwen kwè gen yon pakèt lòt moun ak enstisyon ki gen responsablite nan konbit lawont sila k ap dewoule nan peyi a depi kèk tan san pa gen anpil vwa ki leve pou kwape l.

Nou ka pran kòm egzanp, depi apre 1986 pa gen twòp gwo jefò ki fèt pou jije krimièl divalyeris ak militè ki t ap bwè san epi kraze zo pèp la. Si nou pran moun ki t ap fè abi ak krim kont pèp la apre 1986 lajistis rive jije yon bò, yon lòt bò moun ki jwenn dedomajman ak reparasyon sosyal epi ekonomik apre 1986 ; n ap wè militè yo, Divalyeris ak tout kowòt tòsyonè ki t ap simen chagren ak lanmò nan mitan pèp la, pa janm rive jije epi yo reyabilite nan pale nan radyo tankou demokrat, nan okipe gwo tonton fonksyon nan Leta a, pandanstan viktim yo menm oblije ap antre kò yo nan tou krab pou kite tòsyonè yo layite kò yo, frape lestomak yo.

Nan sans sa a, mwen lonje dwèt mwen tout longè sou otorite lajistis yo, Prezidan peyi a ak chèf gouvènman paske yo nan konivans ak PAPA ansyen rejim san manman an, nan kite sitwayen danjere nan denyè bout sa a yo rele Jean Claude Duvalier a ap sikile nan peyi a ap fofile kò l nan mitan jenès la, malgre yo di li sou kontwòl lajistis.

Mwen lonje dwèt mwen tou sou dirijan UEH yo pou jis moman w ap li nòt sa a, poko janm reyaji sou gwosè evenman repiyan sa a ki pase anndan youn nan enstitisyon ki te plis viktim rejim boutdi Duvalier yo. Atitid kitemele m/sa pa gade m sa moutre nou ak ki vitès sosyete nou an ap anfonse nan yon wonn twou fè nwa san limit. Se kòmsi Jean Claude Duvalier ta yon pezib sitwayen tankou moun li te kòmande touye yo. Non ! Jean Claude Duvalier se yon asasen/kriminèl ki gen plizyè dizèn plent kont li nan lajistis nasyonal kou entènasyonal akoz li t ap dirije yon rejim ki kite plis pase 30 000 kadav dèyèl, san konte moun li ekzile, maspinen (tòtire, kraze zo yo), fanmi ki kraze, anviwònman li degrade nan koupe pye bwa pou fè komès ak chase moun ki tap denonse pratik kraze zo rejim li a, li te rele yo kamoken, san konte yon jenerasyon moun( 1957-1986) li sakrifye pou anyen ; Jean Claude Duvalier se yon vòlè/eskwo ki detounen plizyè santèn milyon dola peyi a, ki lakoz yon bann ti moun patka al lekò epi manje ; Jean Claude Duvalier se yon sinik/san moralite pou jis jounen jodi li pa janmen rekonèt li te fè pèp ayisyen an mal epi li se sèl pitit diktatè/diktatè nan tout mond lan ki pa renonse ak richès papa l oubyen limenm te vòlè pou peyi li. Se pou tèt li pa akseptab ditou pou yon monm konsa jwenn pyès onè ak respè nan sèl grenn inivèsite piblik peyi a.

Pou listwa, pou moralite ak pou jistis

Pou Mackenson Michel, Jean Robert Cius ak Daniel Ismaël

James Beltis

Reprezantan etidyan Fakilte Syanzimèn yo nan konsèy Inivèsite Leta a