Nan okazyon 82 lane masak Machatè nan Okay, Komite Inisyativ Sid Pou Liberasyon (KISL), wete chapo li byen ba pou li salye tout fanm ak gason konsekan k ap batay pou Ayiti reprann dwa gramoun li. Nan sans sa a, nou voye yon gwo kout chapo pou tout moun ki te pote kole nan gwo mach pasifik kont lamizè ak okipasyon ki òganize pandan jounen madi 6 desanm nan.
Konpatriyòt nou yo 6 desanm 1929 / 6 desanm 2011 sa ki fè 82 lane depi militè meriken te masakre anviwon 25 ti peyizan epi blese plis pase 51 lòt, poutèt yo t ap batay kont move lavi ak taks militè meriken te mete sou pwodui yo. Se anba mitrayèt mi,itè meriken yo te resevwa peyizan yo ki t ap defann dwa yo. Listwa peyi nou rapòte, merins yo osinon solda meriken yo ak sipò solda Ayisyen yo plis boujwa a kèk entèlektyèl nan okay krible peyizan ki te soti nan prèske tout komin nan sid la anba bal. Poutèt peyizan sa yo te leve kanpe kont twòp taks okipan yo te mete sou yon seri pwodwi tankou tafia, melas. Peyizan yo te leve kanpe tou kont move lavi.
Se sa ki fè nou leve kanpe Madi 6 desanm 2011 lan pou nou salye memwa konbatan sa yo ki pat asepte mouri ajenou, men ki te leve kanpe pou fòse eksplwatè yo fè bak sou tout yon seri mezi yo pran kont yo pou anfonse yo pi rèd nan lamizè. E lòt bagay ki esplike prezans nou sou beton an, se pou nou fè jèn yo konnen sa ki machatè a, kouman fè genyen machatè. Depi kèk tan nou konstate okipan yo ap fè plis konplo sou do pèp la. Konplotè nasyonal ak entènasyonal toujou mete yo ansanm pou kontinye masakre peyisan sa yo nan kalite politik remèd chwal y ap aplike nan peyi a. Konplotè sa yo, anpatikilye MINISTA ak yon seri ONG envesti gwo kòb nan mitan popilasyon machetè a pou detounen sans machatè a e menm rive kreye gwo divisyon nan mitan yo. Se sak fè depi 2 zou 3 lane yo fè machatè tounen yon dat fèt kote didye sèl kòk chante ap simen mizik 2 grenn dwat ki pa gen anyen pou wè ak masak la. Kidonk, krim okipan yo ap kontinye sou dives fòm.
Nou ka konstate depi kèk ane, pouvwa militè Henry Nanphy a ak enperyalis meriken te mete ansanm pou kraze moniman machatè a. Pou kontinye a rès moniman ki rete kanpe a, yo bare li ak yon ansèy piblisite. Tout sa antre nan konplo esplwatè yo pou efase memwa batay pèp la. Se pou tèt sa li enpòtan yon lòt fwa ankò pou sektè popilyè a ranfòse li tout jan pou li pa kite batay memwa nan men eksplwatè yo, pou li antre nan won pou li rale batay memwa nan sans pa li pou avansman lit la. Komite Inisyativ Sid pou Liberasyon fè okipan yo ansanm ak tout restavèk Ayisyen k ap kore MINISTA yo konnen, batay la pap kanpe nan wout. Komite a mande moun Machatè yo, rete veyatif, pa kite konplotè yo divize nou.
Libète, se pou pèp k ap batay
Aba lavichè ak CIRH !
Aba Okipasyon !
Viv yon Ayiti granmoun!
Pou Komite Inisyativ Sid pou liberasyon (KISL)
1) Traka Fanm : Mie Lucienne Jn Michel
2) AJAC : Charles Jn Will
3) MODEMO : Guerda Roséus
4) JPO : Florence Etienne
5) Inyon Pou Lapè : Mariette Hérard
6) Jèn Militan Madan Konm : Thélusma Dunès
7) RPS : Jn Fricien Estimé
8) OTEADEK : ST Germin Jerry-Van