Aller au contenu

Reyaksyon SOFA sou desantdelye Lapolis nan Stanley Klib la

  • SOFA

Solidarite Fanm Ayisyèn SOFA, aprann avèk anpil tèt chaje enfòmasyon konsènan eskandal Stanley Klib ki t ap fonksyonnen nan Bwa Vèna, Pòtoprens. Klib sa se te yon espas pou ankouraje elèv lekòl, minè 14 a 18 lane ak jèn tonbe nan tout move pratik: konsome alkòl ak dwòg, pratik fè sèks anvan lè oswa nan fòse elt… Li klè kou dlo kòk kalte klib sa a, se yon biznis ki t ap fonksyone pou esplwate minè ak jèn sa yo pou fè lajan.


Senk (5) jou apre komemorasyon Jounen Entènasyonal Dwa Timoun, nan moman n ap komemore Jounen Entènasyonal Kont Vyolans sou Fanm, SOFA salye entèvansyon Lapolis fè jou 25 novanm lan kote li mete men sou responsab la Mouche Stanley MATTEIS. Sak pase a mete nou devan yon konsta ki gen gou fyèl, ki montre jan sosyete nou an ap degrade; ak fason enstitisyon nan peyi a pa fè anyen pou pwoteje ti moun yo, jèn yo, sitwayen ak sitwayèn… Egzistans klib k ap òganize kalte pwogram sa yo, fè nou mande kote enstitisyon ki gen responsablite bay biznis yo patant epi kontwole yo? Ki dispozisyon konkrè enstitisyon sa yo pran pou pwoteje dwa timoun, aloske Ayiti siyen divès akò ak Konvansyon sou Dwa Timoun ?

Pratik jèn yo tou, ki lib e libè ap frekante mòd klib sa yo fè n poze kesyon tou sou responsablite paran yo ki parèt demisyone? Se yon sitiyasyon, ki marande ak divès kalte pwoblèm sosyal ak ekonomik sosyete neyoliberal ak patriyaka a, kote pifò (46 pousan 100) fanmi yo jounen jodi a monoparantal, kote pifo gason iresponsab, se fanm yo ki lage poukont yo ak chay responsabilite pou fè: edikasyon timoun yo, chache manje, mete lekòl, abiye, ak tout lòt kalite koze…san konte yon latriye lòt pwoblèm sosyete neyoliberal ak Leta vagnè a tankou: politik santralizasyon peyi ak dekonsantrasyon sèvis yo ki pa fèt, ki lakòz lekòl yo twò lwen zòn elèv yo abite, anpil jèn ap viv lwen paran akòz yo blije vin chèche lekòl nan lòt vil oswa nan kapital; vin jwenn Leta pa mete politik lwazi pou jèn yo elt…

Menm jan, Leta kapitalis neyoliberal la sou baz globalizasyon ap fè pwomosyon tout move pratik ki soti lòt peyi ki ekspoze jèn yo toutan ak tout kalte vye mesaj nan chante, fim, televizyon, videyo, liv pòno k ap vann sou tout twotwa (Chanmas elt.) Medya Leta yo kòm prensipal enstitisyon ki pou ta ofri lòt modèl, plis livre yo nan fè pwopagann pou Gouvènman olye yo fè bonjan pwogram sosyal ak edikatif pou popilasyon an.

SOFA ap raple, se pa pou lapremyè fwa, Lapolis fè entèvansyon pou fèmen mòd klib ilegal sa yo. Sa te deja fèt kèk ane anvan, kote lapolis te debake nan yon klib konsa nan Tijo/ Pòtoprens. Kidonk se pouse klib banbòch debride sa yo, ap pouse nan figi nou tankou djondjon.

Se pou sa SOFA mande tout enstitisyon leta : Ministè Afè Sosyal, Lapolis, espesyalman Brigad Minè, ki gen responsablite pwoteksyon Minè yo, Jèn ak sosyete an jeneral, pran tout dispozisyon pou frennen deriv sa a ki menase jenès ayisyèn la.

Konsa, nan lespri Konvansyon Dwa Timoun, nan atik 33 ki mande Leta pran tout mezi sitou mezi lejislativ, administrativ, sosyal ak edikativ pou pwoteje timoun pou yo pa pran dwòg ak lòt pwodui k ap aji sou lespri yo, epi ak nan atik 34 ki egzije Leta pwoteje timoun kont tout fòm esplwatasyon seksyèl, SOFA mande pou :

• Lajistis jije epi pran sanksyon kòmsadwa kont Stanley Matteis, pwopriyetè klib la ak tout konplis li ki mele nan jere biznis kriminèl sa a; jan atik 261 Konstitisyon 1987 la, mande pou lalwa asire pwoteksyon tout timoun.

• Pou Leta ayisyen ak enstans ki pi konsènen yo tankou Ministè Afè Sosyal ansanm ak Enstiti Byenèt sosyal, Ministè Jènès, Espò ak Asyon sivik, Ministè lajistis, Ministè Edikasyon Nasyonal defini yon estrateji pou idantifye, fèmen epi trennen lajistis moun k ap òganize kalte aktivite sa yo avèk Minè, avèk jèn.

• Pou enstans Leta ki konsènen yo pran dispozisyon prese prese pou kontwole fason pwodui tankou alkòl, dwòg ap vann nan peyi a, san konsidere si se ti moun, si se granmoun ;

• Pou gen kontwòl sou makfabrik ak kalite lwazi ki disponib pou timoun, tan Ministè Edikasyon Nasyonal dwe ankouraje lekòl yo, kreye lwazi nan espas pa yo, ki koresponn ak laj timoun yo, menmjan an tou pou gen dispozisyon ki pran pou meri yo kreye oswa ankouraje aktivite nan kominote yo ki respekte prensip dwa timoun jan atik 31 Konvansyon Dwa Timoun rekòmande sa nan alineya 2 a.

Pwoteje timoun, minè ak jèn yo, bay yo bonjan direksyon, se responsablite sosyete a, Otorite nan Leta yo, Paran, Sitwayen fanm kou gason, nou tout konsènen.

Pòtoprens, 30 novanm 2011

Pou SOFA,

Olga BENOIT

Kòdonatris Aks Lit kont Vyolans sou Fanm

Carole P.P. JACOB

Kòdonatris Biwo Egzekitif