Aller au contenu

Pozisyon Kolektif la sou konpòtman lapolis ak MINISTA nan manifestasyon 14 sektanm nan

Nan kad batay pou deboulonnen MINISTA nan peyi a epi pou jwenn dedomajman pou tout moun ki viktim anba zak fòs okipasyon an, Kolektif mobilizasyon Pou Dedomaje Viktim Kolera yo, te lanse yon manifestasyon pou 14 sektanm ki sot pase a. Manifestasyon sa a fè pati yon mouvman ki pote non: “Operasyon Deboulonnen MINISTA Kolera Kadejakè”. Depi sou Fò Nasyonal kote manifestasyon an te kòmanse a, MINISTA te kòmanse pwovoke nou. Yon ekip sòlda te rantre nan mitan nou pou vin fè foto. Objektif yo, se te kreye kondisyon pou manif lan te kraze depi nan ze. Sou tout wout la, sòlda MINISTA yo te fè tantantiv pou pran tèt manifestasyon an, alòske se kont yo nou t ap manifeste. N ap tou pwofite mande MINISTA pou li pa pwoche nan manifestasyon nou yo. Jan konstitisyon an mande l la, se sèlman lapolis nou te ekri pou enfòme li pou manifestasyon an. N ap tou pwofite mande popilasyon an, depi yon sòlda MINISTA pwoche bò kote yo, rele anmwe !!! kadejakè!!! Anmwe!!!


Li dokiman sou PDF.
Kolektif_Mobilizasyon_Pou_Dedomaje_Viktim_Kolera_yo.pdf