Aller au contenu

Pozisyon divès òganizasyon sou konjonkti a

Noumenm òganizasyon ki siyen nòt sa a, nou vle bay opinyon nou sou 3 gwo pwen ki domine aktyalite peyi a :

1. Fason gouvènman an ap degèpi moun ki nan kan yo
2. Koze kredi pou kay la
3. Zafè pwolonje manda CIRH la


1. Sou ka espilsyon yo
Nan jou sa yo, nou konstate gen yon operasyon ofisyèl ki te koumanse deja ak majistra Wilson Jedi nan komin Delma ki rapousib ak majistra Pòtoprens la, Muscadin Jean Ives Jason, pou degèpi viktim tranbleman tè yo ki ap viv nan yon seri espas piblik depi 12 janvye 2010. Operasyon sa a yo ap mennen, alòske jiska prezan dirijan Leta yo poko pran okenn mezi serye pou koumanse rezoud pwoblèm kay la pou plizyè milye fanmi ki lage 2 bra pandye nan kan yo.

Nou denonse ak tout fòs nou fason ki pa respekte diyite moun majistra Pòtoprens ak konplisite prezidan Michel Martelly, mete moun ki t ap viv nan kan Estad Sylvio Cator yo deyò. Gouvènman an te pibliye nan mwa me 2011 la, yon dokiman kote li te anonse yon seri mezi li ta pral pran pou deplase firamezi moun k ap viv nan kan yo epi ede yo jwenn yon lòt kote pou yo rete. Nan dokiman sa a, gouvènman an te bay lis non 6 kan kote li t ap koumanse retire moun an premye, pami yo kan Estad Sylvio Cator.

N ap fè tout moun konnen, operasyon degèpisman ki mennen nan Estad Sylvio Cator a pa respekte okenn nan mezi sa yo. Okontrè, yo vyole tout prensip dwa moun nan zafè lojman. Jan Majistra Pòtoprens la mennen operasyon an, li mete moun yo nan plis difikilte e li fè sitiyasyon yo vin pi frajil toujou pase jan sa te ye anvan. Paregzanp, Lakomin Pòtoprens lage nan men anviwon 400 fanmi, 10,000 goud yo chak swadizan pou yo ale lakay yo. Majistra a konnen byen pa gen kay ankò nan Pòtoprens ki vo 10,000 goud epi moun pa ka jwenn kay pou lwe paske anpil kay te kraze. Pi fò nan moun sa yo al gonfle nan lòt kan, al viv anba kay fele oswa al monte tant yo lòt kote pou ogmante bidonvil yo, jan sa ap pase kounye a nan zòn Canaan, nan zòn Nò Pòtoprens. Apre sa, lakomin Pòtoprens al lage sou yon teren vid ki abitye inonde, bò yon kannal dlo santi chaje ak fatra, 103 lòt fanmi, san li pa enstale pou yo ni twalèt, ni dlo. Se moun yo poukont yo ki chache materyo pou monte ti tant yo, nan yon dezòd total.

N ap fè sonje, youn nan prensipal wòl yon lakomin, se pwoteje sila yo ki pi fèb, se òganize vil la pou tout moun ka viv ladan nan diyite ak sekirite, tankou moun. Alòske se devwa Lakomin pou l retire moun yo nan salte, nan dlo sal, anba moso prela, nou pa ka konprann se Lakomin alèkile k ap mete moun yo nan plis ensekirite, k ap òganize plis bidonvil. Sa Lakomin Pòtoprens fè ak fanmi ki te nan Estad Sylvio Cator yo montre kijan dirijan Leta ayisyen yo pa gen okenn konsiderasyon pou kategori moun ki nan kouch pòv yo. Nou mande yo pou yo sispann ak kalite mantalite diskriminasyon sa a. Prezidan Martelly dwe sispann ankouraje kalite degespisman sa yo ki vyole tout prensip dwa moun. Ansanm ak Lakomin yo, li dwe pran bon jan mezi pou garanti moun ki viktim tranbleman tè yo jwenn yon kote pou yo viv ak diyite, jan li te pwomèt sa nan kanpay li a.

2. Pwojè KAY PAM : yon koumansman ki dwe al pi lwen
Desizyon BNC pran pou louvri kredi pou kay avèk posiblite pou moun k ap travay nan Leta ak nan kèk antrepriz prive kapab prete lajan a 8% enterè epi pou fin peye kòb sa a sou yon peryòd 30 lane, se yon bon nouvèl, lè nou konsidere zafè kredi nan peyi Dayiti. Men nou swete, inisyativ sa a pa tounen yon zouti pou anrichi moun ki te deja genyen, lè yo va jwenn posibilite pou ranmase kay tribòbabò pou fè apre espekilasyon anfèmaj. Nou swete, gen mezi kontwòl ki pran pou kredi KAY PAM nan pa al gonfle nan ponyèt kèk grenn moun ki déjà gen gwo mwayen, men pou li louvri pòt pou tout moun k ap travay, pami yo moun k ap travay ak tèt yo ki nan sektè enfòmèl la tou.

Men desizyon KAY PAM nan, ki se inisyativ yon bank komèsyal (menm si se pou Leta li ye), pa wete reskonsablite Leta genyen pou l travay pou garanti dwa lojman nan peyi a, sa vle di dwa pou tout moun gen yon kote ki diy pou yo rete. Jan sa fèt nan anpil peyi sou latè, Leta ayisyen dwe limenm konstwi kay a bon mache pou l pèmèt moun ki pa gen gwo mwayen jwenn yon kote pou yo rete. Nan sans sa a, nou renouvle demann plizyè òganizasyon ki te patisipe nan kolòk sou pwoblèm kay nan peyi Dayiti te fè nan mwa me 2011 la, kote yo te mande Leta ayisyen pou l kreye yon fon lojman k ap fasilite konstriksyon kay pou fanmi ki pa gen gwo mwayen yo. Nou mande pou Leta ranfòse EPPLS (Antrepriz Piblik Pou Lojman Sosyal), dekwa pou enstitisyon piblik sa a kapab ranpli wòl li kòmsadwa, ki se kreye lojman sosyal.

Kèlkilanswa desizyon ki pran sou zafè lojman an, pou l pote yon solisyon tout bon vre a pwoblèm kay la, fòk Leta ayisyen aji tou sou zafè tè a, sou zafè pwopriyete a. Fòk li pran kouraj li a demen pou l fè sa yo rele reyamenajman tèritwa a, kote li deside ki bò pou moun konstwi, ki kote pou fè jaden, ki kote wout ap pase, ki kote y ap mete plas piblik, ki nòm ki dwe respekte lè moun ap konstwi, eksetera. Si chak moun pral prete lajan pou bati nenpòt ki kote, nan nenpòt ki kondisyon, menm jan ak lontan, se lave men siye atè, epi envestisman sa yo riske pèdi. Fòk Leta pran kouray li an men pou l reprann yon seri tè moun te fè dappiyanp sou yo an gwo ponyèt oswa an dezòd, pou l retrase vil ki te detwi yo ak yon lòt vizyon, pou kreye nouvo espas k ap bay peyi a yon lòt figi e k ap ankouraje desantralizasyon an. An gwo, fòk Leta genyen yon plan Nasyonal Lojman ak reyamenajman tèritwa a.

Zafè manda CIRH la
Nou sezi tande prezidan Martelly anonse manda Komisyon pou Rekonstriksyon Ayiti a (CIRH) pral kontinye pou yon lane ankò. Tout moun konnen nan ki kondisyon CIRH sa a te monte, tout pwotestasyon ki te genyen kont kreyasyon li, espesyalman kont reskonsablite yo te ba li pou defini epi planifye politik rekonstriksyon peyi a, alòske yon bagay konsa se reskonsablite yon gouvènman. Yon lane apre, lè nou gade lari Pòtoprens ak lòt vil ki te kraze yo, lè nou gade moun ki anba tant yo, lè nou gade eta ministè yo, n ap mande kisa CIRH la regle ?

Noumenm, òganizasyon ki siyen nòt sa a, nou redi ankò CIRH la pa dwe kontinye egziste. Nou mande Palman an pou li pa renouvle manda CIRH la. Nou mande prezidan Martelly ak nouvo gouvènman an ki sipoze monte a, pou yo kreye anndan Leta a menm yon estrikti k ap kanalize tout fon ki vini pou peyi a. Se pou fon sa yo alimante ministè yo pou yo devlope pwogram tout kalite pou fè peyi a mache, detan y ap suiv yon politik klè gouvènman an va trase ki dwe anfavè pèp ki nan plis nesesite a. Pou garanti fon sa yo ap byen itilize, se pou chak ministè travay nan transparans, men nan men ak òganizasyon nan sektè yo reprezante a. Se pou fon ki disponib yo ede ministè yo ki te frape anpil anba tranbleman tè a remanbre tèt yo pou yo tounen tout bon vre zouti ki la pou bay popilasyon an sèvis. Nou pa dwe kontinye kore oswa monte estrikti paralèl k ap afebli pi plis toujou enstitisyon Leta yo.

Yon lòt fwa ankò n ap redi ankò, menm si yo mete tout lajan ki gen sou latè an Ayiti, peyi a pa p rive rekonstwi, si se pa moun peyi a dabò ki mobilize pou sa chanje. Yon estrikti tankou CIRH, ki gen ladan yon bann gwo enterè ki depaman youn ak lòt e ki pa gen anyen pou wè ak enterè Ayiti, pa fouti mennen bak konstriksyon altènativ Ayiti ap chache a. Se sèl yon gouvènman ki gen nen nan figi l, ki makonnen ak enterè peyi a, enterè mas popilè yo, ki ka bay rezilta sa a.
FOK CIRH FEMEN. FOK MINISTE YO REVIV !

Pòtoprens, 24 jiyè 2011.

Oganizasyon ki siyen nòt sa a :

Groupe d’Appui aux Rapatriés et Réfugiés (GARR)

Plateforme des Organismes Haitiens de Défense des Droits Humains (POHDH)

Fòs Refleksyon ak Aksyon sou Koze Kay (FRAKKA)

Plateforma haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif (PAPDA)