Aller au contenu

Envitasyon nan atelye refleksyon, analiz, evalyasyon aksyon gouvènman an ak enstans entènasyonal yo aprè tranbleman tè 12 janvye a

GARR, ICKL, PAPDA, POHDH, SAKS pran plezi envite ou vin patisipe nan yon jounen refleksyon nap òganize jou ki ap samdi 26 mas kap vini la a.


Objektif jounen an se fè yon bilan apre 15 mwa latè te tranble, apre 12 mwa konferans 31 mas la ki te fèt nan lokal Nasyon Zini kote te gen gwo pwomès lajan ki te fèt pou ede Ayiti sòti anba konsekans 12 janvye a. Nap reflechi ansanm epi nou pwal fè pwopozisyon altènatif pou nou wè si nou ka reprann gouvènay peyi a, dirije peyi a nan yon chimen lespwa ak chanjman total kapital pou popilasyon ki ap viv anba eksplwatasyon, anba mizè ak nan malsite jodia.

15 mwa apre peyi a lage nan yon gwo kriz, wout gouvènman an pran ak peyi a danjere anpil. Nan jounen refleksyon sa a nap fè bilan, nap koute temwayaj divès sektè kap di nou nan ki kondisyon yap viv apre 12 janvye e nap mete kanpe kèk pwopozisyon pou nou antre tout bon vre nan yon chimen lespwa. Nan rankont sa a tou nap eseye mete kanpe yon deklarasyon mouvman sosyal yo sou sitiyasyon peyi a, sou koze “rekonstriksyon”yap pale a.

Nan 19 mas 2010 nou te fè yon deklarasyon deja. Li te jwe yon wòl enpòtan nan deba sou oryantasyon “rekonstriksyon” an. Pawòl sa yo te montre ki chimen nou ta dwe pran, yo te fè lonè ak diyite nou. Jodi a fòk nou di yon lòt pawòl nan menm lide sa a nou te di lane pase a epi ki kapab gide kijan nap mache epi ki chimen nap pran nan kalfou difisil sa a.

Vini nan rankont lana k djakout nou chaje ak enfòmasyon sou kijn nap viv depi 12 janvye a e ki pwopozisyon nou genyen.

Nap jwenn orè rankont la nan dokiman pwogramasyon an. GARR, ICKL, PAPDA, POHDH, SAKS mande w pou voye yon delege pou vin patisipe nan rankont la ki ap dewoule nan Fany Vila ki chita nan Ri Babiole # 31 an fas biwo ONI kote yo fè kat idantifikasyon Nasyonal yo nan Potoprens.
Moun kap sòti an pwovens dwe rive depi vandredi 25 Mas nan aswè epi yo ap retounen lakay yo nan dimanch maten osnon nan samdi swa.

5 òganizasyon ki envite nou yo mete resous yo ansanm kontribiye nan frè transpo men nan limit sa Leta fikse yo, yo ap asire pou bay manje ak dokiman nap bezwen pandan rankont lan.

Nap mande tout patisipan yo a pati madi 22 Mas pou yo rele nan nimewo sa yo pou yo konfime patisipasyon yo nan jounen an. Telefon sa yo se: 2944-3931 / 3933 oubyen si yo ka voye yon mesaj nan info@papda.org.

Nap tan nou tout. Prezans nou enpòtan

Lisanne André pou GARR

Camille Chalmers pou PAPDA

Antonal Mortimé pou POHDH

Marc-Arthur Fils-Aimé pou ICKL

Sony Estéus pou SAKS