Aller au contenu

Kredi agrikòl nan peyi d’Ayiti – vizyon ak altènatif peyizan yo.

Nan kad batay pou rive fè peyi a granmoun tèt li nan zafè lamanjay, òganizasyon peyizan yo te reyini mèkredi 2 epi jedi 3 mas 2011 nan pòtoprens pou reflechi sou ki model kredi agrikòl ki kapab mete sou pye nan kad yon lòt vizyon pou Agrikilti nan peyi d’Ayiti. PAPDA reyalize chita pale sa nan lide pou rive mete kanpe yon manifes Kredi Peyiza k ap sèvi kòm gid pou desidè politik piblik yo nan sa ki konsène kredi agrikòl nan peyi DAyiti. Pandan de (2) jou travay san pran souf, refleksyon yo te chita sou listwa kredi agrikòl nan peyi a, ki modèl kredi Leta te aplike ak rezon echèk yo, kondisyon kredi yo nan peyi a ki ankouraje konsomasyon, to ranbousman yo ki rive jiska 38%, absans sekirite sou kredi devan katastwòf natirèl yo, malè pandye ki egziste sou Agrikilti a ki reprezante plis pase 25% PIB ( Pwodiksyon Enteryè brit) peyi a epi diferan fòm kredi altènatif peyizan yo mete kanpe anndan òganizasyon yo pou sove Agrikilti a.

Nan bwase lide sa, plizyè òganizasyon peyizan te prezante dives kalte eksperyans kredi nan diferan filyè agrikòl, tankou; elvaj, agwoendistri (transfòmasyon fwi), pwodiksyon diri nan Latibonit ak plenn Maribawou, Pwodiksyon lèt bèf nan Limonad, Kredi manyòk pou pwodwi kasav, pwodiksyon yanm, pwodiksyon epi konsèvasyon pwa ak mayi, Kredi pou komesyalizasyon, elatriye. Eksperyans sa yo montre aklè opòtinite peyi a genyen pou ogmante pwodiksyon agrikòl rapidman si peyizan yo jwenn mwayen nesesè. Altènatif sa yo dwe sèvi kòm modèl pou mete kanpe definitivman yon kredi agrikòl ki repekte egzijans ki genyen nan sektè a.

Devan agresyon Enstitisyon Entènasyonal yo ansanm ak emperyalis yo ki deside aplike san gade deyè plan lanmò neyoliberal la nan peyi a epi ki reskonsab nivo pwodiksyon agrikol la ki pa sifizan pou reponn ak bezwen peyi a nan lamanjay, òganizasyon peyizan sa yo deside batay pou agrikilti a toujou rete djanm ; pou li se motè ekonomi peyi a ; pou kanpe an kwa kont tout tantativ pou likide sektè a bay boujwa ak Miltinasyonal tankou Minotri, Siman D’Ayiti, Teleko elatriye. PAPDA atravè pwogram k ap Plede Dwa Granmoun peyi a nan zafè Lamanjay (PPSA) pran angajman pou akonpaye oganizasyon sa yo nan batay pou peyizan rive jwenn ankadreman ak finansman nesesè pou peyi a kapab rive granmoun tèt li nan zafè lamanjay.