Aller au contenu

Fowòm Nasyonal Popilè sou Kredi Peyizan Mèkredi 2 epi Jedi 3 Mas 2011 – Kad pou reyalizasyon fowòm sou kredi peyizan

Peyizan ayisyen toujou ap travay ak zong yo pou rive kenbe agrikilti peyi a ki se prensipal motè ekonomi peyi a. Leta ayisyen pa janm mete mwayen finansye ak teknik disponib pou akonpaye epi soutni agrikilti a, okontrè, menm Leta sa a toujou ap aplike yon seri politik ki pa sispann demanbre agrikilti peyizan yo. Devan sitiyasyon sa a, peyizan ayisyen pa janm sispann pran kout ponya pou kontinye mennen aktivite agrikilti pou satisfè bezwen imedya yo, tankou manje pou yo manje, edikasyon pou pitit yo, lasante epi kay pou yo rete. Akote sistèm kredi peze-souse ki egziste nan milye peyizan yo, nan pratik lavi yo peyizan ayisyen rive kreye yon seri pratik kredi solidè nan mitan yo tou. Se nan mitan kontradiksyon sa yo, nou trouve nesesite pou rive elebore, nan yon pèspektiv kolektif, yon manifès k ap ranmanse pratik kredi nan milye peyizan yo, difikilte yo, gany nan pratik solidè yo, iresponsablite Leta Ayisyen ak latriye revandikasyon nan zafè kredi a. Nan sans sa a, nou pran inisyativ pou reyalize yon « Fowòm nasyonal popilè sou kredi peyizan ».


Objektif :

• Analize reyalite kad politik finansman Agrikòl Leta Ayisyen

• Boukante eksperyans sou divès pratik kredi nan domèn agrikilti ki egziste nan mitan peyizan ayisyen yo,

• Ranmase latriye revandikasyon òganizasyon peyizan nan domèn kredi agrikòl nan lide pou mete kanpe yon manifès sou kredi peyizan.

Aprè yon seri chita pale PAPDA te genyen ak yon latriye enstitisyon ak yon seri òganizasyon peyizan sou yon pwopozisyon Biwo Kredi Agrikòl Ministè Agrikilti te fè, nou te deside pou nou te fouye kesyon an plis toujou. Se nan sans sa a, jounen jodia nou fè pwopozisyon pou nou akouche yon manifès sou kredi peyizan. Se PAPDA lanse lòt manch sa a, men nou louvri kad diskisyon ak tout òganizasyon ki te patisipe nan premye refleksyon ak tout lòt ki jije li enpòtan pou nou avanse pi lwen ak batay epi pledwaye politik sou zafè finansman agrikilti peyizan yo.

Men demach nou pwopoze pou rive reyalize Fowòm Nasyonal Popilè sou Kredi Peyizan.

Aktivite nan jounen fowòm lan

• Prezantasyon nouvo kad politik ministè agrikilti a sou kredi riral a

• Prezantasyon yon seri eksperyans òganizasyon peyizan sou kredi agrikòl

• Temwayaj sou reyalite kredi mikwo finans yo nan agrikilti peyizan yo

• Atelye pou akouche revandikasyon òganizasyon peyizan yo sou kredi peyizan