Aller au contenu

POZISYON REGWOUPMAN OGANIZASYON YO SOU KRIZ K AP BRASE BIL PEYI A

Apre lekti nou fè ansanm, sou briganday elektoral 28 novanm nan ak sou konjonkti a anjeneral, nou menm òganizasyon ki siyen nòt sa a, nou deside pote pozisyon pa nou, sou sitiyasyon peyi ap viv jounen jodi a. Nou konstate, pouwa anplas la, KEP koupyon an, peyi enperyalis yo ak sèten peyi tchoul enperyalis, vle plonje peyi a nan yon twou san fon. Malgre 12 janvye 2010, malgre kolera k ap depafini ak popilasyon an akoz leta pa t janm pran dezisyon pou amelyore kondisyon sante yo nan kat kwen peyi a, nou konstate divès aktè sa yo antann yo pou yo fè mas yo monte yon masuife epi batay youn kont lòt.


Pandan gwo manifestasyon ki fèt divès kote nan peyi a, gaz lakrimojèn lapolis ak MINISTA simaye tribòbabò nan peyi a, konplike pi plis lavi mas popilè yo, sitou sila yo ki anba tant yo. Pirèd ankò, plizyè moun mouri, blese anba represyon fòs dezòd yo, nan divès depatman nan peyi a.

Pou ki tout latwoublay sa yo? Ki men ki kache dèyè yo ?

Soti 1987 pou rive jodi a, klas dominant yo deja òganize anviwon 7 eleksyon nan peyi a. Men, eleksyon sa yo toujou lage peyi a nan kriz pi rèd. Eleksyon 2010 yo, se youn nan gwo zèl kat kominote enperyalis la te konte sou li pou montre reyisit yo nan peyi a. Pouvwa Lespwa-Inite-Lavalas la te konte sou eleksyon yo tou pou asire yon kontinite nan okipasyon, nan depandans ak nan politik neyoliberal yo. Kominote enperyalis la pa gen pwoblèm ak mòd kontinite sa a, se sitou sa yo bezwen. Tout kandida yo, boujwazi ayisyèn nan, grandon ak tout lòt gwo chabrak nan peyi a pa gen pwoblèm tou ak kontinite sa a. Tout pwoblèm yo se jan pouvwa anplas la vle fè sa. Se sa k fè li ka fasil pou yo jwenn yon dil nan mitan yo. Yo tout makonnen demokrasi a sèlman ak yon keksyon eleksyon. Depi ki lè eleksyon nan sistèm peze souse a, eleksyon anba okispasyon, eleksyon ak kalite leta epi politisyen malatchonn sa yo te konn pote rezilta nan amelyore kondisyon lavi mas yo ?

Mas yo (ti boujwa defavorize, travayè yo, chomè yo, fanm klas defavorize yo, ti komèsan, elatriye) dwe konprann kriz sa a se kriz nan mitan klas piyajè yo ak tchoul yo. Jèn fanm ak jèn gason nan katye popilè yo ak nan divès kwen nan peyi a pa ka tounen epi pa dwe tounen jilè pabal pou politisyen asasen, kriminèl, granmanjè, dilèdwòg, boujwa, grandon ak gwo patron etranje yo. Okenn nan kandida machann peyi sa yo, ni enstitisyon entènasyonal, pisans kapitalis yo, pa kapab chanje leta a, ni rezoud pwoblèm fondamantal mas yo jounen jodi a. YO TOUT KONT NOU !

Ki sans batay jounen jodi a dwe genyen pou mas yo ?

Politisyen tout kalte fè mas yo konprann, « vote se yon dwa, se yon devwa sitwayen. Yo di lè nou pa vote, y ap vote pou nou ». Men yo bliye di nou, lè mas yo pa patisipe nan desizyon k ap pran sou chwa politik ekonomik yo, chwa devlòpman peyi a, nan politik leta ap pran nan divès nivo, politisyen sa yo, boujwazi a, enstitisyon entènasyonal yo ak peyi sousè yo, ap pran tout desizyon yo nan enterè yo sèlman. Kidonk, batay jounen jodi a, pa dwe yon batay pou okipe beton an pou yonn oswa lòt kandida, men se yon batay pou mas yo ka vin aktè nan tout dezisyon yo epi aji nan enterè reyèl yo.

Manifestasyon mas yo dwe chita sou revandikasyon reyèl yo. Se òganizasyon nou ki dwe banyè nou, se revandikasyon nou ki dwe bousòl nou. Mas yo dwe pran beton an epi rete moblize kont okipasyon peyi a sou kèlekswa fòm nan, kont politik ekonomik neyoliberal k ap voye plis moun nan chomaj ak mizè, kont pouvwa anplas la k ap sipòte MINISTA ak tout kolera li pote nan peyi a, kont tout fòm dominasyon ak esplwatasyon pèp la anjeneral epi travayè yo ap sibi anba men grandon, boujwa restavèk, politisyen rat dokale ak gwo palto ki nan leta piyajè a.

Se pou sa fòk mas yo kontinye ranfòse òganizasyon yo nan tout nivo. Ann gonfle fòs nou pou nou sèvi pwòp enterè nou epi konstui pwòp altènativ nou kont tout solisyon malatchonn pisans kapitalis yo, pouvwa anplas la, boujwazi restavèk la ak politisyen san fwa ni lwa yo.

ABA POLITISYEN MALATCHONN

ABA LETA ANTIPOPILE

ABA MINISTA KOLERA

VIV OGANIZASYON AK REVANDIKASYON MAS YO

Pou Otantifikasyon :

Yanick ETIENNE (Batay Ouvriye)

Guy NUNA (Mouvman Demokratik Popilè)

Sanon REYNELD (Inivèsite Popilè)