Aller au contenu

Nòt pou lapres Kaba Grangou

Nan kad kanpay “KABA GRANGOU” ki reyini òganizasyon peyizan; fanm ; jèn; ekolojis nan diferan depatman peyi a nou te reyini nan kwadèboukè nan dat 16 pou rive 19 novanm 2010 la pou boukante lide sou ansanm pwoblèm kap bwase bil peyi a tankou:


• Pwoblèm evènman natirel (tranbleman tè, siklòn, inondasyon , chanjman klimatik , epidemi kolera );
• Pwoblèm eleksyon anba okipasyon;
• Mak fabrik refondasyon nasyon an apre 12 janvye 2010 la.

Ayiti akòz pozisyon jeografik li ap sibi yon seri dega ki vin agrave ak koze chanjman klimatik la. Mete sou sa yon leta manfouben, dirijan kowonpi kap dilapide resous peyi a, lage pèp la nan plis mizè toujou. Nou menm sektè peyizan nan mouvman sosyal pwogresis ayisyen an, nou deside aji kote nou pral batay ansanm ak lòt pèp sou latè nan peyi Meksik (Cancun) pou bay dizon pa nou sou zafè chanjman klimatik la.

Nou konstate:

– Pèp ayisyen an lage debwa pandye san sekou devan yon latriye malè pandye ki sou tèt li tankou gwo trambleman tè 12 janvye a; van ak inondasyon, siklòn elatriye..

– Jan leta a chapante gen yon estrikti ki rele systèm nasyonal jesyon risk ak dezas ki poko jwenn wout li, ki chita ap fonksyone nan telvizyon pòtopwens nan yon peyi kote pa gen mwayen kominikasyon ni elektrisite pou tout moun.

– Nan fason Leta a chapante toujou, nou wè gen yon swadizan ministè anviwònman ki vin ogmante kantite amplwaye sou kont Leta san l pa jwe okenn wòl nan yon peyi kote anviwònman an sou lagraba nèt.

– Jounen Jodi-a peyi Dayiti frape ak yon gwo epidemi Kolera kap simen lanmò devan dèyè nan mitan pèp la, ki daprè anpil moun jwenn orijin li nan move jesyon dechè kontenjan MINISTA. Kesyon kolera a gen anpil Konsekans sou agrikilti peyi a, kote moun vin pè manje manje lakay tankou diri latibonit , bèt ki nan lanmè, legim ak fri ki sòti nan jaden peyizan yo pandan pwodi pèpè yo menm ap taye banba pi plis nan peyi a. Laperèz maladi sa pote gwo konsekans tou pou moun kap travay nan sektè enfòmel la tankou machann manje kwit ak tout malere, malerèz kap chache lavi.

Se nan kondisyon sa yo gouvènman an ak konplisite enperyalis yo foure peyi a nan zafè eleksyon anba okipasyon kote gwo revandikasyon fondalnatal sektè peyizan ki reprezante majorite popilasyon an pa nan priyorite okenn kandida. Okenn gouvènman serye pa tap aksepte yon fòs okipasyon ki vin an vakans pandan lap fè lajan, kadejak , gagòt adwat agòch sou teritwa l e menm rive simen dèy nan mitan pèp la. Olye dirijan manfouben sa yo te pwofite evènman 12 janvye a pou lanse yon apèl bay tout sektè pou aksepte kat la rebat nan kad refondasyon nasyon an, yo pito remèt destine peyi a tèt bese nan siyen tout kalite plan ki sòti nan “ PDNA” anba lobedyans kominote entènasyonal la kap louvri venn peyi a bay CIRH ak Bank Mondyal elatriye.

Devan sitirasyon malouk sa a, KANPAY KABA GRANGOU vle fè nasyon-an konnen :

– Si eleksyon 28 novanm lan kontinye dewoule nan kòken, magouy, vyolans ak paspouki, peyi a pral plonje nan gwo katchouboumbe pi rèd;

– Leta Ayisyen genyen obligasyon pou fè limyè sou orijin epidemi kolera-a nan peyi-a san pèdi tan epi egzije reparasyon sa mande ;

– Nan nivo peyi a menase la a, jwenn ak kantite moun ki viktim apre chak katastwòf espesyalman apre 12 janvye a, kesyon Anviwonman ak pwoteksyon lavi moun dwe premye priyorite tout gouvènman serye ;

– Plan envestisman agrikòl sa ki se pitit PDNA, pa bay posiblite pou remanbre sektè a paske li pa di anyen sou kèk eleman enpòtan tankou refòm agrè entegral, valorizasyon pwodiksyon natif natal ak mekanis pwoteksyon pwodiksyon lakay;

– KANPAY KABA GRANGOU pral patisipe nan fowòm altènatif Cancun pou l fè fas kare ak konferans LONI sou chanjman klimatik nan lide pou :

1. Defann yon modèl devlopman ki chita sou respè lavi moun ak pwoteksyon anviwonman.

2. Defann yon agrikilti san OGM ni agwokabiran

3. Fè swivi angajman peyi Dayiti nan sa ki gen pou wè ak kèk konvansyon entènasyonal sou chanjman klimatik ak jesyon risk ak dezas.

4. Mete aksan sou enpòtans solidarite ki egziste nan mitan pèp ayisyen an aprè 12 janvye ki pa sòti nan okenn gwo rapò nasyonal ak entènasyonal.

5. Mete aksan sou enpòtans koperasyon peyi sid ak peyi sid ki bay ti peyi yo gwo opòtinite pou jwenn yon lòt modèl devlopman ki koupe fache ak sistèn mondyalizasyon peze souse (egzanp Akò Petrokaribe ak koperasyon Ayiti/Kiba).

6. Pataje eksperyans lòt pèp ap mennen sou koze chanjman klimatik.

Pou jwenn meyè jesyon resous nou yo ak bon jan koyerans nan aksyon ki dwe menen yo, fòk aparèy Leta a makonnen agrikilti ak anviwònman nan yon sèl chapant kap sèvi tout bon vre peyi a ak sektè peyizan an an patikilye nan yon bidjè envestisman ki chita sou finansman lokal tankou, tàks ak lajan ke petwokaribe a donnen olye nou pote kwi nou devan kominote entènasyonal la.

Pou tout rezon sa yo kanpay “KABA GRANGOU” mande tout òganizasyon peyizan, ouvriye/yèz, fanm, jèn, asosyasyon sosyo pwofesyonèl, òganizasyon kap defann dwa moun nan tout peyi a pou gonfle fòs nou ansanm pou fè fas kare ak antrepriz kriminèl, asosyasyon malfektè, Leta manfouben an epi fòse dirijan yo pran vwa ki mennen peyi a sou devlopman ki chita sou valorizasyon patrimwan nasyonal la.

Oganizasyon ak enstitisyon ki siyen nòt la pou KABA GRANGOU se :

MPNKP

CROSE

CONAFAP

MPP

RENAHSSA

TET KOLE

COSADH

APV

Via Campesina Haiti

CLOC Haiti

PAPDA

Action Aid

Rebati Anviwònman se Kore Agrikilti lakay, Yanm pou Petwòl !!!

!Globalize lit la , globalize lespwa!!!

OGANIZASYON OU LANMÒ !!!