Aller au contenu

POZISYON TET KOLE SOU ELEKSYON NOVANM 2010 YO

Nan okazyon eleksyon novanm 2010 yo, Komite Egzekitif Nasyonal Pèmanan TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN (KENPTK) ap raple tout dirijan ak kad TK, tout manm TK ak rès peyizan nan 10 depatman peyi a, tout bouradè ak zanmi TK, tout près la ak piblik la anjeneral : JISKA NOUVÈLÒD, TÈT KOLE PA GEN KANDIDA, NI TÈT KOLE PAP APIYE OKENN KANDIDA NAN ELEKSYON KOMINOTE ENTÈNASYONAL LA AK GOUVÈNMAN AN ANONSE POU METE PREZIDAN, SENATÈ AK DEPITE PA YO POU KONTINYE DIRIJE PEYI A NAN ENTERÈ PA YO, KONT ENTERÈ PEYI A AK ENTERÈ PÈP AYISYEN AN.


Konsiy Asanble Nasyonal TET KOLE sou eleksyon klè kon dlo kòk. Li di : annatandan TK ak lòt mouvman sosyal popilè yo rive akouche pwòp altènativ politik pa yo, TK ka gen kandida oswa apiye kandida, sèlman nan 3 kondisyon sa yo :

  1. Fòk patisipasyon TK nan eleksyon yo fèt nan kad yon regwoupman plizyè òganizasyon popilè / pwogresis.
  2. Fòk kandida yo deside apiye a bay prèv l ap soutni yon pwojè politik popilè / pwogresis, ki nan enterè pòv yo.
  3. Fòk desizyon pou patisipe nan eleksyon an soti nan Kongrè osnon Asanble Nasyonal TET KOLE.

Jodi a 3 kondisyon sa yo poko ranpli. E lè n gade kandida pati ak regwoupman politik yo prezante pou prezidan, pa gen youn ladan yo ki parèt ak yon pwogram politik ki koresponn ak vizyon yon pati politik ki ka pote osnon ki ka soutni, menm yon ti kras, osnon pou yon ti moman, yon pwojè politik popilè / pwogresis / demokratik.

Kandida pou prezidan ki jiska prezan parèt plis devan nan sondaj yo, anrasinen swa nan vizyon politik dedwat ak ekstrèm dwat ki pa janm danse kole ak mas pèp la depi 1804, swa nan kontinwite politik lavalas popilis anachis la k ap amadwe epi lolo pèp la depi 20 lane pou ka sèvi avè l pi byen, nan enterè gwo lidè politik yo ak gwo boujwa ti koulout.

Anplis, nan venn tou 2 gwo kouran politik sa yo se san restavèk pisans etranje kap koule. Jodi a, se konkou y ap fè pou wè kiyès nan kandida yo kap rive montre li gen plis talan ak plis konpetans pou sèvi enterè blan an pi byen. Anverite, ak kalite kandida sa yo, vrè enterè peyi a ak vrè enterè mas pèp la pap ka fè yon pa kita, yon pa nago!

Kanta kandida pou plas senatè ak depite yo, si w pase yo nan paswa gwo krib, se apèn si w ka jwenn 2 zou 3 ki rete. Si w ta rive konte ant 5 ak 10 ki rete nan krib la, ou ta mèt konsidere sa kòm yon gwo pa pozitif ki ta merite jwenn ankourajman mas pèp la atravè òganizasyon popilè ak pwogresis li yo !

Kidonk tout moun ki ta wè nan eleksyon sa yo yon mwayen pou mas pèp la ta soti nan ma labou li ye jodi a, detwonpe nou ! Kale je nou ! Rete klè, veyatif epi vijilan. Eleksyon sa yo se yon kokenn jwèt koken makyavelik fòs okipasyon etranje yo ak gouvènman Preval / Bellerive la ap planifye pou chache kenbe epi ranfòse dominasyon ak pouvwa pèsonèl yo sou peyi a ak sou mizè pèp ayisyen an. Se pa pou anyen jwèt la make san depi kanpay la kòmanse !

Pou tout rezon sa yo Komite Egzekitif Nasyonal TK envite dirijan, kad ak manm TET KOLE nan 10 depatman peyi a, fè tout jefò pou respekte epi fè aplike toupatou konsiy ak modòd Asanble Nasyonal mouvman an. An menm tan nou envite yo rafrechi lizyè yo sou dispozisyon atik 53.1 ak 53.2 Regleman Entèn TK yo prevwa kont tout manm ki ta devye prensip oryantasyon ak règ mouvman an, nan non enterè pèsonèl yo oswa enterè politik pa yo.

Pou pèp ayisyen an k ap trimen jouk jodi a anba tant, 10 mwa aprè tranbleman tè a epi ki pran anba kolera okipan yo, nou di kouraj ! Ann goumen pou kanpe pwòp fòs politik popilè pa nou kòm altènativ politik ki kapab rive wete nou nan mera!

ELEKSYON ANBA OKIPASYON FOS ETRANJE AK GOUVENMAN RESTAVEK PA YON SOLISYON POU MAS PEP
FOS PEP LA AK AVNI PEP CHITA NAN KONSTRIKSYON BON JAN OGANIZASYON POLITIK POPILE AK PWOGRESIS

POU KENPTK,

ROSNEL JEAN BAPTISTE

JÈTA LOZAMA

JEAN HERILIS