Aller au contenu

Tèt Kole mande jistis pou masak ti peyizan Jan-Rabel

Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen – Konferans pou la pres nan okazyon 23e anivese masak ti peyizan Jan-Rabel ak Bochan yo.

Rekonstwiksyon peyi a pa ka fet san desantralizasyon ak relansman agrikilti ti peyizan yo.

– 23 Jiye 1987 – 23 Jiye 2010, 23 lane depi grandon, Lame dayiti, chef seksyon ak tout lennmi anti chanjman nasyonal ak entenasyon ki tap pote pwoje enperyalis la te mete tet yo ansanm pou planifye epi reyalize pi gwo masak sou ti peyizan Gwoupman tet ansanm Jan-Rabel ak Bochan.

– Kriminel yo te fe masak 23 jiye 1987 la, pou tet peyizan Jan-Rabel ak Bochan te leve kanpe kont plan ameriken te genyen pou peyi a. Deja nan ane 1980 yo, ti peyizan GWOUPMAN TET ANSANM Jan-Rabel tap rele anmwe kont manje sinistre ak tout lot pwodwi pepe, kont leta ak dives gouveneman ki pase yo epi gwo peyi enperyalis yo, te kómanse voye achte lot bo dlo pou te anvayi tout mache peyi dayiti, la vil, nan plenn tankou nan mon. Objektif yo te kle depi le sa a: yo kraze agrikilti peyi a, yo mete pep ayisyen ajenou epi kenbel nan trip.


– Jounen jodi a pwoje sa a paret kle paske ou pa ka kouvri soley la ak dwet ou, 12 Janvye sot pwouve sa Gouvenman an ap pale de politik devlopman agrikol lap fe piblisite pou diri tchako, li louvri vant peyi a bay fondasyon jatrofa pou plante metiye (jatrofa) pou pwodwi gaz pou machin mache pandan pep ayisyen an ap mouri grangou, li asepte resevwa semans OGM nan men konpayi MONSANTO, youn nan konpayi kriminel nan moman lage Vyetnam, nan ane 1961 rive jis nan 1971, MONSANTO te pwodwi yon ebisid yo rele ajan oranj, ebisid sa lakoz lanmo 400000 Vyetnamyen epi ki lakoz 500000 ti moun fet ak defomasyon konjenital

– Kriminel yo te oganize masak 23 jiye 1987 la, pou tet peyizan Jan Rabel tap reklame dwa pou tout te leta grandon te fe dap piyanp sou yo vini nan men ti peyizan yo jan sa di nan atik 36 konstitisyon 1987 la te dwe rete nan men moun kap travay te.

– Kriminel yo te reyalize masak 23 jiye 1987 la poutet peyizan Jan-Rabel yo, nan pozisyon yo te konn pran ak nan pratik yo, te montre akle yo tap goumen pou tabli nan peyi a yon lot kalite pouvwa ekonomik ak sosyal, nan yon lot kalite sosyete ki pa danse kole ak enjistis, inegalite, eksklizyon, eksplwatasyon ak dominasyon.

– Jounen jodia 23 lane apre tout kondisyon kite lakoz masak ti peyizan Jan Rabel ak Bochan yo kontinye ekziste nan reyalite ekonomik, politik ak sosyal peyi a, okontre kondisyon yo vin pi makaron.

– Jodia, zafe jistis pou pep ayisyen an pa antre nan priyorite gouvenman Preval-Belriv la .Konsa kriminel yo ap taye banda toupatou anba baget enpinite 23 lane apre kisa leta ak gouvenman an ap tann pou arete epi jije kriminel yo,bay viktim ak paran viktim yo jistis ak reparasyon .23 lane apre Tet Kole Ti Peyizan Ayisyen ap mande.Eske responsab leta yo poko pran konsyans gwose dega ensekirite a ap fe nan peyi a? Eske se konsa responsab yo vle pou pep la kontinye viv ?

Nan okazyon 23e anivese masak 139 ti peyizan Jan rabel yo Tet Kole Ti Peyizan Ayisyen ap ekzije gouvenman an, leta ayisyen pran responsablitel,pou fini ak sistem enpinite nan peyi a. Pandan nap ekzije gouvenman satisfe revandikasyon sa yo:

1. Rekonet 23 jiye kom jounen nasyonal peyizan.
2. Arete epi jije tout prezime kriminel ak konplis ki te patisipe nan masak Ti Peyizan Jan Rabel yo.
3. Sispann likide peyi a ak kominote entenasyonal la.
4. Rebati Peyi a apati milye riral la .
5. Relanse agrikilti ti peyizan yo.
6. Pran mezi nesese pou desantralise peyi a.
7. Pran desizyon retounen bay MONSANTO tout semans OGM kap vin fini ak agrikilti peyi a.
8. Fok leta ak gouvenman pran mezi nesese pou desokipe peyi a.

Pou sa nou fe apel ak tout oganizasyon, enstitisyon popile konsekan nan peyi a, mobilize ansanm pou goumen kont leta enpinite sa a nan peyi a.


VIV LIT PEYIZAN AK TOUT LOT SEKTE KONSEKAN NAN PEYI A.
SEL FOS NOU SE BON JAN OGANIZASYON POPILE KONSEKAN GRANMOUN.

ABA OKIPASYON

Pou komite ekzekitif nasyonal Tet Kole Ti Peyizan Ayisyen

______________ ____________ ________________
Rosnel Jean Baptiste Gerta Louisama Jean Jacques Henrilus