Aller au contenu

GARR salye kouraj tout deplase anndan peyi Dayiti

Gwoup pou apiye Rapatriye ak Refijye /GARR salye kouraj tout fanmi k ap lite nan 4 kwen peyi Dayiti pou travèse gwo malè, chagren, mak blese, ak privasyon tout kalte, tranblemann tè 12 janvye 2010 la trennen dèyè l.


Depi dat sa a, peyi Dayiti vin gen yon gwo kategori migran/migrant yo rele deplase entèn, kidonk moun ki blije kite kay yo, pou y al tabli yon lòt kote san yo pa kite peyi a. Nan kapital la sèlman, deplase entèn yo plis pase yon milyon moun ki nan lari, sou plas piblik, nan divès kan pasi pala. San konte, plizyè dizèn milye moun ki pèdi kay yo e k ap viv nan lari Gresye, Lewogàn, Jakmèl, Miragwàn, Tigwav ak lòt vil peyi a ki akeyi yon bann fanmi ozabwa.

Se vre depi kèk ane, te toujou egziste nan peyi a, yon gwo mouvman moun ki kite zòn kote y ap viv pou yo rantre nan vil yo ak kapital la pou chache lavi miyò. Se vre tou, depi kèk ane, avèk anviwonman an ki an degraba, plizyè fanmi deplase akòz siklòn, deboulonnay tè. Nou pa p bliye tou, moman ensekirite ki konn pwovoke anpil deplasman popilasyon nan katye cho nan Potoprens ak lòt kote nan peyi a.

Men, jounen Jodi a, nou anfas yon reyalite tou nèf nan sa ki konsènen deplase entèn. An nou konsidere sèlman kantite moun ki blije deplase, plis pase yon milyon, nan yon ti bout tan, pandan nan menm moman an, n ap kriye lanmò plis pase 200 mil moun ak plizyè milye lòt ki pèdi moso nan kò yo e ki bezwen swen espesyal. Jodi pou demen, yon bann fanmi twouve yo pi pòv, san anyen nan men yo, nan dezespwa.

Reyalite tou nèf sa a ki parèt tankou yon gwo miray, mande pou n al chache pi lwen toujou nan rezèv rezistans, ladrès, entèlijans nou kòm pèp, men sitou konviksyon ak solidarite nou kòm moun ki pataje yon menm bout tè, e ki santi nesesite pou nou bati yon lòt lavi ki gen kòm mak fabrik diyite, respè youn pou lòt ak pwoteksyon pou gwoup ki pi frajil yo.

Nan sitiyasyon move tan k ap vante sou peyi a chak jou pi plis, nou dwe fè tout jefò pou dwa lavi, ak tout dwa fondalnatal yon milyon deplase entèn nou yo respekte.

Gen enstitisyon manm Platfòm GARR ki soti plizyè rapò ak lèt tou louvri deja bay otorite Leta yo sou sitiyasyon yon bann fanmi apre gwo dezas 12 janvye 2010 la. Enstitisyon sa yo fè yon seri rekòmandasyon bay otorite peyi a nan lide pou yo akonpaye popilasyon an espesyalman popilasyon deplase entèn yo, yon fason pou dwa yo kòm moun, kòm sitwayen, sitwayèn, respekte. ( Lèt tou louvri JILAP, 3 fevriye 2010)

Konsèy Administrasyon GARR pwofite okazyon an pou renouvle tout sipò li bay manm Platfòm nan ki viktim swa onivo pèsonèl yo, fanmi yo, oswa ki pèdi lokal yo, tankou Sant Kal Levèk, Haïti Solidarité Internationale ak Sant Pon Ayiti. Nou pap bliye tou jefò divès òganizasyon k ap travay nan sektè dwa moun nan peyi Dayiti ap fè pou janbe difikilte yo, pou yo ka kontinye akonpaye pèp ayisyen an.

Konsèy Administrasyon an salye jès solidarite ki manifeste anfavè Ayiti nan divès kominote Ayisyen/Ayisyèn k ap viv aletranje, san konte jès anpil lòt peyi sou latè, kote plizyè ladan yo pèdi sitwayen/sitwayèn yo nan moman katastwòf 12 janvye a .

Pou fini, Konsèy Administrasyon GARR remèsye vwazen dominiken yo ki prezan avèk pèp ayisyen an depi premye jou apre katastwòf la. Konsèy la wete chapo l devan gwo jefò sosyete sivil ak gouvènman dominiken an fè pou manifeste solidarite yo sou divès fòm bay viktim yo nan peyi Dayiti.

Serge Lamothe – Prezidan Konsèy Administrasyon GARR