Aller au contenu

Nòt pwotestasyon kont deklarasyon prezidan dominiken an, Leonel Fernandez, fè sou Ayiti devan Palman fransè a

GARR – 3 desanm 2009 – Nou menm enstitisyon k ap travay pou fè respekte dwa ak diyite pèp ayisyen an toupatou, nou sezi tande ki jan prezidan dominiken an, Leonel Fernandez, foure bouch li nan zafè politik peyi a, lè li mande devan Palman fransè a : pou MINISTA rete 10 lane ankò nan peyi a; epi tou pou rejim politik peyi a chanje, sa vle di, soti nan gouvènman a 2 tèt, prezidan/premye minis, pou retounen nan rejim prezidansyèl la.


Èske Ayiti vann dwa grandèt majè li nètale bay lòt peyi piske nou konnen mòd desizyon sa yo, se sèlman pèp ayisyen an ki gen dwa pran yo ? Pwopozisyon ki fèt pou amande Konstitisyon 87 la, pa touche rejim politik la : Ki kote prezidan Fernandez jwenn koze sa a ? Èske se prezidan Preval ki ba l dwa pale konsa ? Osinon, èske gen lòt gwo peyi ki kache dèyè pozisyon sa a ?

Mòd deklarasyon sa yo, se yon fòm enjerans ki pa p fasilite relasyon ak lapè nan mitan 2 pèp yo paske li montre aklè entansyon Repiblik Dominikèn pou apiye yon pwojè dominasyon majorite pèp ayisyen an pa aksepte.

Pou lonè ak diyite pèp ayisyen an, nou mande tout inivèsitè, tout manm òganizasyon, tout sitwayen, sitwayèn ayisyen konsekan pou yo egzije prezidan Preval ak tout gouvènman an, ansanm ak Palman an :

– Tabli yon kalandriye klè sou depa MINISTA nan peyi a;

– Pran bon jan dispozisyon pou Ayiti responsab pwòp sekirite l.

Nou lanse yon apèl bay tout kandida ak Pati Politik ki reve dirije desten peyi sa a, soti nan silans yo pou mande otorite an plas yo :

– Sèvi ak tout mwayen dwa entènasyonal la bay, pou fè prezidan Leonel Fernandez respekte dwa ak diyite pèp ayisyen an, tout kote l pase.

Nou ankouraje tout sitwayen/sitwayèn ak tout òganizasyon konsekan rete veyatif sou ki mòd refòm yo prevwa fè nan Konstitisyon an. Nou envite yo kontinye mete tèt ansanm pou konstwi yon peyi granmoun, ki reprann libète l ak diyite l.

Pou Platfòm GARR :

Pè Yves Edmond
SANT PON AYITI

Serge Lamothe
Prezidan Konsèy Administrasyon SANT PON AYITI