Aller au contenu

Pwogram aktivite pou selebrasyon jounen lang Kreyòl

Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal (SAKS) ap òganize yon latriye aktivite pou komemore jounen lang kreyòl . Sòti 20 pou rive 29 oktòb 2009 la, SAKS ap reyalize plizyè konferans ak chita pale.

Si w bezwen plis enfòmasyon, verifye pwogramasyon an kin an suit atik la.

afich_28oktob_denye_vesyon.pngKonferans 1, Madi 20 oktòb, 10è am (FLA)
Tèm: “Demach nesesè pou aplikasyon yon politik lengwistik an Ayiti.”
Entèvenan: Pierre Vernet

Konferans 2, mèkredi 21 oktòb, 10è am (FLA)
Tèm : “Lang kreyòl kòm zouti revolisyon sosyal”
Entèvenan: Jean Anil Louis Juste.

Konferans 3, mèkredi 21 oktòb, 3è pm (FLA)
Tèm: “Kisa ki (ka) fè orijinalite Rap Kreyòl la?”
Entèvenan: Pierre Rigaud Chéry.

Konferans 4, jedi 22 oktòb, 10è am (FLA)
Tèm: “Diferan apwòch teyorik sou kreyòl: konvèjans ak divèjans.”
Entèvenan: Lemète Zéphyr, Iv Dejan, Ernst Mirville

Konferans 5, vandredi 23 oktòb, 10è am (Bibliyotèk Nasyonal)
Evolisyon pwezi kreyòl soti nan Chouchoune pou rive jodi a / Evolisyon resi kreyòl soti Dezafi pou rive jodi a. Ki pwogrè ?
Entèvenan: Jean Euphèle Milcé, Georges Castera.

Konferans 6, Lendi 26 oktòb, 10è 30 am (FLA)
Tèm : “Kòmantè sou prensip Bwa Kayiman.”
Entèvenan: Pierre Michel Chéry

Konferans 7 Lendi 26 oktòb, 3è pm (FLA)
Tèm: “Ki wòl lang kreyòl dwe jwe nan travay inivèsitè an Ayiti?”
Entèvenan: ASID (Asosyasyon Inivèsitè ak Inivèsitèz Desalinyen).

Konferans 8, madi 27 oktòb, 10è am (FLA)
Tèm: “Ki referans kiltirèl pou Ayisyen an jodi a?”
Entèvenan: Bayyinah Bello, Jean Yves Blot

Konferans 9, madi 27 oktòb, 10è am (Bibliyotèk Nasyonal)
Tèm: “Ki politik Près Nasyonal pou l ankouraje moun ekri nan lang pèp la jodi a ?”
Entèvenan: Willems Edouard

Konferans 10, madi 27 oktòb, 3è pm (FLA)
Tèm: “Ki politik konpayi telefòn yo sou itilizasyon 2 lang ofisyèl peyi a?”
Entèvenan: Reprezantan Haïtel.

Konferans 11, mèkredi 28 oktòb, 10è am (FLA)
Tèm: “Vodou ak Krisyanis an Ayiti: evolisyon rapò yo soti 1942 rive jodi a.”
Entèvenan: Rachel Beauvoir, Jean Hoët, Carole De Lynch, Edner Jeanty

Konferans 12 , jedi 29 oktòb, 10è am (FLA)
Tèm: “Rapò ant kreyòl Ayisyen, Lang Afriken ak Vodou.”
Entèvenan: Max G. Beauvoir

Konferans 13, jedi 29 oktòb, 10è am (FLA)
Tèm: “Lang kreyòl nan batay politik an Ayiti.
Entèvenan: Liliane Pierre Paul.

Konferans 14, jedi 29 oktòb, 3è pm (FLA)
Tèm: “Ansèyman kreyòl kòm lang etranje”
Entèvenan: Renauld Govain

Afich 28 oktob