Aller au contenu

Represyon pa represyon, batay pou piblikasyon salè minimòm 200 goud la, pap kanpe nan wout

Batay Ouvriye, CTSP, STAIA, Antèn Ouvriye, SOFA, MODEP, ROZO, Saj/veye yo, Chandèl1

Depi manifestasyon nou te fè sou non Kolektif pou yon lòt premye me, nan okazyon premye me 2009 la, noumenm òganizasyon ki siyen nòt sa a, nou konstate gouvènman Preval / Pyèlui a monte yon tren represyon pou fè fas kare ak tout moun k ap mande ògmantasyon salè minimòm nan. Malgre pouvwa a te voye lapolis kraze manifestasyon nou t ap fè nan okazyon premye me a, senatè yo te blije vote salè minimòm nan, 200 goud, nan menm sans ak depite yo.


Depi lè sa a, divès boujwa koutye kapitalis entènasyonal la, leve kanpe pou anpeche egzekitif la pibliye lwa sa a nan jounal Monitè, ki se jounal ofisyèl leta a. Egzekitif la bò kote pa li, fè kò ak boujwa koutye yo pou li pa pibliye lwa a. Devan dilatwa k ap fèt yo, etidyan nan Inivèsite leta a, ki konprann jwèt la, lanse yon mobilizasyon depi anviwon 3 semèn pou fòse pouvwa Preval/Pyèlui a pibliye lwa a.

Men, olye egzekitif la pibliye lwa a, li pito fè represyon sou tout moun k ap mande 200 goud pou ouvriye k ap bourike tankou esklav nan faktori koutye kapitalis entènasyonal la. Tout moun ki pat konprann si peyi a anba okipasyon, konstate jounen jodi a, veritab wòl MINISTA, se defann enterè kapitalis nasyonal ak entènasyonal la, bò kote lapolis ak gouvènman neyoliberal Preval/Pyèlui a. Entèvansyon brital MINISTA ak Lapolis nan lopital jeneral, nan Syans Zimèn, nan Fakilte Dwa, nan Medsin, nan Lekòl Nòmal ak nan Etnoloji, montre aklè, pouvwa a ak fòs okipasyon an deside fè tout sa yo kapab pou defann enterè boujwazi entènasyonal la ak boujwa koutye yo.

Noumenm òganizasyon ki siyen nòt sa a :

1)Nou denonse ak tout fòs nou, tout zak represyon pouvwa anplas la ak boujwazi a voye lapolis ak MINISTA al fè sou etidyan yo ak lòt moun nan popilasyon an.
2)Nou denonse vyolasyon PHN ak MINISTA ap fè nan espas inivèsite a
3) Nou mande palmantè yo, pou yo pa pran nan chantaj boujwazi a ak pouvwa anplas la, salè minimòm nan dwe rete 200 goud, jan li deja vote a.
4)Nou mande liberasyon san kondisyon tout moun ki anba men lajistis nan kad batay pou salè minimòm nan
5)Nou kore ak tout fòs nou, batay pou rèfòm Inivèsite a. Batay pou refòm Inivèsite a ak batay kont dominasyon ak eksplwatasyon, se menm konba a.

Ouvriye, peyizan, etidyan ak pwofesè pwogresis, ti machann, militan nan katye popilè yo, mas popilè yo anjeneral, pandan n ap veye raketè epi reziste kont tout atoufè ki espesyalize nan kraze zo, k ap aji sou lòd egzekitif la ak enperyalis la, n ap kontinye mobilize san pran souf pou salè minimòm 200 goud la epi pou kaba ak okipasyon peyi a. Se dwa nou pou nou manifeste, okenn fòs represif ak kraze zo, okenn pouvwa restavèk pap ka wete dwa sa a nan men nou. Ann rete soude pou tout mobilizasyon k ap kontinye fèt nan jou k ap vini yo. Zafè 200 goud pou 2012 la pap pase.

200 goud tousuit pou salè minimòm nan!
Viv yon peyi Granmoun!
Aba okipasyon!
Aba represyon!
Viv bonjan refòm anndan Inivèsite a!

Batay Ouvriye, CTSP, STAIA, Antèn Ouvriye, SOFA, MODEP, ROZO, Saj/veye yo, Chandèl

Pou otantifikasyon:

Yanick Etienne (Batay Ouvriye)
Dukens Raphael (CTSP)
Guy Numa (MODEP)