Aller au contenu

Konferans deba sou salè minimòm

Antèn Ouvriye, Enstiti Kiltirèl Kal Levèk (ICKL), Platfòm Ayisyen k ap Plede pou yon Devlopman Altènatif (PAPDA) ap òganize madi 10 mas 3 zè nan aprèmidi nan oditoryòm fakilte Etnoloji.

Nan mwa ki sot pase a, Chanm depite a vote yon pwojè lwa ki fikse salè minimòm lan 200 goud. Patwon yo menm ap fè presyon pou senatè yo pa vote lwa sa a.


Ki sa pou nou konprann nan fiksasyon salè minimòm ?

Vin bay repons pa w sou kesyon sa a, nan yon konferans deba ANTÈN OUVRIYE, ICKL, PAPDA ap òganize madi 10 mas nan 3 zè aprèmidi nan oditoryòm fakilte Etnoloji.

Fè solidarite ak ouvriye ak travayè yo se yon devwa tout pwogresis k ap goumen pou chanje reyalite a.

Entèvenan : pwofesè Camille Chalmers, Didier Dominique, Depite Hugues Celestin

Pou :Moun, Gwoup, òganizasyon ak enstitisyon patnè.