Aller au contenu

Pozisyon MODEP sou fo kriz gaz la

Biwo Ekzekitif PAPDA envite nou li e difize kominike MODEP sou « fo kriz gaz la »

Pozisyon MODEP sou fo kriz gaz ki gen sou mache a

Depi nan koumasman ane a, Mouvman Demokratik Popilè konstate Leta ak distribitè gaz yo, kreye yon fo kriz gaz sou mache Ayisyen an. Nan kat kwen peyi a, sitwayen yo, anpatikilye chofè yo gen gwo difikilte pou yo jwenn gaz pou mennen aktivite yo. Pandanstan, nan tout kwen nan peyi a, gaz nan galon ak nan dwoum fè kenken. Douvan sitiyasyon tèt chaje sa a, moun yo bay tout kalite esplikasyon sou sa k ap pase a. Sèten manm nan ANADIPP di se pwoblèm livrezon, gen lòt ki di se pwoblèm kominikasyon. Gouvènman an bò kote pa li, atravè ministè finans deklare pa gen rate gaz sou mache. Sa ki fè nou kwè se bès pri gaz la ki bay ANADIPP pwoblèm.

Mask Demokratik ANADIPP la tonbe plat atè

Chak fwa pri petwòl la ogmante nan nivo entènasyonal, pouvwa anplas la pa janm pran tan pou monte pri gaz la sou mache Ayisyen an. Nan moman pri petwòl la te kòmanse desann, gouvènman an te pran anpil tan pou li te desann pri gaz la sou mache a. ANADIPP te pwofite moman sa a, pou li fè kouri yon fo pwopagann pou fè moun kwè distribitè pwodui petwolye yo kidonk yomenm, mèt estasyon gazolin yo enterese nan bès pri pwodui sa yo. Semèn sa a, konpòtman ANADIPP nan kriz gaz la, demaske fo pwopagann sa a.

a) Sa parèt aklè nan atitid yo pran nan sere gaz pou fè pri a monte depi dènye kominike gouvènman an pou pri gazolin 91 lan desann. Sa montre konpòtman atoufè distribitè yo ki pa gen okenn sansiblite pou chofè, pasaje, mas popilè yo an jeneral, k ap trimen anba lavichè devan aplikasyon politik neyoliberal la diferan gouvènman ayisyen ap aplike nan peyi a depi plis pase ventan epi ki kontinye ap aplike jouk jounen jodi a sou pouvwa Preval/Michelle P. Louis a.

b) Sa montre tou distribitè pwodui petwolye yo pa deside rate okazyon pou fè plis kòb sou do mas popilè yo chak fwa sa posib.

Depi plis pase senkan gouvènman ayisyen yo fikse maj pwofi yo an dola ameriken pa galon pou distribitè pwodui petwolye, yon fason pou varyasyon pri pwodui sa yo pa deranje yo. Dirijan yo ogmante maj pwofi distribitè yo tanzantan pandan pri pwodui petwolye yo t ap plede ogmante sou mache entènasyonal la. Nan dat 13 oktòb 2003, ANADIPP jwenn 25 santim anplis sou chak galon gazolin 95, anvan sa li te 22 santim. Nan menm moman an, ANADIPP jwenn 25 santim anplis sou gazolin 91 lan, anvan sa, li te 17 santim. Sa rete konsa jiskan mas 2007. Enpòtasyon total gazolin soti nan 2003 rive jouk nan mitan mas 2007 te monte 137 669 100 galon. Sa rapòte ANADIPP 3 milyon 441 mil 727 dola 50 anplis pou peryòd la, lè n konsidere to chanj mwayen an ki te 39 goud 48 pou yon dola ameriken. Sa ki reprezante 135 milyon 879 mil 401 goud 70. Se yon kantite lajan ki te dwe rantre nan bidjè leta, otorite yo transfere nan kès ANADIPP. Alòske, lajan sa a te ka finanse yon bann aktivite sosyal nan peyi a. Kidonk, mande pou chita ak gouvènman an jounen jodi a pou fiske pri pwodui petwolye yo ap rantre nan menm estrateji pou fè plis kòb sou do konsomatè yo.

Nou ka konprann pou ki sa ANADIPP pat enterese nan yon akò Petwokaribe ki chita sou pri preferansyèl, kidonk ki pi ba pri sou mache entènasyonal la. Sa t ap pèmèt lòt komèsan nan sektè prive a, pa jwenn pretèks pou kenbe pri pwodui premye nesesite yo nan pri yo vle.

Douvan jwèt koken sa a, MODEP mande tout siwayen ak sitwayèn nan peyi a, anpatikilye mas moun ki pi pòv yo, ansanm ak òganizasyon konsekan yo, pou nou fòse gouvènman an pou li :

1) Pran dispozisyon pou li pèmèt distribisyon pwodui petwolye yo fèt kòrekteman, nan enterè tout popilasyon an

2) Remanyen estrikti pri transpò yo, gen plizyè sikui kote pri yo twò wo toujou

3) Pran sanksyon kont tout distribitè ki pa vle respekte desizyon pou bese pri gaz la nan kreye rate atifisyèl ak chofè ki refize respekte pri transpò yo

4) Bay popilasyon an esplikasyon klè sou fason Akò PETROCARIBE a ak fon ki degaje nan Akò sa a ap jere

Ann kontinye kale je nou pou nou veye tout jwèt koken ant ANADIPP ak otorite nan Leta a.

Aba tout negosyasyon pou ogmante pri gaz la ak maj pwofi distribitè yo !

Pou MODEP :

Guy NUMA

Boumba NIXON

Mouvman Demokratik Popilè (MODEP)

modepayiti@yahoo.fr

Pòtoprens, 8 janvye 2009