Aller au contenu

Pozisyon MODEP, CHANDEL, TèT Kole Ti Peyizan, SAJ/Veye yo

Biwo Ekzekitif PAPDA envite nou difize nòt 4 òganizasyon sou konjonkti nap viv jodia nan peyi a.


Pozisyon plizyè òganizasyon nan konjonkti katastwòf
n ap viv jounen Jodi a

Noumenm, òganizasyon nan kan pèp la ki siyen nòt sa a, n ap konstate ak anpil lapenn ak kòlè, sitiyasyon degrengolad peyi nou an ap viv jounen Jodi a. Nan mwa avril ki sot pase a, mas yo te leve kanpe pou mande amelyorasyon nan kondisyon lavi yo, pou denonse politik neyoliberal la ak okipasyon peyi a. Men, chak jou pi plis, sitiyasyon an ap vin pi malouk. Mete sou pwoblèm grangou, mizè ak chomaj ki nan peyi a, katastwòf ki pa fin natirèl ap konplike lavi mas yo pi plis chak jou. Malgre peyi a gen yon nouvo gouvènman, mas yo lage pirèd de bra balanse nan mizè, chomaj, ensekirite ak lavichè.

Gouvènman tonbe, gouvènman monte, ki kote nou ye ?
Nan koumansman ane 2008 la, se nan tout lari mas yo t ap plenyen kont grangou, mizè, chomaj ak lavichè. Rive nan mwa avril, eskandal la pete nan Okay, mas yo sispann plenyen nan mache, nan kamyonèt, nan legliz, yo pran lari pou pou di non kont mizè, grangou chomaj ak okipasyon peyi a. Sitiyasyon sa a ki se rezilta politik neyoliberal la, te blije moun nan kat kwen peyi a leve kanpe pou rele anmwe kont otorite yo ki pat janm louvri zòrèy yo pou tande vwa popilasyon an. Otorite yo (prezidan Preval ak tout gouvènman Alexis a) te toujou fèmen zòrèy yo pou yo pat tande rèl pèp la. Men, yo te toujou tande vwa FMI, Bank Mondyal, boujwazi revandèz la ak otorite nan peyi rich yo.

Pou anpeche kòlè pèp la janbe baryè palè nasyonal, palmantè restavèk yo te kouri rale pye gouvènman Alexis a met atè. Konsa, apre plis pase 4 mwa negosyasyon koken, yon nouvo gouvènman monte sou pouvwa a ak Michelle Pierre Louis nan tèt li. Malgre politik neyoliberal la, se youn nan prensipal kòz ki voye ansyen premye minis Alexis al kanpe pi lwen pouvwa a, gouvènman Michelle Pierre Louis a pran angajman pou li kontinye aplike pirèd menm politik lanmò FMI ak Bank Mondyal la. Prensipal zouti ki sèvi baz pou politik jeneral gouvènman sa a, se DSNCRP a ki se yon politik Bank Mondyal ak Fon Lanmò ap aplike nan peyi yo rann pòv yo depi lane 1999. Nan tout peyi kote politik sa a aplike, se toujou grangou, chomaj, ensekirite ak kriz finansye li donnen. Sa ki fè, malgre Michelle Pierre Louis se yon moun ki te gen abitid travay ak peyizan, li bliye totalman sektè peyizan an nan politik jeneral li a. Menm non peyizan an li bliye site, menm yon sèl fwa, refòm agrè ak INARA pa ekri nan politik jeneral la alòske gen moun k ap touche pou sa. Malgre kesyon refòm agrè a se yon kesyon konstitisyonèl, gouvènman neyoliberal Michelle P. Louis a bliye mo demokrasi agrè li te konn repete nan lane 1986 yo.

Nan menm moman gouvènman sa a t ap fè bèl pwomès pou fè FMI, Bank Mondyal ak boujwazi a plezi, peyi a t ap konte kadav ak dega anba kat (4) siklòn ki frape nou youn dèyè lòt. Katastwòf sa yo ki pa fin twò natirel, mete ekonomi peyi a toutouni. Plis pase 800 moun mouri epi peyizan yo pèdi tout jaden ak pifò bèt yo te genyen. Sa ki rann lavi yo ak anpil lòt moun nan peyi a vin pi difisil. Nan seksyon kominal yo, peyizan yo pa sèlman viktim anba katastwòf ak politik neyoliberal la ki detui pwodiksyon nasyonal la, yo kontinye ap viktim anba men KAZEK k ap fonksyone tankou chèf seksyon tankou sa ap fèt nan Gwomòn kote KAZEK 6e seksyon Savann Kare mete 3 manm Tèt Kole nan prizon gonayiv ak konplisite lajistis.

Depi lè gouvènman sa a, fin monte, anpil moun di se ijans l ap jere. Ki ijans atò ?. Plis pase 200 milyon dola debloke nan lajan PETROCARIBE a. Pandan pèp la t ap rele anmwe kont grangou, otorite yo te toujou di pa gen lajan, yo te prefere lonje bòl yo bay peyi etranje. Aloske, lajan sa a te sere nan yon bank aletranje. Jouk jounen Jodi a, pesonn pa konnen kijan PETROCARIBE a ap jere, ki kote lajan sa yo sere ni ki kantite li ye. Sa k pi grav, ijans ap jere, lajan debloke, men pesonn pa wè kisa k ap fèt ak lajan sa yo. Pifò moun ki viktim anba siklòn yo, toujou lage de bra balanse nan plizyè kwen nan peyi a, sitou nan milye peyizan an. Anpil majistra, depite ak senatè kontinye ap plen pòch yo osinon ap goumen pou kontwole lajan ki swadizan debloke pou viktim yo, pou prepare eleksyon. Pandanstan, pitit pèp la kontinye ap viktim anba katastwòf. Nan mwens pase yon semèn, 2 lekòl kraze youn dèyè lòt.

Pou noumenm, ki nan òganizasyon ki siyen nòt sa a, prensipal responsab katastwòf sa yo, se otorite nan leta a. Plis pase 80 pou san lekòl ki nan peyi a, se lekòl prive. Sa vle di, leta pa bati ase lekòl nan peyi a pou pitit pèp la pran pen lenstriksyon. Sa ki fè, lekòl vin tounen yon biznis rantab pou tout raketè, atoufè, ki vle fè biznis. Konsa, anpil moun nan sektè prive a ak divès lòt moun pwofite bati kay ki kole ak krache pou fè lajan nan nenpòt kondisyon. « Deviz yo se depanse mwens, rantre plis », se yon lojik kapitalis. Menm moun k ap bati kay pou yo abite, blije kole kay yo ak krache akòz siman ki vin pi chè depi privatizasyon minotri.

Sitiyasyon malouk n ap viv jounen jodi a, mete toutouni konpòtman iresponsab tout otorite nan leta a. Sitiyasyon sa a demaske tou, ipokrizi kominote entenasyonal la ki toujou vle fè moun kwè l ap ede Ayiti devlope. Aloske, se chak jou, peyi a ap plonje pi fon nan twou. Jounen jodi a, leta boujwa sa a montre aklè li paka kenbe ankò. Kidonk, leta ponpye sa a merite kraze tankou tout vye kay ki tounen malè pandye sou tèt pèp la. Men, pou sa fèt, nou envite mas popilè yo, mete kanpe bonjan òganizasyon, makonnen fòs nou ansanm pou bati yon lòt kalite leta ki nan sèvis tout popilasyon an, sitou, moun ki pi pòv yo. Men, annatandan nou rive nan sosyete tounèf sa a, nou dwe kontinye mobilize kont mizè, grangou, chomaj, privatizasyon antrepriz pèp la. Nou dwe kontinye batay kont okipasyon peyi a ki vin kore politik lanmò FMI ak Bank Mondyal yo. Nou dwe batay pou fòse otorite nan leta a bati bonjan lekòl leta gratis nan tout peyi a pou pitit pèp la sispann al chita nan sèkèy pou pran pen lenstriksyon. Nou dwe batay san pran souf pou fòse otorite yo tabli yon bonjan refòm agrè nan peyi a ak ankadreman pou peyizan nou yo ka pwodui manje pou pèp la manje, pou nou ka sispann lonje bòl nou dèyè manje sinistre, tankou Prezidan Preval te fè sa lè li te al mande vye kay pèpè ki fin kraze kay tonton sam.

Viv lit pèp la !!!

Aba grangou, aba okipasyon !!!

Viv yon leta granmoun nan yon peyi granmoun !!!

Pou

MODEP,Guy NUMA

SAJ/VEYE YO, Alix TOUSSAINT

CHANDEL, Milouse JOSEPH

Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, Rosnel JEAN-BAPTISTE