Aller au contenu

Lèt tou louvri rezo pwodiktè kafe ayisyen yo pou Prezidan Preval ak Premye Minis la pou voye jete APE yo

Ekselans,

Apre pasaj 4 siklòn yo, Fay, Gustav, Hanna ak Ike sou peyi a, peyizan yo ap viv yon moman dezolasyon, depi tan mare tout ayisyen gen kè sote paske se kadav nou pral konte, se moun ki dwe deplase kite tout sa yo posede, se moun ki pral disparèt, se tè yo ki pral nan lanmè, se pye bwa yo kap rache, se jaden peyizan yo kap devaste, se zannimo ak kay peyizan ki anba dlo epi gwo defisi ekonomik pou peyi a an patikilye ti peyizan yo.

Jou ki se 14 oktòk 2008

Soti nan: Rezo Nasyonal Oganizasyon Pwodiktè-èz Kafe

Pou : Ekselans René Garcia Préval, Prezidan Repiblik
Dayiti, Palè Nasyonal

CC : Près pale ak ekri

Objè : Lèt tou louvri sou Pozisyon Pwodiktè-èz Kafe
Ayisyen yo nan kad negosyasyon Gouvènman an ap
patisipe sou Akò Patenarya Ekonomik (APE)

Ekselans,

Apre pasaj 4 siklòn yo, Fay, Gustav, Hanna ak Ike sou peyi a, peyizan yo ap viv yon moman dezolasyon, depi tan mare tout ayisyen gen kè sote paske se kadav nou pral konte, se moun ki dwe deplase kite tout sa yo posede, se moun ki pral disparèt, se tè yo ki pral nan lanmè, se pye bwa yo kap rache, se jaden peyizan yo kap devaste, se zannimo ak kay peyizan ki anba dlo epi gwo defisi ekonomik pou peyi a an patikilye ti peyizan yo.

Youn nan rezon ki lakòz kafe a finn disparèt se degradasyon anviwonman an ki marande ak mòd politik ki ap aplike nan peyi a depi plizyè dizèn lane. Degradasyon sila a, se rezilta chwa ekonomik, sosyal, kiltirèl ak politik Leta ak klas dominant yo, se yon chwa ki tabli yon move sistèm pataj richès, ki gaspiye resous peyi epi ki pèmèt yon ti ponyen moun ap vinn pi rich chak jou pandan mas popilasyon ap vin pi pòv. Se tou politik Leta ayisyen ki marande ak politik Fon Monetè Entènasyonal (FMI), Bank Mondyal (BM), Bank Entèamerikèn Devlòpman (BID), Oganizasyon Mondyal Komès (OMC), Ajans Ameriken pou Devlòpman Entènasyonal (USAID), Inyon Ewopeyèn, elatriye ki lage nou nan sa nou ye la.

Prezidan, nan moman nap viv la a, nou aprann gouvènman an angaje peyi a nan negosyasyon ak Inyon Ewopèyen nan kad yon pwojè baryè lib ki rele Akò Patenarya Ekonomik (APE) ki ap kontinye ak plan lanmò a (Politik Neyoliberal). Nou menm pwodiktè-èz kafe ayisyen, nou bat yon ayibobo pou gouvènman w lan ki pat siyen dokiman APE a nan dènye reyinyon CARIFORUM nan ki te fèt nan peyi Babad nan dat 10 septanm ki sot pase a epi nap pwofite mande pou gouvènman an kenbe fèm sou desizyon sa a paske tout popilasyon an ap mande sa depi plis pase 2 lane, epi akò sa yo pa mache ak reyalite peyi a ni li pa pèmèt nou ranfòse kapasite pwodiksyon nou nan sektè agrikòl la ak lòt.

Pandan plis pase 200 zan, kapitalis la toujou ap eksplwate pwodiksyon kafe ayisyen an, men se plantasyon kafe ki te kenbe mòn nou yo, se prensipal pwodiksyon ki te kenbe ekonomi peyi a, se li menm ki te pèmèt peyi a peye swadizan « dèt endepandans » kapitalis sovaj franse a te oblije nou peye a. Jounen jodi a, mòn yo, pwodiktè-èz kafe yo, gen gwo malè pandye sou tèt yo ak kesyon APE sa a si Leta ayisyen ta deside siyen dokiman an.

Prezidan, nou nan yon moman istorik enteresan pou gouvènman an ta deklanche yon mobilizasyon nasyonal pou kore pwodiksyon nasyonal la sitou pwodiksyon kafe a kòm prensipal aksyon pou atake pwoblèm anviwònman an. Nou pa kapab vinn mete abse sou klou paske siyen APE a se siyen papye lanmò tout sektè pwodiktif yo nan peyi a epi retire nan men Leta a tout levye aksyon li genyen pou li aji an favè mas pòv yo.

Akò sa pral lage peyizan nan peyi ACP (Afrik – Karayib – Pasifik) la nan yon konkirans ak batay antre yo pou ti mache ewopeyen ki deja gen twòp egzijans ak restriksyon pou pwodui nou yo alòske vant peyi nou an tou louvri pou tout vye pwodui ki sot lòt bò antre vin kraze pwodiksyon nou yo. Pwodiktè-èz kafe ayisyen, pa gen fòs kounye a pou al nan batay sa a ak okenn lòt peyizan nan lòt peyi paske nou pa gen mwayen, ni enfrastrikti, ni bourad Leta ki ta kapab pèmèt nou gen antre nan batay sa.

Prezidan, peyi a rive nan yon moman kote nap mande w pou koupe fache ak tout politik entènasyonal kou nasyonal kap vinn ogmante lamizè, risk lè gen katastwòf natirèl, kap fè nou pèdi dwa granmoun nou kòm pèp. Nou menm pwodiktè ak pwodiktèz kafe ki soti nan tout depatman nan peyi a, nap mande w pou pa angaje peyi a nan lojik entegrasyon neyoliberal la, men pou nou chache lòt kalte entegrasyon peyi a kote se pa lajan, ni lojik mache, ki se priyorite, men pito kote ki ka pèmèt peyi a rale yon souf epi jwenn koperasyon solidè lòt peyi epi aktivite ekonomi solidè ki chita sou valorizasyon patrimwan nou.

Devan sitiyasyon tèt chaje sa a, nou menm Òganizasyon Pwodiktè Kafe nou mande w Prezidan pou:

– Pa siyen okenn Akò Patenarya Ekonomik (APE), epi lanse pwosesis elaborasyon yon plan global pou devlope peyi a ak patisipasyon tout kouch nan peyi a

– Pran desizyon pou mobilize kolektivite yo nan kontwòl teritwa yo pou mete sou pye estrikti patisipatif ak popilasyon yo pou ogmantasyon pwodiksyon bwa, pèmèt remanbreman plantasyon kafe ak lòt fwi nan peyi a epi defini aklè zòn pou agrikilti, zòn pou konstriksyon, zòn pou forè eksplwatasyon bwa, zòn pou forè ak konsèvasyon bwa

– Pran desizyon politik ki pou rezoud kesyon refòm agrè a jan Konstitisyon peyi a ekzije sa, se youn nan mwayen kap asire pwodiksyon dirab nan yon anviwònman pwoteje,

– Pran desizyon ki dwe konbat tribilasyon fanm yo ap pase nan factori, nan mache, nan pran kredi kout ponya, nan chache manje pou bay fanmiy yo,

– Garanti dwa granmoun peyi a nan lamanjay

– Sispan peye dèt sèkèy madoulè Enstitisyon Entènasyonal yo ap egzije peyi a epi pran lajan sa yo pou finanse rekonstriksyon anviwònman fizik, ekonomik ak sosyal peyi a.

– Diminye presyon ekonomik sou resous natirèl yo epi rive jwenn, kontwole ak sibvansyone lòt sous enèji

Enstitisyon ak òganizasyon ki siyen :

– Platfòm Rejyonal Podiktè kafe Awondisman Bèlans

– Òganizasyon pou Devlòpman Bomon (ODEB)

– Viv Espwa pou Devlòpman Kap-wouj (VEDEK)

– Rezo Koperativ Kafe Rejyon Nò (RECOCARNO)

– Mouvman Inite Ti Peyizan Ayisyen (MITPA)

– Federasyon Asosyasyon Kafe Nativ (FACN)

– Mouvman Demokratik Popilè (MODEP)

– Platfòm Rejyonal Koperativ Kafe Batis (PRECAB)

– Rezo Koperativ Kafe Sid (Recosas)

– Platfòm Ayisyen kap Plede pou yon Devlòpman Altènatif (PAPDA)

– Unyon Koperativ Kafe Batis (UCOCAB)

– Nouvèl Koperativ Kafe Batis (NCOCABA)

– Òganizasyon Peyizan Pou Devlòpman Agrikòl Kawo (OPEDAK)

– Koperativ Pwodiktè Kafe Bèlans (COBCAB)

– Kòdinasyon Rejyonal Platfòm Nò

– Platfòm Rezistans Òganizasyon Peyizan Latibonit

Pou otantifikasyon:

Williance Estriplet, Rezo Koperativ Kafe Rejyon Sidès-Tyòt

Ojisna Journal, Òganizasyon pou Devlòpman Bomon (ODEB)