Aller au contenu

Mobilizasyon Kowalisyon BARE APE nan dat 15 Oktòb 2008 kont APE, kont Grangou ak Dèt Ekstèn – Kèk foto

Kowalisyon Nasyonal BARE APE ki rasanble plis pase yon douzèn òganizasyon ki manm vle remèsye popilasyon an, tout moun, tout òganizasyon ki te fè deplasman pou vin patisipe nan Sit-in nou te fè jodi mèkredi 15 oktòb la, pandan preske 2 zèd tan, pou nou te di gouvènman an popilasyon voye jete APE yo epi pou yo kontinye refize siyen dokiman an menm si Inyon Ewopeyèn ap kontinye fè anpil presyon sou peyi a pou pase kòb la nan kou nou.

Sit-in nan te vrèman yon reyisit paske nou te gen plis moun pase sa nou te prevwa e anpil lòt konpatriyòt ki tap pase te rantre nan batay la lè yo te fin jwenn eksplikasyon sou batay la. Plizyè dizèn òganizasyon ak moun te patisipe nan sit-in nan e yo tap voye anpil eslogan kont APE yo, kont politik neyoliberal la kap mete plis moun nan grangou, nan chomaj, kreye plis lamizè. Nou bat yon gwo bravo pou sa, men nou kwè nou bezwen plis fòs ankò pou mobilizasyon an vin pi gran epi gaye nan tout peyi a. Sa fè nou wè gen òganizasyon ak moun konsekan toujou nan peyi a ki vle defann dwa granmoun peyi a e ki rete soude ak batay pèp la.

Majorite nan radyo ak televizyon ki nan Pòtoprens yo te kouvri manifestasyon an kote gen anpil manm òganizasyon manm kowalisyon ki entèvni pou eksplike rezon ki mennen nou fè sit-in ak altènativ nou pwopoze yo.

Pandan tout semenn nan anpil radyo te pase espòt sansibilizasyon pou sit-in nan, gen kèk ki fè gwo repòtaj ak emisyon sou dosye APE yo e yo envite kowalisyon an pou semenn sa a, pou vin bay popilasyon an plis enfòmasyon epi fè presyon sou gouvènman an.

Nap envite tout òganizasyon sa yo, tout moun, tout patnè nou yo, pou yo rete mobilize paske batay sa fenk kòmanse.

DSCF6059.jpg

DSCF6060.jpg

DSCF6062.jpg

DSCF6063.jpg

DSCF6066.jpg

DSCF6067.jpg

DSCF6068.jpg

DSCF6071.jpg

DSCF6072.jpg

DSCF6074-2.jpg

DSCF6076.jpg

DSCF6077.jpg

DSCF6080.jpg

DSCF6083.jpg

DSCF6084.jpg