MOUVMAN DEMOKRATIK POPILE (MODEP)
modepayiti@yahoo.fr
Kouri pou lapli, tonbe nan larivyè: Alexis ak Eric Pierre pase pranm ma pase chache w
Nan diskou li te fè nan dat 9 avril 2008 anba presyon lari a, prezidan Preval te deklare, sitiyasyon n ap viv jounen jodi a, se rezilta yon politik k ap aplike depi anviwon 20 lane. Menm si prezidan an pat gen kouraj pou li site non kalite politik sa a ki se politik neyoliberal la. Li enpòtan pou n raple prezidan an deja fè 7 lane ak 7 mwa ap aplike kalite politik sa a k ap donnen mizè, ensekirite ak chomaj nan anpil peyi sou latè.
Nan semèn ki sot pase yo, pifò vil nan peyi a te leve kanpe pou di non kont mizè ak grangou k ap koupe trip yo. Pifò òganizasyon nan peyi a, menm pati politik ki nan ladwat yo rekonèt, sitiyasyon sa a se rezilta politik neyoliberal la ki deja lakòz anpil soulèvman nan plizyè peyi sou latè. Pou listwa, n ap raple :
– Se menm politik sa yo kite lakoz nan peyi Brezil nan lane 1983, mas yo leve kanpe yo demantibile 16 sipèmache, 225 mache, magazen ak depo nan Sao Polo.
– Se kont menm politik lanmò sa yo, nan lane 1989 nan peyi Venezwela, mas yo te leve kanpe, lame masakre 300 nan yo epi plis pase 1500 nan yo te blese anba bal lame sanginè venezyelyen an.
– Se menm politik sa yo ki te sekwe Ajantin nan lane 1989 ak nan lane 2001, kote mas yo ankolè te pase pran anpil pwodui ki te nan magazen, depo ak makèt nan peyi Ajantin. Mete sou sa, plis pase 5 prezidan monte desann nan pouvwa a sèlman nan yon lane.
– Se menm politik neyoliberal sa yo, ki lakoz nan Repiblik Dominikèn nan lane 1984 tankou nan lane 2004, mas yo leve kanpe epi lame a masakre plizye nan yo.
Sa yo se kèk ekzanp nou site pou n ka montre sans fondamantal leve kanpe mas pèp ayisyen an. Se akoz politik neyoliberal yo ak yon ti ponyen moun ki kenbe tout richès peyi a nan men yo, ki lakoz sou chak 100 latinoameriken nan yon popilasyon 480 milyon, genyen 43 nan yo k ap fè fas kare ak grangou, mizè, chomaj. Nan MODEP, nou sezi wè kouman prezidan an pa tire okenn leson sou mobilizasyon mas yo lè li chwazi yon lòt neyoliberalis tankou Eric Pierre pou kontinye aplike menm politik grangou Jacques Edouard Alexis a. Eric Pierre ki se reprezantan Ayiti nan BID, se yon moun ki gen eksperyans nan laboratwa neyoliberal la. Nou konprann poukisa, Micha Galliard te deklare premye minis la dwe yon moun ki ka travay ak kominote entènasyonal la. Sa vle di, se yon moun ki abitwe pran dikte nan men FMI, Bank Mondyal ak OMC.
Mouvman Demokratik popilè pran nòt sou chwa sa a ki montre aklè Prezidan Preval chwazi pou li boude tout revandikasyon ki te mete pèp la nan lari nan kat kwen peyi a. Prezidan an chwazi wout pou li remete pèp la nan lari ankò nan jou, nan semèn oubyen nan mwa k ap vini yo. Nan sans sa a, Prezidan an ap mete menm manda pa li nan kalfou difisil. Malgre tèt rèd Prezidan an chwazi fè sou revandikasyon mas yo, MODEP kwè prezidan an toujou gen posiblite evite lòt katastwòf ankò nan peyi a si li chwazi:
– Yon premye minis ki onèt, ki pa nan kòripsyon
– Yon premye minis ki gen san nasyonalis k ap koule nan venn li, kidonk, ki pap mare sosis li ak MINISTA pou kontinye kenbe peyi a anba okipasyon
– Yon premye minis ki gen kouraj pou koupe fache ak politik neyoliberal la k ap donnen mizè, chomaj ak ensekirite tout kote l ap aplike epi ki kapab chwazi lòt chimen pou peyi a tankou pwogram ekonomik ALBA a
– Yon premye minis ki gen sansibilite pou moun ki pi pòv yo, ki pa restavèk boujwazi lokal ak entènasyonal la.
Pou MODEP:
Nixon Boumba
Guy Numa