Aller au contenu

Denonsyasyon maspinay BIM sou Wilnick Chérichel

Biwo Ekzekitif PAPDA apiye denonsyasyon MODEP la e mande jistis ak reparasyon pou Wilnick Chérichel


Mouvman Demokratik Popilè (MODEP)
modepayiti@yahoo.fr

Pozisyon Mouvman Demokratik Popilè sou zak maspinay polisye Dalcin Lavoit, manm BIM, fè sou etidyan Wilnick Chérichel ki se yon manm MODEP

Se ak anpil sezisman epi kòlè, MODEP aprann zak maspinay ki fèt sou Wilnick Chérichel, manm MODEP epi etidyan nan 4e ane sosyoloji nan Fakilte Syans Zimèn. Jou ki te madi 25 mas la, polisye BIM Dalcin Lavoit ki gen pou nimewo 09429, arete epi maspinen etidyan Wilnick Chérichel anba kout baton ak kout pye bòt.

Polisye Dalcin Lavoit komèt zak bandi sa a apre yon tantativ li te fè pou rantre nan Fakilte INAGHEI ak zam sou li. Kòm etidyan yo te anpeche li rantre ak zam lan, polisye a deside l ap bimen nenpòt etidyan li jwenn sou pasaj li. Se konsa, polisye bandi a te rive mete men sou Wilnick Chérichel sou avni Kristòf la, toupre INAGHEI. Polisye a arete etidyan an, maspinen li anba baton, kout pye bòt epi kondi li nan komisarya pòtoprens lan. Si se pat vijilans etidyan yo ki te deja kòmanse mobilize, etidyan Wilnick Chérichel te kapab plis viktim anba men bandi ki nan lapolis la. Pètèt, yo taka chache yon dosye makawon mete sou do li.

Noumenm nan MODEP, nou toujou tande yo di deviz lapolis la se pwoteje ak sèvi. Si se sa, lapolis la pa dwe rete yon rezèvwa pou bandi, kidnapè ak moun k ap vyole dwa moun. Lapolis la pa dwe sèvi mize pou ekspoze enpinite. Se nan sans sa a, nou mande:

1) Reparasyon ak jistis pou Wilnick Chérichel

2) Pou direksyon ak enspeksyon jeneral polis la pran dispozisyon pou arete polisye Dalcin Lavoit epi mete li aladispozisyon lajistis

1) Pou direksyon polis la pran bonjan mezi pou pi byen netwaye lapolis la nan mete sou kote tout bandi, kidnapè ak vyolatè dwa moun ki andedan enstitisyon an

Pou MODEP: Guy Numa / Nixon Boumba / Destin Laurentus