Mouvman Demokratik Popilè (MODEP), Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen, Oganizasyon Popilè pou Edikasyon Popilè (CHANDEL)
Pozisyon sou dosye lavichè a apre entèpelasyon gouvènman Alexis a
Gwo van, ti lapli
Pandan plizyè semèn, plizyè sektè nan sosyete a te kòmanse rele anmwe kont lavichè k ap fè pifò moun nan sosyete a monte yon masuife. Nan kontèks sa a, plizyè palmantè te pran inisyativ konvoke gouvènman Alexis a pou vin bay esplikasyon devan depite yo sou rezon ki lakòz lavi a ap monte bwa. Depi pawòl entèpelasyon an kòmanse pale, je tout moun te brake byen di sou chanm depite a. Depi lè sa a, tansyon ki t ap monte kont lavichè a te kòmanse bese paske, anpil moun te panse depite yo te pral poze pwoblèm nan nan nannan li. Men, seyans entèpelasyon an te plis sanble ak yon espektak teyatral ki t ap jwe nan teyat nasyonal.
Tankou sa abitwe fèt, premye minis la fè anpil pwomès san ni depite yo, ni gouvènman an pa poze vrè pwoblèm nan ki se politik neyoliberal k ap aplike nan peyi a sou bagèt FMI, Bank Mondyal, OMC ak gwo pisans enperyalis yo. Politik remèd chwal neyoliberal la pa janm pote lòt rezilta. Li se yon laboratwa ensekirite, mizè, lavichè ak chomaj. Toutotan nou pa soti ladan, n ap toujou nan mera. Kòm depite yo ak gouvènman an pat deside poze pwoblèm fondamantal yo, rezilta a, pifò depite deside bay premye minis la yon vòt konfyans. Vòt sa a vle di aklè gouvènman an ap fè yon bon travay. Kidonk, depite yo fè menm lekti ak FMI ki kwè gen gwo pwogrè k ap fèt nan nivo ekonomik, malgre pifò popilasyon an ap kòde anba grangou.
Ki rezilta entèpelasyon an jounen jodi a ?
Tankou tout moun te ka konstate li, gouvènman an te pwofite seyans teyat entèpelasyon an pou li fè divès kalite pwomès. Men, kòm pwoblèm yo pat poze nan pwofondè yo, li t ap enposib pou aktè ki te sou sèn nan te soti ak solisyon reyèl ki ka rezoud pwoblèm nan. Dayè pwomès yo pral chita anpil sou rankont enstitisyon ponyadè yo ap gen pou fè nan mwa avril k ap vini an. Sa ki vle di, malgre pwomès yo mèg, yo pa chita sou okenn garanti piske, anpil ladan yo, se sou lajan ponya ak pwomès don ki pa janm fin debloke yo chita. Kisa ki di si se pa rankont bayè yo ki lakòz bidjè rektifikatif la poko rive nan palman an ?
Pou nou menm òganizasyon ki siyen nòt sa a, nou pa gen okenn espwa nan pwomès ki fèt yo. Dayè, menmsi pwomès sa yo ta rive respekte, nou pa kwè y ap rezoud tout bon vre pwoblèm mizè lavichè ak chomaj nan peyi a. Si nou fè yon kout je sou akò gouvènman an atravè ministè agrikilti te siyen ak etidyan epi jèn agwonòm yo, nou ka santi gouvènman sa a pa gen okenn volonte reyèl pou rezoud pwoblèm lavichè a ak pwodiksyon nasyonal nan peyi a. Nan akò ak etidyan yo epi jèn agwonòm yo, gouvènman an pwomèt pou li tabli plizyè fèm pou pwodui pou l nan tout peyi a. Jouk jounen jodi a, poko gen okenn siy ki montre pwomès sa yo ap fè chimen yo. Ki kote gouvènman an ye jounen jodi a ak angajman li te pran ak etidyan yo ? Si gouvènman an pa respekte angajman li te siyen ak etidyan yo ak jèn agwonòm yo, kisa ki di l ap respekte pwomès li fè devan depite yo ?
Ki konpòtman nou dwe genyen douvan sitiyasyon sa a ?
Pou noumenm ki siyen nòt sa a, repons la se bonjan òganizasyon ak mobilizasyon pou fòse gouvènman an pran responsablite li. Nou dwe rete mobilize, vag sou pwomès, pawòl te kowosòl ki vle fè nou dòmi oubyen chita tann jouk nou tounen pwa tann. Tankou nou ka konstate li, apre entèpelasyon an, pri pwodui yo kontinye monte pirèd. Sa ki vle di, sitiyasyon an ap kontinye anvlimen pi rèd. Si nou pa mobilize, si nou chita tann pwomès van ki fèt yo, grangou ap pote nou ale nèt. Nou dwe kontinye mobilize kont lavichè, privatizasyon antrepriz leta yo, kidonk, kont politik neyoliberal la k ap pote plis mizè, ensekirite ak plis chomaj nan kan mas yo. Nou dwe mobilize pou mande leta :
– Tabli magazen leta nan tout peyi a
– Mete kantin popilè ki fèt ak manje lokal nan tout katye popilè yo, nan lekòl ak nan inivèsite
– Kontwole pri tout pwodui premye nesesite yo
– Tabli yon bonjan refòm agrè nan peyi a ak bonjan ankadreman pou peyizan yo pwodui nan bon kondisyon.
Pou noumenm, se mezi sa yo k ap pèmèt popilasyon an rale yon souf anba lavi difisil l ap viv jounen jodi a.
Pou:
MODEP, Laurentus Destin
CHANDEL, Petit-Phat Mathurin
Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, Rosnel Jean-Baptiste