Aller au contenu

1 – 2 août 2006

Nan kad Pwogram Pledwaye pou yon Entegrasyon Ekonomik Altènativ ak sou baz yon etid-analiz PAPDA te kòmande ak pwofesè Jean Anil Louis-Juste sou koze ledikasyon an nan peyi d Ayiti kote li montre kouman privatizasyon sistèm edikasyon an nan peyi a afekte kouch ki pi pòv yo epi oblije plis ti moun pa ka ale lekòl, epi mete plis fanmi nan lamizè, soti premye (1) pou ri 3 dawou 2006, PAPDA nan tèt kole ak BRESTECH ap òganize nan vil Okay yon atelye refleksyon ak chache altènativ.


Atelye sa ap gen pou objektif diskite rezilta etid la epi fè pwopozisyon pou batay pou chanje sitiyasyon ledikasyon an nan peyi a konsa, kouch ki pi pòv yo kapab rale yon souf.

Atelye a tou dwe pèmèt finalize dokiman an ki pral sèvi pou travay pledwaye PAPDA ak tout òganizasyon baz nan tout peyi a pral mennen bò kote gouvènman ana k Palman an pou yo pran bon jan mezi pou asire yon bon jan ledikasyon pou tout moun.

Nan atelye sa a, plis pase 70 reprezantan òganizasyon kap soti nan 4 depatman nan peyi a (Sid, Sidès, Grandans, Nip) ap prezan pou vin pataje lide epi fouye pi fon pou yo jwenn bon jan estrateji ki kap pèmèt batay pou fè Leta pran responsablite li nan kesyon edikasyon an.

Atelye rejyonal Gran Sid
1, 2 dawou 2006

Tèm: Ki edikasyon, pou ki kalte sosyete nan peyi d Ayiti ?

Pwogram

Madi premye dawou

8:00 – 8:30 Lamanjay nan maten

8:30 – 9:00 Akèy ak enskripsyon patisipan yo – Remiz dokiman yo

9:00 – 9:15 Mo byenvini, Jean Harry Jean Pierre, BRESTECH

9:15 – 9:30 Yo ti rale sou objektif, metodoloji ak atant yo pou atelye a

9:30 – 10:30 Analiz sou politik sosyal Leta Ayisyen patikilyèman sou sitiyasyon jeneral sistèm edikasyon an nan peyi d Ayiti pandan 20 dènye lane ki sot pase yo – Kontèks jeneral

Entèvanan: Camille Chalmers, PAPDA
1 reprezantan UNNOH, Branch Sid

10:30 – 11:00 Kòmantè ak ti limyè sou ekspoze a

11:00 – 11:15 Fòmasyon 5 atelye travay sou sitiyasyon edikasyon an nan peyi a

11:15 – 11:30 Yon ti kanpo (poz kafe)

11:30 – 12:15 Travay nan atelye sou sitiyasyon edikasyon an nan peyi d Ayiti

12:15 – 1:15 Prezantasyon rezilta travay atelye yo – Kòmantè, deba

1:15 – 1:45 Lamanjay

1:45 – 2:45 Prezantasyon rezilta Etid sou kesyon privatizasyon edikasyon an nan peyi d Ayiti, Pwofesè Janil Louis-Juste

2:45 – 3:30 Kòmantè, deba, kesyon

3:30 – 4:00 Ranmase jounen deba yo ak konklizyon premye jounen an

7:00 – 10:00 Animasyon kiltirèl

Mèkredi 2 dawou

8:00 – 8:30 Lamanjay maten

8:30 – 9:00 Yon ti rapèl sou premye jounen travay la – Kòmantè ak ti limyè

9 :00 – 10 :30 Temwayaj chak delegasyon depatmantal yo sou sitiyasyon edikasyon an nan zòn yo

10 :30 – 11 :00 Kòmantè jeneral sou temwayaj yo

11 :00 – 11 :15 Yon ti kanpo (poz kafe)

11 :15 – 12 :30 Atelye travay sou ki kalte pwopozisyon òganizasyon yo genyen pou rezoud pwoblèm ki genyen nan sistèm edikasyon an

12 :30 – 1 :15 Lamanjay

1:15- 2:15 Prezantasyon rezilta travay atelye yo

2:15 – 2 :45 Kòmantè, deba sou rezilta atelye yo

2:45 – 3:00 Kòmantè jeneral sou atelye a ak adopsyon yon deklarasyon tout òganizasyon yo sou koze edikasyon an nan peyi a

3:00 – 3:15 Konklizyon jeneral – Remèsiman BRESTECH ak PAPDA

7:00 – 11:00 Animasyon kiltirèl