Aller au contenu

Akò Petrocaribe a siyen, men batay kont lavichè a ak pri gaz la pa fini

Nan koumansman oktòb 2005, Prezidan Chavez te deklare nan emisyon televize « Alo Prezidan » ki fèt chak semèn nan peyi Venezyela, li pare pou entegre Ayiti nan pwogram PETROCARIBE a. Depi lè sa a, Kolektif la tanmen batay pou te fòse pouvwa Bonifas/Latòti a entegre Ayiti nan pwogram sa a. Men, gouvènman Latòti a pat janm manifeste volonte pou fè Ayiti rantre nan pwogram nan. Nan dat 14 me 2006, apre envestiti li, Prezidan Preval finalman siyen Akò PETROCARIBE a. Kolektif la kwè ak siyati akò a, gen yon gwo pa ki franchi. Ayiti pral benefisye 5 mil baril Petwòl chak jou ak 120 tòn alfat chak mwa. Pwogram nan ta dwe pèmèt peyi a gen plis wout epi konsomatè EDH yo pral peye mwens blakawout.


Men, malgre siyati akò a, Kolektif la gen anpil tèt chaje sou jan ekip Prezidan Preval la antann jere akò a. Nan deklarasyon nouvo Prezidan an ak ansyen premye minis Alexis fè devan laprès, yo di aklè gaz la pap desann. Nouvo pouvwa a deside pou li revann gaz la bay sektè prive a sou pri mache a. Alòske, Venezyela bannou gaz la nan kondisyon espesyal epi li asire transpò a jouk nan peyi Dayiti. Pandan pouvwa Bonifas/Latòti a, Leta pran 65 goud 45 kòm taks sou chak galon gazolin. Sektè prive a bò kote pa li, fè kantite benefis li vle sou gaz la san okenn kontwòl Leta a. Tout sa se pou n di gen posiblite pou gaz la desann si Leta deside jere akò a nan enterè popilasyon an.

Nouvo pouvwa a pretann se pa moun ki pi pòv yo ki plis boule gaz. Se vre, men pri gaz la gen yon gwo enpak sou pri tout lòt pwodui yo ak pri transpò a. Nan kondisyon sa a pouvwa blije fè yon chwa ki plis ale nan enterè popilasyon an. Selon dènye resansman yo, plis pase 82 (82,3%) pou san moun nan peyi a, se ak lanp ki boule gaz yo klere kò kay yo. Sa vle di, si gaz la desann, moun sa yo ap soulaje epi mwens pye bwa ap koupe pou fè chabon. Si nouvo pouvwa a kontinye jere gaz la menm jan li te konn fèt anvan yo, nou mèt sèten pri gaz la, pri pwodui ak sèvis premye nesesite yo pral kontinye monte pirèd toujou. Nan sans sa a, se pouvwa a menm ki pral fouye twou pou antere pwòp tèt li.

Pou rezon sa yo, pou pèmèt gen yon amelyorasyon nan kondisyon lavi mas popilè yo, gouvènman k ap vini an dwe :

– Mete kanpe yon komisyon Nasyonal ki pou jere akò PETROCARIBE a

– Rann akò a piblik pou tout peyi a konnen sa ki ladan

– Wete sou kantite taks Leta pran sou gaz la

– Kontwole maj benefis komèsan yo ap fè sou gaz la ak sou tout pwodui premye nesesite yo

– Mete magazen Leta nan katye popilè yo ak nan komin yo, magazen sa yo ap gen pou vann pwodui premye nesesite yo nan yon pri ki pi ba pase pri mache a.

– Elimine franchiz pouvwa Latòti a te bay boujwa yo

– Kòmanse pran dispozisyon pou Ayiti rantre nan pwogram ALBA a.

Kolektif la kwè ansanm mezi sa yo ap pèmèt popilasyon an sitou mas yo rale yon souf anba maswife lavichè a.

Pou Kolektif la :

Makenton Civilma

Guy Numa

Yves Barthélemy


Ou ka ekri kolektif la nan: kolektifmkl@yahoo.fr