Aller au contenu

Deklarasyon: Kòdinasyon pou Refondasyon Nasyon an (KORE N)

Pawòl plan devlopman manch long lan, se yon koze plizyè gwoup nan peyi a t ap pale depi kèk tan. Nou byen kontan nouvo prezidan eli a ranmase li pou li fè li tounen kounye la a yon pawòl Leta, pou li ka vini yon pwogram Leta.

Sepandan, pou nou nan KORE N, nou kwè nan eta demantibilay peyi a ye kounye a, nan eta sosyete sa a dechire pak an pak la, nou pa ka fè yon gwo plan devlòpman long serye, san tout kategori nan sosyete a, tout sektè, pa jwenn yon antant sou ki direksyon nou vle bay peyi a nan tout domèn (ekonomi, agrikilti, edikasyon, sante, politik, relasyon ak lòt peyi, elat.) pou nou rechapante leta ki kraze a ki toujou kont majorite pèp la. Se diferan pwen antant sa yo ki ta sipoze bay oryantasyon pou bati yon plan devlòpman manch long. E se sa nou rele pwogram refondasyon nasyon an.


Nou kwè tou se yon peyi ki granmoun tèt li ki ka pran desizyon fè yon plan devlòpman konsa pou tèt li. Kifè, nan moman n ap pale la a, pandan peyi a sou kontwòl twoup miltinasyonal, zafè plan sa a ta dwe rantre nan kad yon gwo mobilizasyon tout popilasyon an, pou nou chache chemen pou nou rekipere souverènte nou, nou pèdi depi 90 zan an.

Kidonk, plan sa a pa ta dwe zafè dezoutwa pati politik, ni zafè yon ekip teknisyen gouvèlman an k ap chache fè tout sektè patisipe, jan nouvo prezidan an di li a, jou 14 mas la. Li ta dwe sòti nan yon demach alabaz pou bay sosyete a jarèt, nan diferan kolektivite teritoryal yo (seksyon kominal yo, komin yo, depatman yo). Li pa ta dwe konfonn ak yon plan tou kout ekip nouvo gouvèlman an ka prepare ak lòt pati politik pou pèmèt li kenbe peyi a an vi pandan l ap lanse pwosesis pou rive nan pi long nan.

Se pousa, n ap mande pou nouvo gouvèlman an pran oserye espas yo rele « dyalòg nasyonal » la, pou li konvèti li, fè li tounen yon lòt demach enstitisyonèl ki ka soutni demach gwoup nan sosyete sivil la k ap mobilize popilasyon an sou kesyon konstriksyon nasyonal la, pou deba estriktire andedan sosyete a ka kòmanse fèt, nan tout kwen nan peyi a, pou anvan 2 zan keksyon preparasyon yon plan devlòpman manch long toutbon ka tounen yon reyalite.

N ap tou pwofite di tou nou gen enkyetid pa rapòta apwòch k ap devlope, kote patizan nouvo gouvèlman an gen tandans kòmanse reyini òganizasyon pou vini pote revandikasyon yo nan platfòm elektoral Lespwa. Nou pa panse yon plan serye pou yon peyi ka fèt konsa. Pa bliye, se menm demach sa a ki t ap fèt anvan ki lakoz demantibilay tout veritab òganizasyon pou fè yo rantre nan pati politik k ap apiye pouvwa pèsonèl. Sa ki fè sosyete a pèdi tout rezistans pou li goumen, pou nou gen yon peyi ki granmoun tèt li, pou nou chache wout pou nou sòti kòm peyi ki pi nan mizè nan zòn nan.

Pòtoprens, jou ki 20 mas 2006.

Pou otantifikasyon:

Jean William Jeanty


[[Kolektif Solidarite Idantite ak Libète (KSIL) ; Kay Fanm; Sendika Pèsonèl Enfimye (SPI) ; Union Médecins Haïtiens (UMHA) ; CPREDH (Centre pour la promotion et le respect des droits humains) ; Coordination Régionale des Organisations du Sud-Est (CROSE) ; Kòdinasyon òganizasyon rejyonal NIP (KORENIP) ; Rita Saint Louis Duvivier ; Tony Cantave ; Lise Marie Déjean ; Behal Joseph ; Dominique Verella ; Rudy Prudent]]