Aller au contenu

Konferans pou laprès 16 mas 06 sou kanpay kont vyolans nan Pòtoprens

I-Kiyès nou ye ?

Nou se yon Platfòm ki fòme ak divès kalte òganizasyon : òganizasyon nasyonal, entènasyonal, kap travay nan divès domèn tankou : Devlopman, Imanitè, Dwa Moun, Lasante, Kominikasyon sosyal, etc. Pou koulye a òganizasyon k ap fè travay sa a se :Oxfam, RNDDH, APROSIFA, Action Aid, Kès popilè Sen Jera, KFS, Koz, Kozpam, PEJEFE, Saks, SOFA.


Kijan koze Vyolans la ye nan Peyi d’Ayiti ?

Jounen jodi a kesyon vyolans la ap vale teren, vyolans sa a afekte tout moun. sitiasyon vyolans Ayiti ap viv depi fevriye 2004 la trenen deyèl plizyè milye blese ak plis pase yon milye ka lanmò.

Vyolans sa a frape tout kouch nan sosyete a :(Ti moun, gran moun, profesyonèl, komèsan, Polisye, manm Minista, elatriye)

Pi fò moun ki jwenn lanmò yo anba bal yo, se moun ki gen ant 15 a 40 lane.

Nan koumansman lane 2005 la, te gen plis pase 600 ti moun kite o sèvis gwoup ame sanfwa nilwa nan de zòn nan kapital la.(yo rele ti moun sa yo : enfant Soldat)

Kesyon kidnaping, ak kesyon vyòl la makonen ak zak malonèt tankou : tòtire moun nan, epi ekzije viktim yo bay gwo lajan, sa se zak kriminèl ki gen arevwa ak yon bann zam ki gaye ilegalman nan tout peyi a, patikilyèman nan kapital la.

Pandan ete a ak finisman lane 2005 la, ka kidnaping yo te preske egal, pafwa menm depase peyi Kolonbi nan kesyon sa a, pa ekzanp nan lane 2005 la, kantite moun yo kidnape pou lajan te rive nan plizyè santènn.

Nou note fanm yo ak ti fi yo, yo vyole yo sistematikman an patikilye fanm ak ti fi kap viv nan katye popilè yo. Dapre yon etid ke nou te realize nan novanm 2005, etid la afime ke fenomèn kadejak vini pi kouran akoz gwo zam fanm fwa òdpòt ke kadejakè yo gen nan men yo e viktim yo pa ka kòlte ak yo, anba presyon,vyolans ak tòti.

Vyolans la gen gwo konsekans sou sèvis sante yo ki deja pa ase. Anpil viktim yo akòz laperèz yo genyen, konn pa al lopital, se kèk nan yo ki al nan sèvis ijans Kwawouj ak lot òganizasyon Imanitè tankou Medsen san Fontyè, Medsen di mond.

Sitiasyon vyolans sa a tromatize epi kreye gwo twoub sikolojik ak lot malèz bò kote viktim yo ni bò kote lot moun nan sosyete a. Gen viktim ki menm konn rive touye tèt yo, genyen ki kouri kite peyi a.

Vyolans la twouble lekòl yo, li afekte ekonomi nasyonasl la tankou antrepriz komèsyal, antrepriz kap bay sèvis, antrepriz kap fè prodiksyon yo blije fèmen pòt yo. Anpil pwofesyonèl blije kite peyi a. Peyi etranje yo lonje dwèt sou Ayiti, yo mande natif natal yo pou yo kite Ayiti, kidi donk kesyon touris la pa ekziste nan peyi a ankò.

Kanta pou sektè enfòmèl ak gwo komès la, se anba redi yap kenbe anba vyolans kap vale teren, ki mete yo nan yon sitiasyon kè sote, kote yo anfas yon sitiasyon ki bije yo swa fèmen pòt magazen yo, ranmase ti komès yo jan anpil ladan yo deja fè sa oubyen aksepte pèdi tout sa yo posede.

Resous kita ka sèvi pou edikasyon, lasante, kreye travay nan peyi a, yo itilize yo pou achte zam lagè: gen plis pase 210 000 zam kap sikile nan peyi a pami zam sa yo gen 170 000 ki nan men sitwayen òdinè, pou sèvis sekirite (sepandan kesyon garanti sekirite nan sosyete a nwaye)

Ki sa nou vle Fè ?

Objektif Platfòm nan se pote kole ak tout fós nou, pou nou wè si nou ka pote kontribisyon pa nou antan ke enstitisyon pou diminye kesyon vyolans la, patikilyèman vyolans ame a ; nou vle :

– Sansibilize, mobilize, enfóme, prensipal sektè yo, sou
dimansyon ak koz vyolans la nan sosyete a, nan mennen bonjan envestigasyon epi pibliye rezilta envestigasyon sa yo ;
– enfliyanse prensipal gwoup ki aktif nan sosyete a, oblije yo patisipe aktivman nan lit pou fini ak vyolans nan peyi a.

– Fè pwomosyon epi apiye tout inisyativ ki vize yon estrikti legal o nivo nasyonal nan kad reglemantasyon tout zam kap sikile nan peyi a, nap apiye tou, tout inisyativ oubyen trete nan nivo enténasyonal ki la pou kontwole komès ak sikilasyon zam ki vize Ayiti.

Ki aktivite nap menen ?

Kanpay la ap dewoule sou 2 lane pi gwo aktivite nap fè yo ap chita sou twa (3) pwen: Pledwaye, Mobilizasyon Popilè, medyatizasyon.

I- Pledwaye

Nan nivo Nasyonal: nap fè pledwaye bó kote ofisyèl yo: Gouvènman an, lapolis, MINUSTAH, Nasyonzini, pou yon kad legal, pou yon vrè politik ki chita sou regilarize zam yo kit se sa ke yap vann kit se sa kap sikile yo. mete kanpe yon plan nasyonal dezameman, dezame tout gwoup ki gen zam ilegal nan men yo ,

Sou plan entènasyonal: Platfòm nan ap kontinye fè sansibilizasyon kont vyolans ame a, ak promosyon sou kesyon zam lejè ki gaye sou teren an. Jan Oxfam, IANSA, Amnesty International deja koumanse fè sa.

Pledwaye sa a vize gouvènman Ayisyen an Nasyonzini an patikilye pou yo ka adopte yon trete sou kesyon komès zam nan.

II-Mobilizasyon Popilè:

– Nap fè aktivite fòmasyon sivik ak kominotè,
– Nan fòme moun yo sou kijan pou yo transfòme konfli;
– Tabli bonjan estrikti kominotè ;
– Menen divès aktivite rekreyatif, nap bay jenn fanm ak jenn gason yon oryantasyon pwofesyonèl, nan bay yo konsèy pou yo mennen bon jan aktivite ekonomik nan kanton yo;
– Tabli kèk aktivite brase lide nan lokalite yo, kap enplike (kasèk, reprezantan komite katye yo, lidè relijye yo edikatè yo, vodouyizan yo, etc) ;
– Fòme jenn yo sou kek tèm tankou Daw Moun, Refòm nan zafè sekirite, transfòmasyon konfli, reyintegrasyon sosyal, reyabilitasyon viktim ak agresè yo;
– òganize konkou atistik tankou :(dans, teyat, pwezi,
mizik,penti, espotif etc.

III-Mobilizasyon nan Medya

– Nou deside travay men nan men ak medya yo;
– Nap difize tout enfòmasyon enpòtan espesifik sou pwoblematik vyolans la ak solisyon ki posib yo;
– Nap pare de kit kap gen ladan yo tout kalte enfòmasyon sou problematik vyolans la ak tou enfòmasyon ki lye ak kanpay la;
– Nap difize nan laprès tout dokiman, pozisyon nou pran yo, nap difize video klip, postè, espot nan radyo televizyon, avi nan jounal, nap moute dokimantasyon elatriye;
– Nap pibliye :Dokimantasyon ki gen arevwa ak vyolans ame nan peyi a ak tout foto;
– Nap mennen bonjan ankèt, nap fè etid pou apiye tout aktivite pledwaye a (dimansyon vyolans la, enpak vyolans la, enpak espesifik vyolans la sou ti moun, fanm, enplikasyon jenn yo, koz ak konsekans, wòl diferan aktè yo tankou :lapolis, MINUSTAH, nap fè rekomandasyon bay otorite yo sou kesyon diminisyon vyolans la) ;
– Bonjan repòtaj ap fèt sou aktivite atistik yo ;
– Nap fè bonjan echanj ak lòt peyi sou kesyon vyolans ame a.

Mèsi

Action Aid

APROSIFA

Kès popilè Sen Jera

KFS

Koz

Kozpam

Oxfam

PEJEFE

RNDDH

SAKS

SOFA