Aller au contenu

Pozisyon MODEP sou akò bizango Premye Minis Jera Latòti siyen ak chèf li, Juan Gabriyèl Valdès

Mouvman Demokratik popilè ap suiv ak anpil kòlè, divès mannèv k ap fèt pou mete peyi a anba yon titèl ranfòse. Depi fòs miltinasyonal la debake nan peyi a, nou te toujou kwè nan MODEP peyi a anba yon okipasyon. Nan moman sa a, anpil entèlektyèl liberal, teknokrat ak politisyen rat do kale te toujou vle fè kwè okipan yo la pou ede nou. Men, pratik gwo ponyèt fòs okipasyon miltinasyonal la nan peyi a te blije fè menm defansè okipan yo konprann nou anba yon okipasyon tout bon. Konpòtman gwo ponyèt MINUSTAH nan katye popilè yo ak wòl chèf okès l ap jwe nan pwosesis elektoral la montre aklè moun sa yo pa vin pou yo ede men pou yo kòmande.


Rezolisyon 1608 LONI an ak dènye akò Kòmandan MINUSTAH a, Juan Gabriel Valdès siyen ak premye minis Jera Latòti a se yon gwo prèv ki montre aklè volonte peyi enperyalis yo pou yo mete peyi a nèt anba ponyèt yo. Akò sa a fè nou kwè pwojè mete peyi a anba titèl la te la tout bon. Deklarasyon Valdès anvan eleksyon yo te klè sou kesyon sa a. Men, kòm eleksyon 7 fevriye a nan jan li pase a vin mete pwojè sa a nan difikilte, pisans enperyalis yo ap trase lòt chimen pou ateri pwojè titèl ranfòse a. Akò sa a sou wout konfime yon enfòmasyon nan lari a ki vle fè kwè ta gen fòs espesyalize nan lapolis la ki ta deja anba kontwòl anbasad ameriken. Kidonk, akò 22 fevriye a se youn nan chimen pou enperyalis la ateri an dousè pwojè titèl la.

Kisa akò sa a pote anndan vant li ?

Nan akò sa a premye minis la siyen ak kòmandan MINUSTAH a Juan Gabriel Valdès nan dat 22 fevriye 2006 nan Washington, yo mete polis nasyonal la anba kontwòl total MINUSTAH. Polis Nasyonal la pap gen dwa fè okenn operasyon san otorizasyon MINUSTAH. Selon akò sa a, okipan yo ap gen dwa pou yo antre nan nenpòt enstitisyon peyi a pou yo fouye nenpòt dokiman ki gen rapò ak polis la. Gouvènman ayisyen an, ni sa ki la a, ni sa k ap vini an pap kapab siyen okenn akò ak lòt peyi pou sa ki konsène pwofesyonalizasyon fòs polis la san li pa jwenn otorizasyon MINUSTAH. Sa vle di, menm otorite eli yo pap gen okenn pouvwa sou lapolis la. Si akò sa a pase, fòs demokratik ak pwogresis yo, mas yo an jeneral pral oblije tann otorizasyon MINUSTAH menm pou yo fè yon manifestasyon nan pwòp peyi yo.

Akò sa a pap pase, li pa gen dwa pase

Nan deklarasyon li fè nan laprès, premye minis lan deklare li pat gade sa ki te nan dokiman an anvan li te siyen l. Sa vle di chèf gouvènman an te annik di yès mistè blan epi li mete siyati li je fèmen anba dokiman lawont sa a. Si se ta vre, sa montre aklè ak ki lejète dirijan teknokrat yo ap jere peyi a. Si deklarasyon sa a pata vre, sa ta vle di, premye minis lan ta chwazi komèt yon krim ki pa merite okenn padon. Sa k pi grav toujou, premye minis lan siyen akò sa a apre eleksyon 7 fevriye yo, nan yon moman kote li pa gen okenn pouvwa pou li angaje peyi a nan wout sa a. Krim sa a merite bonjan pinisyon, Premye minis lan dwe al reflechi bò kote konpayèl li Yvon Neptin. Nan yon deklarasyon li te fè lè li te fèk debake nan peyi a, premye minis lan te deklare, li vin an misyon pou LONI an ayiti. Eske se misyon sa a ki kontinye ap akonpli ? Nan mouvman Demokratik popilè, nou kwè, kit se ta yon lejète, kit se yon chwa gouvènman an fè pou li konplote ak patwon l yo sou do peyi a, akò sa a pa gen dwa pase. Nan sans sa a, Mouvman Demokratik Popilè mande tout fòs demokratik ak pwogresis ki gen nan peyi a, pou yo leve kanpe kont akò sa a. MODEP pwofite okazyon sa a pou li mande ekip LESPWA a pran pozisyon piblik epi klè sou akò sa a.

Nan entèvansyon li fè nan laprès, premye minis lan di gen kèk atik nan akò a ki pa kadre ak konstitisyon peyi a. MODEP kwè gen plis pase sa. Se tout akò a ki pa konstitisyonèl, se okipasyon an menm ki pa konstitisyonèl. Kidonk, fòs pwogresis yo dwe leve kanpe pou mande anilasyon akò a ak depa fòs okipasyon miltinasyonal la nan peyi a. Mouvman Demokratik Popilè pa dakò pou okenn gouvènman ni sa ki la a, ni ekip Lespwa vin renegosye akò a. Kelkeswa moun ki ta vin mete siyati li anba akò sa a pi devan, MODEP ap konsidere li kòm yon moun ki asasinen dwa granmoun peyi a ak enterè fondalnatal mas popilè yo. Poutèt sa, MODEP mande pèp ayisyen an, mas popilè yo anpatikilye pou yo rete mobilize pou fòse palman k ap vini an voye akò sa a nan poubèl antan n ap batay jouk mayi mi pou Ayiti soti anba okipasyon. Menm jan mas yo te leve kanpe pou defann vòt yo, tout demokrat ki mèt tèt yo, sitwayen ak òganizasyon konsekan dwe leve kanpe ansanm ak mas yo pou defann dwa granmoun peyi a, pou konbat okipasyon ak aplikasyon plan neyoliberal la k ap plonje nou pifon nan depandans, ensekirite ak lamizè.

Aba akò bizango 22 fevriye a

Aba okipasyon, Aba lamizè

Viv yon pèp granmoun nan yon peyi granmoun

Pou MODEP:

Frantz Moïse

Guy Numa