Aller au contenu

Kèk aspè nan travay Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA)

  • SOFA

SOFA BRANCH FANM PEYIZAN

Branch fanm peyizan, se branch ki pi enpòtan nan SOFA parapò ak kantite fanm ki ladan li. Nou gen yon estrikti ki koresponn ak jan peyi a divize. Gwoup yo kòmanse tabli depi nan seksyon jouk onivo nasyonal. Nou gen kòdinasyon soti depi nan seksyon, nan komin, nan depatman, epi yon kòdinasyon branch la onivo nasyonal. Anndan branch la nou gen kòmisyon sou tout aks travay òganizasyon an chwazi yo.

Batay nou mennen sou diferan aks òganizasyon an, pèmèt nou travay direkteman ak yon seri aktè nan lokalite n ap viv la. Travay sa fè nou gen anpil valè kòm fanm ki òganize nan kominote nou yo.

Tout travay sa yo fèt gras ak fòmasyon nou resevwa.anndan òganizasyon an. Nan fonksyonman nou, nou fè reyinyon ak fanm yo daprè jan sa defini nan estati nou. Menm jan branch la gen plis manm, nou gen plis fanm peyizan ni nan nwayo òganizasyon an ki se direksyon òganizasyon an, ni nan asanble jeneral la.

Nan branch fanm peyizan, non sèlman nou travay anpil pou nou fòme tèt nou, nou mennen yon seri aktivite ekonomik ki pèmèt branch sa nan SOFA kenbe tèt li otomòm nan jan li fonksyone. Aktivite sa tou se yon siman ki kenbe nou ansanm, yon fason pou nou rankontre nan bon tan tankou nan move tan lè represyon an pi fò nan peyi a. Aktivite sa yo tou pèmèt nou rete makonnen ak kominote n ap viv yo paske nou bay yon seri sèvis pou tout kominote nou yo.

Kòm fanm peyizan nou kwè peyi pap kapab soti kote li ye a, si fanm ak gason nan tout kote nan peyi a pa òganize yo pou louvri je yo sou tout sa k ap pase nan peyi a. An menm tan tou nou dwe veye pou nou gen kontwòl sou kouman peyi a ap gouvène, pou nou pa rete dèyè kamyonèt la, ni pou nou pa tounen ti poul ki mare nan pye t ap gwo peyi yo.

Batay fanm yo patikilyèman fanm peyizan yo se yon batay ki dwe kontinye san pran souf pou kesyon relasyon pouvwa ant fanm ak gason nan peyi a, vin tounen yon relasyon san fòs kote. Menm jan tou, batay sa a, se yon batay pou nou pa rete sou kote pandan peyi a chita sou do nou, paske depi lendepandans kat la mal bat.
Parapò ak tout pikan kwenna batay fanm yo, patikilyèman batay fanm peyizan gen ladan li, lit sa a se yon lit k ap dire lontan ankò. Nap kontinye goumen, pou fè respekte dwa nou genyen pou nou viv yon lavi ak diyite nan yon peyi granmoun tèt li.

SOFA BRANCH FANM KATYE POPILÈ

MATISAN
Depi 1988 nou kanpe branch fanm katye popilè nan Matisan. Onivo fonksyonman nou, nou mete yon estrikti anndan branch la ki koresponn ak jan katye yo ye. Nou gen komite onivo katye yo epi nou gen kòdinasyon branch la ki la pou kòdone asanble branch la. Premye aktivite nou te genyen se yon pwogram alfabetizasyon pou nou te ka konn li ak ekri, anplisnou te gen yon pwogram nitrisyon ak kouti pou konbat pèpè ki te koumanse anvayi nou.

De (2) lane apre, an 1991 nou tonbe anba represyon koudeta anba men FRAP ak militè. Nan okazyon sa a, nou pwofite apati refleksyon ak fòmasyon nou te fè anndan òganizasyon an, pou nou rantre nan tout yon pwogram solidarite ak fanm viktim yo. Nou mache pòtapòt pou chache fanm ki te viktim yo paske yo t ap viv anba laperèz. Jounen jodia nan sant Douvanjou SOFA yo nou kontinye fè travay sa ak plis zouti nou jwenn nan fòmasyon ak esperyans nou pran nan pote solidarite bay fanm ak tifi.

Nan zòn Matisan, apati travay akonpayman nou te fè ak fanm viktim yo, nou te rive mete yon klinik espesyal pou fanm. Klinik sa a, anplis li bay swen pou fanm nan zòn nan, li se yon espas kominotè ki entegre lavi moun nan zòn nan. Apati leson kouti nou te jwenn yo nou vin mete yon atelye kouti. Jounen jodi a fanm nan zòn nan vin gen posibilite aprann yon metye, an men tan jwenn mwayen pou fè metye sa iltil yo ak tout fanmi yo.

Nan kad travay sansibilizasyon nou fè nan klinik la ak nan Sant Douvanjou a, nou fè ankadreman pou jèn yo sou prevansyon SIDA, gwosès prekòs, negosyasyon relasyon seksyèl… pou nou fè travay sa yo gen plizyè enstitisyon ki konn ban ou kout men.

Nan moman nap pale la, Matisan ap viv yon klima laperèz : sòti 20 out 2005 rive jounen jodia, fanm ansanm ak tout popilasyon nan Matisan ap viv ak anpil kè sote akòz 2 kan ki ap goumen san rete youn ak lòt. Sitiyasyon sa gen gwo konsekans sou travay nou nan zòn nan, sou lavi popilasyon an an jeneral ak sou lavi fanm yo espesyalman.

Se pou sa nap fè responsab yo konnen, pandan pifò moun nan peyi a rete tèt bese nan kesyon eleksyon, gen yon pakèt moun ki pran an otaj nan Matisan, genyen k ap mouri, genyen ki blese grav, ki pè pran lari pou yo pa fin touye yo nèt.Genyen fanm k ap viktim kadejak. Dosye sa se yon dosye ki paka tann, fòk yo aji sou li tout suit, pou libere popilasyon Matisan an, epi pèmèt zòn nan reprann lavi nòmal li.