Aller au contenu

Sitiyasyon Dwa moun nan Fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn

Rezo Binasyonal Jano Siksè(RBJS) k ap travay pou Pwomosyon ak Defans Dwa Moun sou fwontye a ant Ayiti ak Repiblik Dominiken ap pwononse l ouvètman sou gwo evenman k ap pase nan fwontyè 2 peyi yo depi kòmansman ane 2006 la. Anpil nan evenman sa yo lakòz gwo vyolasyon Dwa Moun, e menm fè moun pèdi lavi yo nan move kondisyon.


Evenman ki pase sou fwontè a nan mwa janvye 2006 la, ba nou kè sote, paske yo kapab mete relasyon pèp ayisyen ak pèp dominiken an danje, alòske nou tou lède, nou kondane pou nou viv ansanm sou ti zile sa a n ap pataje ansanm.

Nan kad travay obsèvasyon ak Defann Dwa Moun nan tout liy fwontyè a, Rezo a konstate fè sa yo:

– Nan dat 12 Janvye 2006, 24 Ayisyen mouri toufe nan kad yon trafik moun ki t ap fèt nan fwontyè Dajabon ak konplisite otorite dominiken kou ayisyen.

– Sòti premye pou rive 27 janvye 2006, selon rapò komite Dwa Moun nan Kas (komin Laskawobas), otorite dominikèn yo rapatriye plis pase 1500 (mil senk san) moun nan fwontyè Kas ak nan Wo Plato Santral, alòske fwontyè sa yo pa fwontyè ofisyèl.

– Nan dat 8 pou rive 10 janvye, dapre obsèvasyon komite Dwa moun Migèl ak Hondovalle fè, yo rapatriye plis pase 200 moun nan zòn Savanèt-Hondovalle. Anpil nan moun sa yo t ap viv nan zòn Hondovalle ak nan Kanyada depi plis pase 5 al pou 10 lane. Yo fòse yo kite tout byen yo te posede.

– Pou menm peryòd mwa janvye 2006 la, Komite yo konstate tou gen plis militè dominiken nan tout liy fwontyè a. Men malgre prezans sa a, trafik tout kalite pa sispann ant 2 peyi yo, patikilyèman komès moun nan.

Trafik moun nan fwontyè a reprezante yon gwo pwoblèm ni pou Ayisyen, ni pou Dominken. Trafik sal sa a, Rezo Binasyonal Jano Siksè(RBJS) konsidere l kòm yon krim, paske li lakòz moun mouri, moun domaje. Trafik sa a ki enplike boukonn Ayisyen ak boukonn Dominiken, jwenn konplisite Leta 2 peyi yo, ki pa pran pyès mezi serye pou frennen aksyon boukon kriminèl yo.

RBJS santi li atriste epi boulvèse devan lanmò 24 Ayisyen ki mouri toufe nan nuit 10 pou louvri 11 janvye 2006, nan yon kamyon ki t ap transpòte yo tankou machandiz pou pèmèt yo antre an Repiblik Dominikèn ankachèt. Moun sa yo mouri sou konsyans Boukonn Ayisyen ak Dominiken.

Rekòmandasyon

Fasa reyalite sa a, RJBS ap lanse yon rèl bay otorite nan 2 peyi yo pou yo pran yon seri mezi kont òganizatè vwayaj ilegal sa yo, epi aplike mezi sa yo prese prese.

Nou mande pou leta Dominiken bay esplikasyon sou lòt moun ki te nan machin nan, ki pa t mouri. Ki sa moun sa yo devni ? Ki temwayaj yo bay sou sa ki te pase a?

Rezo binasyonal la mande pou leta Domniken ak Leta Ayisyen rann jistis pou viktim yo ak reparasyon pou fanmi yo

Pou Leta Dominiken sispann pèsekisyon kont yon seri sitwayen Ayisyen k ap viv lakay yo depi lontan.

Pou leta Ayisyen fasilite sitwayen yo pou yo gen bon dokiman vwayaj pou yo pa al riske lavi yo nan vwayaj ankachèt ;

Pou leta Dominiken sispann rapatriye ak depòte sitwayen Ayisyen yo nan mitan lannwit ak nan zòn ki pa fwontyè ofisyèl yo. Pòs ofisyèl sou fwontye a pou rapatriye moun se: Dajabón/Wanament, Elias Piña/Beladè, Jimaní/Malpas, Pedernales/Ansapit.

RBJS ankouraje leta 2 peyi yo pou yo pran chemen dyalòg pou rezoud yon seri pwoblèm ki konsène fwontyè a ak 2 pèp yo. Se sèlman avèk dyalòg nou kapab rezoud pwoblèm yo san vyolans.


Rezo Binasyonal Jano Siksè, se yon òganizasyon ki fòme ak yon trantèn komite ki tabli nan zòn fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Li gen 5 lane depi l ap obsève ak defann dwa moun nan fwontyè 2 peyi yo. Li jwenn sipò nan men enstitisyon tankou GARR(Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye) ansanm ak Sèvis Jezuit pou Refijye ak Migran yo ki gen biwo li nan vil Santo Domengo ak nan Dajabon.

Kabral, pwovens Barahona, RD, 27 Janvye 2006

Komite Dwa Moun Savanèt

Komite Dwa Moun Hondovalle

Komite Dwa Moun Elyas pinya

Komite Dwa Moun Migèl

Komite Dwa Moun Kanyada

Komite Dwa Moun Loma de Cabrera

Komite Dwa Moun Wanament

Komite Dwa Moun Dajabon

Komite Dwa Moun Bèladè

Komite Dwa Moun Boka Tchika

Komite Dwa Moun Kapotiy

Komite Dwa Moun Sèlkado

Komite Dwa Moun Fonparizyen

Komite Dwa Moun Limon

Komite Dwa Moun Fonvèrèt

Komite Dwa Moun Kas/Lawòy

Komite Dwa Moun Banika

Komite Dwa Moun Bannann

Komite Dwa Moun Partido

Komite Dwa Moun Ferye

Komite Dwa Moun Las Rosas

Komite Dwa Moun Akildepen

Komite Dwa Moun Los Cerezos

Komite Dwa Moun Meyak

Komite Dwa Moun Restauración

Komite Dwa Moun Pedernales

Komite Dwa Moun Ansapit