Aller au contenu

Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen sètoblije retire kò l nan Platfòm Nasyonal Òganizasyon Peyizan Ayisyen (PLANOPA)

Tèt Kole, nan pratik batay chak jou li, toujou demontre, li pa janm dispoze danse kole, fè alyans, rantre nan Platfòm ak okenn òganizasyon peyizan malatchonn, okenn pati ak òganizasyon politik tradisyonèl, okenn òganizasyon tèt chat lavil tankou nan bouk ki bay tèt yo grad « popilè », ki gen move pratik epi ki pap batay nan sans enterè fondalnatal klas popilè yo ki anba dominasyon fyèl pete boujwa, grandon ak gwo peyi sousèt yo.


Anpil òganizasyon souflantchou sa yo gen pou objektif prensipal soutni pwojè ti gwoup boujwa reyaksyonè ak piyajè a, ki toujou mare sosis yo ak gwo peyi sousèt yo pou bwè san mas pèp la ak mas ti peyizan yo depi Lendepandans etan yo menm yo jwenn yon ti grabday. Reyalite sa a se yon reyalite ki rèd epi ki fè anpil dega, ki simen anpil konfizyon ak divizyon nan mitan mas pèp la.

Malgre reyalite malouk sa a, epi jan sa te di nan konferans pou laprès 6 jiyè 2005 la, lè prezantasyon piblik PLANOPA t ap fèt, « Anpil jefò te toujou fèt pou kreye plis Inite nan mitan sektè popilè yo nan ane ki pase yo. Nan sektè peyizan an, jefò sa yo pat janm pèmèt yon veritab inite menm lè gen anpil bagay kèk òganizasyon peyizan te toujou konn fè ansanm ».

Apre preske yon lane diskisyon, brase lide ant Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen, MPP/MPNKP, KPN, MOREPLA ak KROS sou posibilite kreyasyon yon platfòm òganizasyon peyizan pou « defann enterè fondalnatal peyizan yo nan tout sikonstans », 5 premye òganizasyon ki site yo te dakò mache nan lojik kanpe yon platfòm konsa.

Yon komite Pwovizwa te vin monte ak wòl pou al ride prepare règleman entèn platfòm la ak prepare yon pwogram aksyon. Yon Asanble Jeneral ki te reyalize sòti 15 rive 19 jen 2005 nan « Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan » ki nan lakou Papay vin chita baz kreyasyon PLANOPA.

Jan sa te ekri byen klè nan dokiman ki te distribye nan prezantasyon piblik 6 jiyè 2005 la, Tèt Kole te ride kanpe PLANOPA sou baz :

– Nou deside remobilize sektè peyizan an pou pouse revandikasyon nou yo pi devan, pou nou patisipe nan pwosesis chanjman sitiyasyon peyi a kòm sijè (aktè). Nou pa vle peyizan yo rete kòm objè (maryonèt, zonbi) ankò.

– Nou vle òganizasyon peyizan yo makònen fòs yo, fè Inite nan divèsite pou defann enterè klas peyizan yo fè pòv yo, defann enterè mas popilè yo, defann enterè peyi a.

– Nou vle kreye yon dizon peyizan ki dwe mare ak dizon lòt sektè popilè nan sosyete a pou nou travay ansanm nan konstriksyon yon sosyete kote tout fòm eksplwatasyon ak dominasyon disparèt nan peyi Dayiti. »

Tèt kole te toujou ap klewone nan tout peyi a atravè batay ak lit l ap mennen nesesite pou genyen yon estrikti nasyonal peyizan kote pou sektè peyizan an atravè òganizasyon l yo pou l rive konstwi yon fòs nasyonal solid pou mennen batay pou chanje move kondisyon lavi mas ti peyizan yo ap viv depi plis pase 200 lane ak patisipe yon fason byen òganize nan lit global k ap mennen pou chanjman total kapital peyi a.

Nan sitiyasyon okipasyon katchouboumbe peyi a plonje jounen jodi a konsyans Tèt Kole yon lòt fwa ankò te pèmèt li wè klè ki kalite ijans ki te genyen pou gen plis Inite nan mitan sektè peyizan an.

Tèt kole te gen yon moso garanti, malgre divèjans ki egziste nan mitan nou , ta kapab genyen yon inite pou defann kòz ak enterè ti peyizan yo.

Eksperyans Tèt Kole anndan PLANOPA, sòti jen rive novanm 2005.

Depi nan pa pòt la TK te toujou ap defann prensip kote chak òganizasyon manm Platfòm la, rete avèk dwa grandèt majè yo. Men sa pa vle di chak òganizasyon sa yo kapab fè sa yo vle, sa ki ta kapab antrave avni ak lavi PLANOPA ; sitou se pou 1e fwa yon inisyativ konsa t ap lanse nan sektè peyizan an.

Nou te gen dizon pou nou kontinye travay sou règleman platfòm nan ak sou yon pwogram aksyon detaye ki potko fin pare epi vote, etan nou t ap fè ansanm yon seri mobilizasyon nan baz òganizasyon nou yo.

Nan finisman mwa septanm 2005, kidonk mwens pase 4 mwa apre nou rive kanpe platfòm sa a pou n fè kòz ti peyizan yo vanse, nou menm nan Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen, nou santi nou vin pran yon gwo kout ponya nan do nan men dirijan MPP /MPNKP yo lè nou vin pran nouvèl gen yon alyans MPP/MPNKP, KONBA ak Chal Anri Bekè pou koze eleksyon. Anverite, lè Tèt Kole te aprann koze sa a nan bouch laprès nan Pòtoprens pa vwa Chavàn Jan Batis, lidè nimewo 1 MPP/MPNKP a, anverite nou te fremi, tout san nou te tresayi. Nou menm ti Peyizan Tèt Kole ki te fè anpil konsesyon pou ride kanpe epi antre nan platfòm PLANOPA a, nou te viv zak sa a tankou yon gwo gwo trayizon.

Nan dat 29-30 sektanm 2005, Kòdinasyon Nasyonal Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen (KNTK) ki rasanble delege ki sòti nan 8 depatman peyi a te reyini pou kalkile sou sitiyasyon boulvès peyi a nan konjonkti elektoral la epi te tou pwofite pran pozisyon kont alyans lèt ak sitwon, malfini ak poul sa a, yon « alyans » ant 2 klas ki pa kapab gen menm pwojè, ki pa gen menm kòz y ap defann, yon alyans ki kont refòm agrè, yon alyans pou sipòte pwojè neyo liberal la.

Nan dat 6 oktòb 2005, Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen pran yon pozisyon piblik epi klè sou sa. Nan pozisyon sa a, Tèt Kole deklare : li « … denonse ak tout fòs li alyans tout plim tout plimay k ap fèt sou do mas pèp la nan eleksyon degrenngòch fòs okipasyon yo ap pare pou fè nan peyi a. Jounen jodi a, politisyen rat do kale yo pa konnen kote pou yo mete kò yo. Se kous y ap fè pou montre kiyès ki pi tchoul pwisans enperyalis yo pase lòt. Sa k pi rèd, nou jwenn nan panye krab sila a menm gwo bwa Gwoup 184 ki fè plis pase 2 lane ap klewonnen pwojè nouvo kontra sosyal epi ki di yo pa dèyè pouvwa. Jounen jodi a, pwojè sila a demaske tèt li. Objektif reyèl pwojè Gwoup 184 la, se pou kase ren revandikasyon peyizan yo ak simen pikan kwenna sou chimen lit konsekan peyizan yo ak rès mas pèp la.

Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen kwè makònay MPP /MPNKP/KONBA fè ak Chal Anri Bekè kandida pou prezidan epi ki se reprezantan youn nan sektè boujwazi ki pi reyaksyonè nan peyi a, se youn nan alyans ki pi danjere pou enterè revandikasyon popilè yo. ….. » .

Tèt Kole defann pozisyon sa a anndan kòdinasyon PLANOPA kote li mande MPP/MPNKP kòm mouvman peyizan, apre anpil deba ak diskisyon, pou l pran posizyon piblik pou denonse alyans tèt chaje KONBA/Bekè a deske alyans sa a kont enterè pwòp manm MPP/MPNKP yo ak lòt manm òganizasyon peyizan ki nan platfòm lan epi tou kont enterè tout rès ti peyizan yo nan peyi a.

Tèt Kole te kwè denonsiyasyon piblik alyans danje sa a, ta ka yon kondisyon minimòn pou MPP/MPNKP rete nan PLANOPA. Si sa pa te ka fèt, MPP/MPNKP ta dwe kite PLANOPA pou pèmèt platfòm nan kapab reyalize misyon li.

Divèjans sa a bouyi anndan kòdinasyon PLANOPA epi li kreye anpil tansyon ak malèz. Nap fè konnen ,anndan kòdinasyon an, KPN ( Konbit Peyizan Nip) anpil fwa te fè tankou si li gen menm posizyon ak Tèt Kole tansdike RAKPABA/MOREPLA pa janm di yon mo nan tout deba yo, sa ki toujou rann delege TK yo pi mal alèz .

Alafendèfen, deske kòdinasyon pwovizwa platfòm nan pa ka tranche dapre prensip, Tèt Kole vin mande pou kòdinasyon an pote dosye a devan Asanble Jeneral PLANOPA.

Dezyèm Asanble Jeneral PLANOPA a te gen pou fèt Papay nan dat 2 ak 3 novanm men poutèt nouvo sitiyasyon sa a, kòdinasyon an vin deside fè l Chalon (nan Nip) sòti 17 rive 19 novanm 2005.

Se konsa , apre anpil vire tounen, pwoblèm prezans MPP /MPNKP nan PLANOPA apre alyans MPNKP/KONBA ak Bekè a pra l vin poze nan Asanble sa a. Deba a te plis fèt ant Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen ak MPP/MPNKP. Sètènman te gen patisipasyon KPN tou men sa k frape Tèt Kole plis, yon lòt fwa ankò, se silans RAKPABA/MOREPLA nan dosye sa a. Apre preske 2 jou brase lide sou dosye a Asanble Jeneral PLANOPA vin rive nan yon pwen pou l tranche.

Eske MPP/MPNKP dwe deyò oubyen eske li ka rete nan platfòm nan ?

Vin gen yon pwoblèm pou konnen eske se chak delege ki gen dwa vote oubyen eske se yon vòt pa òganizasyon deske modalite pou vòt fèt potko tabli anndan PLANOPA. Yon lòt fwa ankò diskisyon vin mare ant Tèt Kole ak MPP/MPNKP. Tet Kole te kore prensip vòt pa òganizasyon an deske se òganizasyon ki manm anndan PLANOPA se pa grenn moun. MPP/MPNKP soutni prensip vòt pa delege (vòt endividyèl). Nan gwo goumen se vòt endividyèl la ki fèt.

Sou 28 delege ak manm kòdinasyon ki te prezan, Tèt Kole te gen 5 manm sèlman, KPN te gen 5, RAKPABA/MOREPLA te gen 4 epi MPP/MPNKP te gen 14 delege. Sèl 6 delege sou 28 vote pou MPP/MPNKP kite platfòm la, pami yo 5 manm Tèt Kole yo. Te gen 4 bilten blan epi tout rès delege yo, konfime pa vòt, yo dakò pou kontinye feraye ak MPP/MPNKP nan PLANOPA.

Aprè vòt sa a, delege TK yo mande pou konsiyen nan rapò Asanble a Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen toujou kenbe pozisyon li pou MPP/MPNKP sòti nan PLANOPA. Delege TK yo fè konnen, apre yo fin enfòme tout enstans òganizasyon an, Tèt Kole ava fè konnen an piblik si li dispoze kontinye patisipe nan platfòm peyizan sa a.

Tèt Kole deside kite PLANOPA.

Eske nan yon sitiyasyon konsa Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen te kapab kontinye ap fè brase lide nan tout nivo, espesyalman nan nivo politik, andedan PLANOPA kote MPP/MPNKP ki fè alyans ak KONBA/Chal Anri Bekè prezan? Kesyon sa a te bay Tèt Kole gwo boulvès lè li kalkile ki kalte trayizon politik alyans depaman sa a reprezantan pou vansman batay peyizan yo .

Tèt Kole fè yon premye konsiltasyon limite ak baz li nan dat 10 desanm 2005 epi brase lide al fèt nan nivo divès federasyon yo. Finalman, apre yon konvokasyon ekstraòdinè Kòdinasyon Nasyonal Tèt Kole nan dat 14 ak 15 janvye 2006 , tout delege ki te prezan yo pran desizyon pou Tèt Kole retire kò l nan PLANOPA.

Tèt Kole ti peyizan Ayisyen toujou rete kwè nan nesesite ak ijans ki genyen pou sektè peyizan an rive òganize tèt li tout bon vre san demagogi kote tout òganizasyon peyizan konsekan ki nan 4 kwen peyi a , ki fè prèv yo nan menm liy batay dwe makonnen fòs yo, san jwèt koken ak kout mèt dam.

Tèt kole kwè nan konstriksyon yon Inite solid nan sektè Peyizan an atravè òganizasyon peyizan ki egziste yo men ki pa anba lobedyans ak lidèchip okenn grenn moun ak lòt òganizasyon depaman.

Fòs nou se òganizasyon solid nan mitan ti peyizan y ap eksplwate

Fòs nou se inite nasyonal peyizan san jwèt koken ak demagoji

Fòs nou se yon batay kolektif san trayizon

Fòs nou se mete kanpe Platfòm kap pote pwojè batay ti peyizan yo ak lit mas popilè a an jeneral

Pou Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen.

Rosnèl JEAN BAPTISTE , KN TK

Edmond SAINTIUS,
KN TK

Mercidieu MORANCY , KENP TK

Robert METAYER,
KENP TK

Alterpresse: Platfòm Nasyonal Oganizasyon Peyizan Ayisyen prezante tèt li bay piblik la, 6 jiyè 2005