Aller au contenu

Pozisyon Solidarite Ant Jèn/Veye yo sou grèv 9 janvye 2006 la

L’organisation SAJ Veye yo, tout en se prononçant contre l’insécurité, la montée des kidnappings qui affectent surtoout les secteurs populaires, se prononcent contre la grève du 9 Janvier 2005 convoquée parles organisations patronales


Nòt pou laprès

Pozisyon SAJ/Veye Yo sou mo dòd grèv 9 janvye a.

Menm jan ak anpil sektè sosyal nan peyi a, ensekirite a ban nou anpil tèt chaje nan SAJ/Veye Yo. Fason kidnapping nan ap devlope nan anpil rejyon zòn metwopolitèn nan montre aklè otorite lapolis pa rive kontwole fenomèn sa a. Kifè gang kriminèl ki tabli toupatou nan rejyon sa a ap bay kalinda. Men nou menm nan SAJ/Veye Yo nou denonse mo dòd grèv 9 janvye a, paske li anonse malè pou mas popilè yo.

Poukisa SAJ/Veye Yo denonse mo dòd grèv sa a?

1. Sektè ki lanse mo dòd grèv sa a pa janm montre okenn sansiblite pou mas yo. Chak fwa òganizasyon nan mitan pèp la leve kanpe pou reklame yon ti kras alemye pou mas yo, sektè sa a (Chanm komès ak tout lòt fraksyon nan boujwazi san koutya sa a) toujou kanpe ankwa sou chimen revandikasyon mas yo. Kote sektè sa yo te ye lè òganizasyon nan mitan mas yo t ap mobilize kont lavichè, kont ogmantasyon pri gaz la, elatriye. Okontrè sa ki te enterese yo se pou lavichè a kontinye pou yo fè plis benefis.

2. Pandan rezo kidnaping ap devlope toupatou nan zòn metwopolitèn nan, sektè sa a deside se nan site solèy, bèlè ak lòt katye popilè gang yo tabli. Nan sans sa a, yo pa gen okenn pwoblèm pou yo mande MINUSTAH al bonbade moun nan katye sa yo. Prezidan Chanm komès la tèlman klè sou pwojè sa a, li deja prevwa yon gwo pwogràm sosyal pou ede viktim ‘kolateral’yo. Kifè se nan sèl kontèks sa a sektè sa a ka anvizaje pwogràm sosyal pou mas pèp la. N ap fè sektè sa a sonje gen kidnapè nan mitan yo ki jwenn bon jan tretman nan men lapolis ak lajistis, jan sa pase nan dosye kidnaping ak disparisyon Natanayèl Jenelis.

3. Sektè sa a montre aklè li pa gen okenn pwoblèm ak okipasyon peyi a. Nou pa konprann kouman fè se Juan Gabriel Valdès y ap mande pou rezoud pwoblèm sekirite nan peyi a alòs lapolis se sèl fòs konstitisyonèl ki gen responsablite pou bay sekirite. Si sektè sa a gen pwoblèm ak jan MINUSTAH ap mennen bak li nan peyi a poukisa li pa gen kouraj pou mande pou li kite peyi a.

4. Sektè sa a pa di anyen sou sa ki kache dèyè modòd grèv sa a. Se sa ki enpòtan anpil pou nou konnen. Fòk yo di popilasyon an verite sa a. Sa nou deja konnen nan mas popilè a sa k ap kouve a pa nan enterè; nou okontrè l ap kont nou. Youn nan gwo leson pou nou tire sou mobilizasyon sektè sa a ak tyoul li yo, sou yon swadizan lit kont gang nan katye popilè yo, se yon pwojè pou fini ak katye popilè yo ki se prensipal kote ki kapab konteste epi reziste kont tout pwojè anti pèp, anti nasyonal.

Jan nou deja di li, ensekirite nan zòn metwopolitèn dwe bay tout aktè ki sansib ak kòz mas yo gwo tèt chaje. Konsa, jan yo abitye òganize yo pou kwape tout move je, li enpòtan pou abitan katye popilè pran dispozisyon pou monte bon jan brigad vijilans pou pwoteje katye yo. Fòk yo pran dispozisyon pou bay tout atoufè nan katye yo yon bwa long kenbe. Epi egzije lapolis pran responsablite l nan garanti sekirite chak grenn moun nan peyi a kelkeswa ran sosyal la.

Òganize nou pou defann tèt nou pou atoufè tout kalite pa fè ladènye sou nou.

Pèp ki wè klè pap reve je klè

Òganizasyon nan aksyon pou liberasyon Ayiti.

Pou Sekretarya SAJ/Veye Yo


Chal Lefèv