Aller au contenu

Kolektif Mobilizasyon Kont Lavichè: negosye ak gouvènman Chavez la

Pozisyon Kolektif Mobilizasyon Kont Lavichè sou konpòtman Gouvènman Ayisyen an devan òf gouvènman Chavez la fè nan dosye gaz la


Kolektif Mobilizasyon Kont Lavichè konstate ak anpil tristès kouman pwoblèm grangou, chomaj ak mizè pèp la pa vle di anyen pou gouvènman Bonifas/Latòti a. Sa fè plizyè mwa depi plizyè òganizasyon ak militan ki anndan Kolektif la ap mande gouvènman an pou l desann pri gaz la ak pri pwodui premyè nesesite yo sou mache a nan lide pou pèmèt mas yo rale yon souf. Malgre mobilizasyon ki fèt, gouvènman an kontinye koule beton nan zòrèy li pou l pa tande kri pèp la k ap rele anmwe kont lavichè. Poutan, lè se FMI ak Bank Mondyal ki pale, se avozòd kaporal.

Semèn ki sot pase la a, gouvènman Chavez la ofri bourad li bay payi a nan zafè gaz la nan lide pou pèmèt Ayiti achte gaz la pi bon mache sou mache lòtbò dlo. Gouvènman Bonifas/Latòti a pran pòz li bèbè epi soud devan pwopozisyon gouvènman Chavez la alòske Ayiti gen plis enterè pran gaz la nan men Venezyela.

Kolektif Mobilizasyon Kont Lavichè ap mande gouvènman Ayisyen an pou ki rezon li pa deside diskite ak gouvènman Chavez la sou pwopozisyon sa a. Eske se peyi enperyalis yo ki pa dakò ? Epi, si peyi enperyalis yo pa dakò, eske se paske òf sa a nan enterè mas yo epi depaman ak enterè kèk pati nan boujwazi a ?

Kolektif Mobilizasyon Kont Lavichè kwè Ayiti pa gen okenn enterè pèdi avantaj Venezyela ofri li nan zafè gaz la. Tankou nou tout konnen li, pri gaz la ki monte sou mache a lakòz sitiyasyon mizè a vin pi grav. Anpil paran pa ka bay pitit yo manje ak swen sante, anpil lòt pa ka voye pitit yo lekòl akoz pri lekòl ak pri kamyonèt ak taksi ki twò wo. Poutan, si Ayiti rive jwenn gaz la pi bon mache nan men Vezyela , se tout popilasyon an, sitou mas yo k ap kapab rale yon souf anba lavi chè.

Pou tout rezon sa yo, Kolektif Mobilizasyon Kont Lavichè, mande gouvènman an pou li fòme prese prese yon komisyon pou negosye ak gouvènman Chavez la sou zafè gaz la. Kolektif la mande tou pou komisyon sa a gen ladann reprezantan ouvriye ak peyizan ak tout lòt moun ki ka defann toutbon enterè mas yo.

Pandan l ap kontinye manifeste solidarite li ak pèp Venezyela a, Kolektif Mobilizasyon Kont Lavichè mande tout popilasyon an, sitou: ouvriye, peyizan, ti machann, etidyan, pwofesè, elèv … rete mobilize, tann modòd k ap vini yo pou nou fòse gouvènman an pran bonjan mezi pou desann pri manje sou mache a epi antre nan negosyasyon ak gouvènman Venezyela a sou zafè gaz la.
Aba lavichè! Aba plan lanmò neyoliberal la! Viv yon peyi granmoun!

Pou Kolektif la se:

Makenton Civilma

Jean Charles Evrard