Pou tout ayisyen gen dwa pou yo patisipe nan gesyon politik ak ekonomik peyi a, pou yo pwodui, manje, egzese dwa granmoun yo nan kesyon lamanjay
Rezime
Aprè batay peyizan yo te mennen nan lane 80 yo, pou voye diktatè Jan Klod Divalye ale, pou fè mouvman 90 la, revandikasyon peyizan yo jis jounen jodi a rete lèt fen sou papye.
Gouvènman newoliberal sa a atravè Minis agrikilti li a Filip Matye koupe sibvansyon angrè a epi jodi a yon sak angrè ap vann 1500 goud. Gouvènman Bonifas Latòti a chanpyon nan aplike dikta FMI ak Bank Mondyal, nan vann resous peyi a bay konpayi lòt bo dlo. Gouvènman sa a ak pwojè CCI li a, mete sou modèl eleksyon sa a, boykote yon fwa ankò mas peyizan yo.
Nou denonse sistèm politik newoliberal sa a ki mete a kote dwa peyizan yo genyen pou:
– patisipe aktivman nan jesyon politik ak ekonomik peyi yo
– pwodui manje popilasyon bezwen pou elimine grangou ak malnitrisyon
– garanti sekirite lamanjay dirab pou tout pèp la
– pou garanti kilti pèp nan zafè lamanjay
Nou di non ak tout manje pèpè, soulye pèpè, rad pèpè kap anvayi teritwa peyi Dayiti. Nou pa dakò ak Gouvènman kap pran lajan taks pèp la pou peye dèt la.
Nou egzige:
1. pou tout desizyon Leta yon mekanis ki pou pèmèt pèp la bay lide yo.
2. Gouvènman an mete T& S RICE SA deyò e sispann akò.
3. Gouvenman an preseprese bay ODVA mwayen pou al sove peyizan yo nan zòn Gran Salin ki kouvri totalman anba dlo.
4. pwogram sibvansyon angrè retounen ak pwogram pwodiksyon angrè òganik
5. plis lajan sòti anndan bidjè nasyonal pou al sipòte pwodiksyon nasyonal la.
6. lwa gran moun pou l ka defini pwòp modèl ak chimen devlopman li dwe swiv
Nan sikonstans sa a, nou mande tout moun yo pou:
1. kontinye lite kont transnasyonal yo, kont pwodui OGM yo, pou sove semans kreyol nou yo, pou pwoteje ak jere lanati, pou n sove agrikilti peyizan nan.
2. rete mobilize paske gwo pwisans yo ap itilize peyi a pou regle zafè yo
3. pote kole nan ede peyizan yo ak pwogram fòmasyon e refòm agrè entegre
4. konsome manje natifnatal.
5. konbat zon franch kap tabli sou tè ki dwe la pou pwodui manje.
6. pote solidartite yo bay mouvman popilè nan peyi amerik latin yo
Mobilizasyon sa a ki te òganize nan Lestè, depatman Latibonit ak sipò Platfòm Ayisyen kap Plede pou yon Devlòpman Altènatif (PAPDA) ak Mouvman Revandikatif Peyizan Latibonit (MOREPLA).
DEPATMAN LATIBONIT, LESTÈ , 16 OKTOB 2005
Pou tout ayisyen gen dwa pou yo patisipe nan gesyon politik ak ekonomik peyi a, pou yo pwodui, manje, egzese dwa granmoun yo nan kesyon lamanjay
Jodi a 16 oktok 2005 plis pase 2500 delege, manm òganizasyon peyizan, asosyasyon pechè, òganizasyon fanm, ouvriye agrikòl, chofè, machann diri, sendika, pwofesè, etidyan, òganisasyon sosyal, ki sòti nan 9 depatman peyi a, reyni nan Lestè nan okazyon jounen mondyal fanm kap viv nan zòn ki pi rekile yo (15 oktòb), jounen mondyal alimantasyon (16 oktòb) ak jounen mondyal batay kont mizè (17 òktob), pou òganize mobilizasyon nasyonal sa a sou Agrikilti an Ayiti e Pwojè Politik.
Mobilizasyon sa a ki te òganize nan Lestè, depatman Latibonit ak sipò Platfòm Ayisyen kap Plede pou yon Devlòpman Altènatif (PAPDA) ak Mouvman Revandikatif Peyizan Latibonit (MOREPLA).
Mobilizasyon sa a se yon rekonesans pou gwo jefò peyizan Latibonit ki regwoupe yo nan yon òganizasyon ki rele MOREPLA, malgre tout tribilisyon yap pase anba movèz desizyon politik Leta ayisyen nan aplike politik baryè lib, nan elimine taks ladwann yo dwe peye sou pwodui agrikòl yap rantre nan peyi a, nan bay konpayi ameriken tankou T & S RICE SA dwa pou li enpòte diri anpay, moulen nan peyi a, mete li nan sak epi vann sou mache nou an.
Gouvènman Bonifas Latòti a chanpyon nan aplike dikta FMI ak Bank Mondyal, nan vann resous peyi a bay konpayi lòt bo dlo. Jodi a lemond antye ap viv mizè pèp ayisyen pandan konpayi etranje ap fè milya dola vèt nan eksplwate richès peyi a gen anba lanmè.
Gouvènman sa a ak pwojè CCI li a, mete sou modèl eleksyon sa a, boykote yon fwa ankò mas peyizan yo.
Aprè batay peyizan yo te mennen nan lane 80 yo, pou voye diktatè Jan Klod Divalye ale, pou fè mouvman 90 la, revandikasyon peyizan yo tankou refòm agrè, kochon kreyol, patisipasyon, desantralizasyon, jistis, batay kont koripsyon, jis jounen jodi a rete lèt fen sou papye.
Ti espwa peyizan yo te genyen ak yon refòm agrè dwategòch ak yon sibvansyon angrè Gouvènman Japonè a te bay Leta ayisyen pou apiye pwdiksyon manje nan peyi a. Gouvènman newoliberal sa a atravè Minis agrikilti li a Agwonom Filip Matye koupe sibvansyon angrè sa a epi li pase l bay gwoup boujwazi li gen akwentans ak yo pou fè komès kote jodi a yon sak angrè ap vann 1500 goud.
Fanm ak gason ki prezan nan mobilizasyon sa a deklare yo kont okipasyon peyi Dayiti. Yo kont politik Zòn Lib Echanj nan Amerik la (ZLEA). Pou nou se yon nouvo zouti dominasyon enperyalis meriken an pou kontwole ekonomi, politik, kilti, sosyal eksetera… nan kontinan an.
Nou denonse sistèm politik newoliberal sa a ki mete a kote dwa peyizan yo genyen pou yo patisipe aktivman nan jesyon politik ak ekonomik peyi yo, dwa pou yo jwenn mwayen pou yo pwodui manje popilasyon bezwyen pou elimine grangou ak malnitrisyon, pou garanti sekirite lamanjay dirab pou tout pèp la, pou garanti kilti pèp nan zafè lamanjay.
Pou tout bagay sa yo :
1. Nou egzige pou tout desizyon Leta ap pran nan kad politik nasyonal ak akò entènasyonal, gouvènman an dwe mete mekanis ki pou pèmèt pèp la sitou peyizan yo, bay lide yo avan yo antre nan aplikasyon.
2. Nou di non ak tout manje Pèpè, soulye pèpè, rad pèpè kap anvayi teritwa peyi Dayiti
3. Nou mande Gouvènman an mete T& S RICE SA deyò e sispann akò ak konpayi kap eksplwate patrimwan peyi a genyen anba lanmè.
4. Nou pa dakò ak Gouvènman kap pran lajan taks pèp la, lè nou konsidere nan sitiyasyon malouk viktim inondasyon nan gonayiv yo, nan Fon vèrèt, nan Mapou ap viv epi ak machann kap pèdi machandiz yo nan mache kwabosal la, pou peye FMI, Bank Mondyal ak BID kòm dèt.
5. Nou mande pou Gouvenman an preseprese bay ODVA, ki preske pa itil anyen nan Vale, mwayen pou al sove peyizan yo nan zòn Gran Salin ki kouvri totalman anba dlo.
6. Nou mande pou pwogram sibvansyon angrè retounen, pou l jere ak patisipasyon gwo koperativ modèn nan Vale, pou demare yon pwogram pwodiksyon angrè òganik pou diminye depandans peyi a de pwodui chimik epi lite pou pwoteje anviwònman an.
7. Nou mande pou plis lajan sòti anndan bidjè nasyonal pou al kore travay peyizan ak al sipòte pwodiksyon nasyonal la.
8. Fòk peyi a gen lwa gran moun pou l ka defini pwòp modèl ak chimen devlopman li dwe swiv
Nan sikonstans sa a :
1. Nou menm peyizan nou dwe kontinye lite kont transnasyonal yo tankou T& S RICE SA, kont pwodui OGM yo, lite pou sove semans kreyol nou yo, lite pou pwoteje ak jere lanati, pou n sove agrikilti peyizan nan.
2. Na p lanse yon apèl preseprese bay tout òganizasyon peyizan nan peyi a, mouvman fanm yo, sendika, pwofesè elatriye pou rete mobilize paske gwo pwisans yo prensipalman Etazini, Lafrans ak Kanada ap itilize peyi a pou regle zafè yo
3. Nap mande konkou òganizasyon popilè yo, ONG (s) pwogresis yo pou pote kole nan ede peyizan yo monte pwogram fòmasyon edikasyon popilè, fòmasyon nan rechèch altènatif pou amelyore kondisyon lavi yo . Nou goumen pou gen yon refòm agrè entegre ki ka kontrekare politik newoliberal
4. Nap mande popilasyon an pou konsome manje natifnatal. Pou meprize pwodui lòtbòdlo yon fason pou bay jarèt ak pwodiksyon nasyonal la
5. Nou dwe fè yon feso ak moun Nodès ak potoprens pou konbat zon franch kap tabli sou tè ki dwe la pou pwodui manje.
6. Nou mande tout òganizasyon popilè yo pou pote solidartite yo bay mouvman popilè nan peyi amerik latin yo, espesyalman nan peyi Venezyela ak nan Kiba