Aller au contenu

Deklarasyon solidarité ak travaye peyizan nan Wanament ak ouvriyez et ouvriye nan Codevi

Nou menm òganizasyon ki sòti nan divès sektè nan lavi nasyonal la nou deside pote solidarite bay travayè peyizan yo retire sou tè yo tap travay nan Kakao, ak ouvriyèz ak ouvriye yap maltrete nan CODEVI nan komin Wanament. Nap rete mobilize pou akonpaye peyizan yo ak ouvriye yo nan batay pou defann dwa yo. Nap envite tout sektè nan peyi a pou yo founi je yo byen gade sa kap pase Wanament lan paske se menm pwogram sa a ki ap pare pou tout peyi a.


Nap raple sa fè plis pase 2 zan yon bann òganizasyon ap mobilize nan peyi a kont enstalasyon zòn franch yo nan plenn Maribawou. Konfli ki ekziste jodia se rezilta move chwa gouvènman Aristid ak Mejia te fè nan do e kont popilasyon Nòdès la.

Nap raple kèk eleman sou dosye zòn franch nan Plenn Maribawou an :

– Dezisyon pou mete kanpe yon zòn franch nan plenn Maribawou an fèt nan do lalwa nan vyolasyon dispozisyon Konstitisyon peyi nou an. Malgre sa Konstitisyon di, malgre sa Lwa sou zòn franch yo di jiskounye an kontra ki pase ant 2 Gouvènman yo se yon dokiman ki rete ankachèt.

– Desizyon sa a pran an vyolasyon dwa popilasyon tout peyi genyen pou yo asire sekirite lamanjay yo ak pou yo travay. Plenn Maribawou se yon plenn fètil ki pa janm sispann bay manje e ki kapab bay anpil moun manje nan peyi a si li byen amenaje. Izin pou fè rad bay anpil polisyon e riske kontamine tout dlo anba tè ke popilasyon Nòdès la itilize pou divès bezwen.

– Kote yo chwazi mete zòn franch lan se pou satisfè enterè biznisman dominiken ki rele Fernando Capellán ki te chwazi li menm zòn kote yap fè «  pwojè a.

– Malgre yon pwojè IFC nan Bank Mondyal finanse pou 23 milyon dola vèt jiskounye an kesyon dedomajman abitan ki pèdi tè yo poko fin klè.

– Pwojè zòn franch Maribawou a pwal gaye nan anpil rejyon nan Nòdès la e sou lòt zòn sou fwontyè a. Desizyon sa yo pran san Leta peyi nou an pa prepare okenn plan amenajman teritwa ki pèmèt bay resous depatman Nòdès valè nan benefis pitit rejyon sa a.

– Nou konnen nan anpil kote nan Karayib la zòn franch yo se zòn kote yo pa respekte dwa travayè e yo pilonnen ouvriye ak ouvriyèz

– Depi CODEVI koumanse mache genyen anpil konfli ant patwon yo ak ouvriyèz / ouvriye yo sou kesyon salè ak kondisyon travay

– Gad ki nan Lame dominikèn entèvni plizyè fwa sou teriwa peyi Dayiti pou maspinnen travayè ak travayèz ayisyen. Se lè gad dominiken te fin maltrete yon travayè ayisyen ke tout ouvriye ak ouvriyèz vekse te fè yon grèv nan finisman mwa fevriye 2004 la.

– Revokasyon abritè fè kenken depi izin nan ap fonksyone. Revokasyon sa yo vize pou anpeche ouvriyèz ak ouvriye defann dwa yo nan sendika.

– Salè yo peye a ba anpil, li pa pèmèt ouvriyèz ak ouvriye yo viv e CODEVI mande yon chaj travay ki wo anpil (1000 pyès pa jou)

– Dapre plizyè temwayaj yo administre de fòs yon vaksen yo di ki kont tetanos e ki pwovke plizyè avòtman.

Nou menm òganizasyon ki kanpe nan sitin sa a nou deside pote solidarite ak tout viktim Wanament yo e nap mande eske gen yon Leta nan peyi a. Fòk Gouvènman ranmase karakte li e fè aplike lalwa nan sa kap pase Wanament lan :

Nap ekzije :

1) Pou Gouvènman mete kanpe yon plan devlopman rejyonal pou depatman Nòdès ki fèt ak patisipasyon pwodiktè e ki bay resous zòn nan valè nan benefis pitit depatman ak kòz devlopman nasyonal la

2) Pou Gouvènman an revize kontra sou etablisman zòn franch lan kote li gade byen kesyon relasyon zòn franch sa a ak lòt sekte ekonomi peyi an. Revizyon sa a ap tabli pwovizwaman nan yon sitiyasyon eksepsyon jis Palman ayisyen va an kondisyon pou etidye ratifikasyon akò sa a.

3) Annatadan nap rekòmande fòmasyon yon komisyon nasyonal vijilans sou respè dwa travayèz ak travayè yo ak respè dwa anviwonman peyi an. Komisyon vijilans sa a dwe genyen ladann : Yon reprezantan Ministè Afè Sosyal, yon reprezantan òganizasyon dwa moun, reprezantan santral sendikal yo, reprezantan asosyasyon nan Wanament, reprezantan sekreteri deta anviwonman.

3) Pou Gouvènman an bay nasyon eksplikasyon sou prezans militè dominiken sou teritwa peyi nou an kote yo vin maltrete ouvriyèz ak ouvriye ayisyen

4) Fòk Gouvènman an ekspilse viteprese militè dominiken yo e mande direksyon GrupoM pou li chache lòt solisyon pou sekirite izin nan.

5) Fòk Gouvènman ayisyen dedonmaje tout travayè peyizan yo te mete deyò sou tè yo e ba yo yon lòt kote pou yo kontinye travay tè. Fòk gouvènman an sipèvize nan ki kondisyon plan konpansasyon sosyal Bank Mondyal finanse an ap egzekite nan zòn nan.

6) Fòk Gouvènman an fè envestisman kap pèmèt mete an valè potansyèl pwodiksyon tout plenn Maribawou an e veye pou sa kap fèt nan CODEVI a pa kontrarye lòt aspè nan plan devlopman rejyonal la.

7) Fòk Gouvènman an fè respekte diyite travayèz ak travayè ayisyen yo. Pa egzanp nan jwenn bon jan reparasyon pou fanm ki te donmaje nan kesyon vaksen an.

8) Fòk Gouvènman peyi a bay Ministè Afè sosyal mwayen pou li kapab ranmase dosye sa e fè respekte tout dwa travayèz yo ak travayè yo jan lalwa mande sa: (salè minimòm, dire jounen travay la, dwa pou moute òganizasyon sendikal, bon kondisyon lijyèn ak pwoteksyon kont aksidan travay, …)

9) Nou mande reentegrasyon touswit tout ouvriyèz ak ouvriye yo te revoke yo.